Doc IG

Doc IG 💊Medsen, Sitwayen, 🔥Fanatik foutbòl
Swiv mwen pou n aprann plis

21/05/2026

Fwa sa n ap Bon nan dezè an
🔥🔥

Sa k pase ant ou menm ak Doktè w, se yon sekrè ant 2, li tèks sa byen moun yo👌Lè yon moun malad oswa l ap soufri, li pa ...
20/05/2026

Sa k pase ant ou menm ak Doktè w, se yon sekrè ant 2, li tèks sa byen moun yo👌

Lè yon moun malad oswa l ap soufri, li pa vin pote yon kò ki fè l mal sèlman nan kabinè a. Li vin ak tout feblès li, kè sote l, ak tout sekrè lavi l ki pi entim. Nan moman sa a kote l santi l san fòs, sèl pi gwo plak pwotèj li genyen, se sekrè medikal la, antouka se sa l ta dwe ye.

Kabinè yon Doktè Se yon espas sakre. Se kote yon moun gen dwa mete dlo nan je l san l pa pè pou yo pa jije l, kote l ka rakonte sa l pa ka di pwòp fanmi l oswa zanmi l ki pi pre l.

Donk se sèl ou menm ak Doktè w ki dwe konnen l epi mèt linivè an😃
Nou dwe konprann sa byen : Tout sa yon pasyan rakonte anndan kat mi sa yo, se sèl linivè a ak Doktè a ki gen dwa konnen l.
Depi yon pasyan fin pale, mo sa yo pa soti deyò ankò. Yo rete kache nan yon bwat sekrè nan kè medsen an.

Anpil fwa ankò Pou yon doktè ka byen trete w, fòk ou ka di l tout verite a san gade dèyè. Konfyans sa a se premye medikaman an. Si yon pasyan pè pou sa l di a pa gaye nan lari, li pap ka pale nèt, epi lasante l ap an danje.

Pou yon doktè, pwoteje sekrè w se pa sèlman yon lwa nan travay li, se yon pwomès solanèl li fè ak konsyans li pou l respekte diyite w kòm moun. (Serment d'Hippocrate)

Sofke pafwa lalwa ak etik medikal prewa kèk eksepsyon trè presi kote doktè a oblije oswa gen dwa pale.

Poukisa anpil moun nwa konn fè tansyon wo pi bonè ?➡️Depi lontan, doktè ak Syantifik remake yon bagay ki tounen yon gwo ...
20/05/2026

Poukisa anpil moun nwa konn fè tansyon wo pi bonè ?➡️

Depi lontan, doktè ak Syantifik remake yon bagay ki tounen yon gwo kesyon nan medsin. anpil moun ki gen orijin afriken konn devlope tansyon wo pi bonè, epi pafwa pi grav, pase lòt gwoup moun.

Sa pa vle di yon moun destine pou fè tansyon paske li nwa. Men plizyè etid montre gen kèk faktè ki fè risk la pi wo.

Genyen yon pati jenetik ladan l. Pa egzanp, anpil moun nwa gen yon kò ki kenbe sèl ak dlo pi fasil. Lè kò a kenbe twòp sèl, presyon san an monte pi fasil. Se youn nan rezon ki fè twòp sèl nan manje ka pi danjere pou kèk moun.

Men jenetik sèlman pa eksplike tout bagay la.

Fason n ap viv jodi a jwe yon gwo wòl tou :
manje ki gen anpil sèl ak grès
estrès chak jou
mank dòmi
mank aktivite fizik
obezite
🚬 alkòl ak sigarèt

Tout bagay sa yo ka fè tansyon monte pi vit.

Pi gwo pwoblèm nan se ke tansyon wo souvan pa bay siy nan kò a. Ou ka santi w nòmal pandan l ap fè dega dousman nan :
kè a,sèvo a,ren yo,je yo

Se poutèt sa yo rele l “asasen an silans”.

Anpil jèn jodi a ap dekouvri yo gen tansyon wo pandan yo poko menm rive 30 oubyen 40 an. Sa montre enpòtans prevansyon an.

Miss mwen reponn li non!🫨
19/05/2026

Miss mwen reponn li non!🫨

19/05/2026

Èske trètman an ka rann ou malad, oubyen se sove l ap sove lavi w? 🤔 Anpil moun panse depi yo kòmanse bwè medikaman pou tansyon, se lè sa a yo vin malad nèt. Men, èske se vre?
Tansyon wo se yon pwoblèm an silans. Dekouvri verite ki kache dèyè mit sa a nan videyo a!

19/05/2026

Rimè oubyen IA( entèlijans atifisyèl), se trè posib! Men m te vle raple nou ke Se pa yon mal si n wè yon fanm ak bab, istwa a gen anpil ladan yo. Kounye a, yo pa pale de SOPK (Sendwòm Ovè Polikistik) ankò li gen yon lòt non Amelyore. Mete non an nan kòmantè yo!

🇭🇹 18 Me Bòn Fèt Drapo Ayiti ! 🇭🇹 Happy Haitian Flag Day! Drapo nou se fyète nou, se memwa zansèt yo ki te goumen pou li...
18/05/2026

🇭🇹 18 Me Bòn Fèt Drapo Ayiti ! 🇭🇹 Happy Haitian Flag Day!

Drapo nou se fyète nou, se memwa zansèt yo ki te goumen pou libète ak diyite.
Malgre tout difikilte, Ayiti toujou kanpe ak fòs, kouraj ak espwa.
❤️💙 Ann selebre koulè nou yo avèk lanmou ak inite.
Yon sèl pèp, yon sèl drapo, yon sèl Ayiti !

↕️
Our flag is our pride, a reminder of the ancestors who fought for freedom and dignity.
Despite every hardship, Haiti continues to stand with strength, courage, and hope.

❤️💙 Let us celebrate our colors with love and unity.
One people, one flag, one Haiti! 🇭🇹

18/05/2026

Jounen Mondyal Tansyon Wo (HTA) fèt chak ane nan dat 17 Me. Ann sansiblize piblik lan sou sa.
Gen yon 3e epizòd sou maladi Tansyon wo an ki dèyè .

18/05/2026

Jodi 17 Mai an se te jounen Mondyal Maladi Tansyon wo HTA!

🚨🙏🏽 MESAJ SOLIDARITE 🙏🏽🚨Tanpri ede nou fè mesaj sa pase tout kote. Jodia se ti moun sa a ki bezwen èd nou, men demen sa ...
16/05/2026

🚨🙏🏽 MESAJ SOLIDARITE 🙏🏽🚨
Tanpri ede nou fè mesaj sa pase tout kote. Jodia se ti moun sa a ki bezwen èd nou, men demen sa ka yon moun pa nou. 💔

👶 Jean Kiara Anaya gen sèlman 6 mwa, li fè operasyon depi 9 jou e li bezwen SAN B+ an ijans pou kontinye goumen pou lavi li. Chak pataj, chak mesaj, chak moun nou kontakte kapab ede jwenn yon donatè. ❤️

Nou pa bezwen rete endiferan devan doulè yon timoun. Ann mete fòs nou ansanm pou bay ti bebe sa a kèk jou anplis, kèk souri anplis, kèk espwa anplis. 🙏🏽

📍 Hôpital ACEBED, Morne Rouge
📞 40025631 / 42094287

🤝🏽 STAFF : pay_promo_509

Tanpri pataje mesaj la sou WhatsApp, Facebook, Instagram ak tout kote nou kapab. Yon sèl pataj kapab sove lavi li.
-rouge

Address


Telephone

+50931580089

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Doc IG posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Doc IG:

  • Want your business to be the top-listed Media Company?

Share