Ekip Laria Ekip Laria C'est Le Prouvoir, De Servir De Porte-Voix Aux Sans Voix

Flash! Byen bonè maten lendi 27 oktòb 2025 lan,se bon pye Leslie Voltaire ki sove l nan kan moun solino yo sou boudon an...
27/10/2025

Flash! Byen bonè maten lendi 27 oktòb 2025 lan,se bon pye Leslie Voltaire ki sove l nan kan moun solino yo sou boudon an pandan l te pote kèk grenn diri pou yo. Pandan li te al fè politik sou mizè moun yo,ebyen popilasyon an deklare se lakay yo pou yo retounen,se solino yo alèz lakay yo.
Daprè enfòmasyon nou resevwa se vijilans polisye ki te avè l yo ki fè l pa pran plizyè kout boutèy.

27/10/2025

Bonjour tout le monde ! 🌟 Vous pouvez me soutenir en m’envoyant des Étoiles - elles m’aident à gagner de l’argent, ce qui me permet de créer du contenu que vous appréciez.

Chaque fois que vous voyez l’icône Étoiles, vous pouvez m’envoyer des Étoiles !

25/10/2025

Ekip Laria

𝐄𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧|| 𝐀𝐫𝐞𝐬𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐉𝐚𝐜𝐪𝐮𝐞𝐥𝐢𝐧 𝐞𝐧𝐬𝐢 𝐤𝐨𝐧𝐢 𝐤𝐨̀𝐦 𝐦𝐚𝐧𝐛 𝐛𝐚𝐳 𝐤𝐨𝐤𝐨𝐫𝐚𝐭 𝐬𝐚𝐧 𝐫𝐚𝐬 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐢 𝐛𝐰𝐚𝐝𝐨̀𝐦.Sete Madi swa Lapolis nan komi...
25/10/2025

𝐄𝐧𝐟𝐨̀𝐦𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧|| 𝐀𝐫𝐞𝐬𝐭𝐚𝐬𝐲𝐨𝐧 𝐉𝐚𝐜𝐪𝐮𝐞𝐥𝐢𝐧 𝐞𝐧𝐬𝐢 𝐤𝐨𝐧𝐢 𝐤𝐨̀𝐦 𝐦𝐚𝐧𝐛 𝐛𝐚𝐳 𝐤𝐨𝐤𝐨𝐫𝐚𝐭 𝐬𝐚𝐧 𝐫𝐚𝐬 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐢 𝐛𝐰𝐚𝐝𝐨̀𝐦.

Sete Madi swa Lapolis nan komin gwomòn arete Jacquelin ensi koni kòm Moun ki fè pati baz kokorat san ras tibwadòm nan.

Mesye Sila konn jwe wòl antèn pou baz la nan zòn grepen,menm towo sa toujou ap veye kilè lapolis pase et kilè yo retounen Poul ka rele chèf yo poul di sa.

Aprè Arestasyon li lapolis te oblije fouye telefòn Jacquelin kote yo jwenn li te menm voye mande yon gwo zam Poul kanpe sou mòn forè a Poul ka tire sou polisye Nou yo domaj pou misye sa pat gentan rive fèt.

Pou kounya Jacquelin akonpanye de Lucson dejanan vil Gonayiv pou lòt swit yon.

Fòk Nou di plizyè atak ap prepare pou komin gwomòn nap mande ak polisye yo rete vijilan ak Moun gwomòn.

M'en ti towo ki rele   a
25/10/2025

M'en ti towo ki rele a

Enfo Frèch ||𝐄𝐧𝐬𝐞𝐤𝐢𝐫𝐢𝐭𝐞 || 𝐋𝐚𝐩𝐨𝐥𝐢𝐬 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐦𝐢𝐧 𝐠𝐰𝐨𝐦𝐨̀𝐧 𝐚𝐫𝐞𝐭𝐞 𝐋𝐮𝐜𝐬𝐨𝐧 𝐤𝐢 𝐭𝐚 𝐟𝐞̀ 𝐩𝐚𝐭𝐢 𝐠𝐰𝐨𝐮𝐩 𝐠𝐚𝐧𝐠 𝐤𝐨𝐤𝐨𝐫𝐚𝐭 𝐬𝐚𝐧 𝐫𝐚𝐬 𝐥𝐚 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐢 𝐛𝐰...
23/10/2025

Enfo Frèch ||𝐄𝐧𝐬𝐞𝐤𝐢𝐫𝐢𝐭𝐞 || 𝐋𝐚𝐩𝐨𝐥𝐢𝐬 𝐧𝐚𝐧 𝐤𝐨𝐦𝐢𝐧 𝐠𝐰𝐨𝐦𝐨̀𝐧 𝐚𝐫𝐞𝐭𝐞 𝐋𝐮𝐜𝐬𝐨𝐧 𝐤𝐢 𝐭𝐚 𝐟𝐞̀ 𝐩𝐚𝐭𝐢 𝐠𝐰𝐨𝐮𝐩 𝐠𝐚𝐧𝐠 𝐤𝐨𝐤𝐨𝐫𝐚𝐭 𝐬𝐚𝐧 𝐫𝐚𝐬 𝐥𝐚 𝐧𝐚𝐧 𝐭𝐢 𝐛𝐰𝐚𝐝𝐨̀𝐦.

Lendi swa nan lè 8h konsa lapolis nan komin gwomòn arete Lucson selon enfòmasyon yo ki fè pati gwoup gang kokorat san ras la ki nan zòn ti bwadòm.

Selon enfòmasyon ke nou genyen ta saanble Lucson se li menm ki te kondi moto pou mesye bandi yo nan moman yo te vin touye Baknav ak lòt jèn gason an nan zòn nan paykann anba dlo rivyè mansèl nan menm moman sa bandi yo te desann ak yon sèten de Jacky kote yo te touyel lè yo rive nan baz la.

Toujou selon enfòmasyon yo Jen gason sa ta sanble patisipe nan boule lopital trikòt la ki tap d'essai tout moun nan 4ème seksyon an lakil.

Pou kounya Lucson ap reponn kesyon lapolis kote menm telefòn li pat vle bay polisye yo.

Flash: 🚨‼️ Dapre Afidavi pou Manda Arestasyon, Mendel Raphael, alyas “Mendel_tou_lumen”, Depite nan Orange County Sherif...
23/10/2025

Flash: 🚨‼️ Dapre Afidavi pou Manda Arestasyon, Mendel Raphael, alyas “Mendel_tou_lumen”, Depite nan Orange County Sheriff’s Office esplike kouman Mendel Raphael, yon enfliyansè TikTok, ta sèvi ak rezo sosyal pou menase piblikasyon foto entim yon fanm pou li jwenn lajan.

Selon afidavi a, tout bagay kòmanse lè viktim nan te kite yon relasyon li te genyen avèk yon endividi ki rele Jameslee Fleurand.

Apre separasyon an, li di li te kòmanse sibi presyon pou l peye $3,000 pou foto ak videyo prive li pa ta gaye sou entènèt la. Se la non Mendel Raphael antre dirèkteman nan dosye a.

Afidavi a fè konnen, sou kont TikTok li “Mendel_tou_lumen”, Mendel Raphael te pibliye videyo kote li pale de viktim nan, li montre foto li, epi li fè deklarasyon ki implique li gen videyo prive sou li. Nan premye videyo a, li di li gen dosye sou viktim nan, li poko voye li bay “bloggers”, men li konseye li kontakte li rapidman si li pa vle bagay yo gaye piblik.

Nan dezyèm videyo a, afidavi a esplike ke Mendel Raphael vire kamera telefòn li pou montre imaj viktim nan sou Instagram, pandan li rele li “bèt” epi li fè kòmantè sou lavi seksyèl li. Li ensiste ankò: si viktim nan pa “negosye”, foto ak videyo yo ka pibliye.

Depite a di l te itilize yon tradiktè kreyòl pou konprann tout detay videyo yo, paske Mendel te pale an kreyòl dirèkteman ak piblik li a.

Sa yo di nan dosye a pa t sèlman pawol, lapolis jwenn tou prèv ke nimewo telefòn Mendel poste sou TikTok li a.

Afidavi a ale pi lwen. Li montre ke Mendel Raphael pa t pou kont li. Lapolis kwè li te nan konplo ak Revenel Pauleus ak Jameslee Fleurand, kote youn ta voye mesaj mande lajan, epi Mendel ta sèvi ak TikTok pou fè presyon piblik ak pèsonèl. Yo jwenn tou ke Mendel pataje menm adrès ak youn nan moun sa yo nan New York.

Se sou baz tout prèv sa yo, videyo TikTok yo, mesaj yo, nimewo telefòn yo, ak idantifikasyon li ke Jij Elizabeth J. Starr siyen mandat arestasyon an kont Mendel Raphael pou Ekstòsyon, Konplo Krim!nèl, ak St@lking.

Men malfeketè Minis afè sosyal ki deside bloke fondasyon Frè Luckson zòn pa fè Moun nan.Georges Wilbert Franck fèmen pòt...
16/10/2025

Men malfeketè Minis afè sosyal ki deside bloke fondasyon Frè Luckson zòn pa fè Moun nan.

Georges Wilbert Franck fèmen pòt ofelina frère Luckson lan paske yo pa rive antann yo sou yon pwen ki senp. Georges Wilbert Franck di frère Luckson poul di kel resevwa manje nan men Leta Pou timoun yo pandan frère a pa resevwa manje, nan yon entèvyou frère Luckson dil pa resevwa anyen pou sa nèg yo deside pa renouvle papye pou ofelina fonksyone.

Flash : Lapolis komin kay jakmel mete anba kòd Jean Rosny alyas Dja 39 lane , pou vòlè kokoye sou plaj Remon .Selon sa m...
14/10/2025

Flash : Lapolis komin kay jakmel mete anba kòd Jean Rosny alyas Dja 39 lane , pou vòlè kokoye sou plaj Remon .

Selon sa moun nan remon rapòte , Jean Rosny alyas Dja dechèpiye preske tout ti kay machann yo sou plaj la .
Lapolis fè konnen , prezime vòlè a te gen plizyè plent kite depoze kont li pou menas lanmò ak asosyasyon malfektè , lite chire yon envitasyon komisè Clément Jetho Jouloute .
Pou kounye a , Jean Rosny alyas Dja twouve l nan gad avi pou swit legal , ki fè prizon deja selon enfòmasyon yo.

Endereço

Rua Voluntario Cicero Lamartine Da Silva Leme
Bragança Paulista, SP
12910310

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Ekip Laria posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Compartilhar