Adelande Israel Louis

Adelande  Israel Louis Apaixonada pela área de saúde,gosta de música. Toujou prè pou ede ,san gade kiyes .

10/08/2026

#8 lá Mezanmi voyel pou nou svp

👶🏽 Kijan pou ekri pedyat tibebe w la lè li malad?Lè tibebe w la pa byen, li enpòtan pou w bay pedyat la enfòmasyon ki kl...
09/08/2026

👶🏽 Kijan pou ekri pedyat tibebe w la lè li malad?

Lè tibebe w la pa byen, li enpòtan pou w bay pedyat la enfòmasyon ki klè ak presi. Sa ede li konprann sitiyasyon an pi byen epi konnen ki konsèy pou l ba w.

Di sa tibebe a genyen
Eksplike sentòm ou remake yo.
Egzanp: lafyèv, tous, nen bouche, vomisman, dyare, li pa vle manje, li pa dòmi byen, elatriye.

2️⃣ Di depi kilè sentòm yo kòmanse
Pa sèlman di “li malad depi kèk tan.”
Bay kantite jou oswa lè sa te kòmanse.

📝 Egzanp:
“Li kòmanse gen lafyèv depi yè swa.”
“Tous la kòmanse depi 3 jou.”

Di sa ou deja fè oswa bay li
Fè pedyat la konnen si ou te deja bay nenpòt medikaman oswa si ou te eseye yon lòt bagay pou ede tibebe a.

📝 Egzanp:
“Mwen te ba li sa doktè a te deja rekòmande pou li.”
“Mwen te eseye netwaye nen li avèk saline.”

Paran, sonje:Lè w ap ekri pedyat la, pa voye sèlman “Doktè, tibebe mwen malad.” Bay sentòm yo + depi kilè yo kòmanse + sa ou deja fè + kijan timoun nan ye jodi a.

Sa ap ede pedyat la jwenn yon pi bon ide sou sitiyasyon an epi reponn ou pi efikasman

03/08/2026

Olá guys !Fizyoterapi pandan gwosès se yon bon desizyon, li fè pati bon swen obstetrik la.

Fizyoterapi edew
Soulaje doulè nan do, ranch ak basen.
Ranfòse misk ki sipòte gwosès la.
Amelyore pwèstans ak balans.
Prepare kò a pou akouchman.
Diminye risk pou kèk konplikasyon ki gen rapò ak doulè oswa mouvman.
@ [912839564180741:49210:]

Ki premye fraz tibebe w la te repete? Epi kijan ou te reyaji apre daJwèt pou nou Manman yo
03/08/2026

Ki premye fraz tibebe w la te repete? Epi kijan ou te reyaji apre da
Jwèt pou nou Manman yo

27/07/2026
Kenbe tibebe w la anpil pa vle di w ap gate l, jan anpil moun konn di a. Okontrè, se yon fason pou w kreye yon lyen ki p...
19/07/2026

Kenbe tibebe w la anpil pa vle di w ap gate l, jan anpil moun konn di a. Okontrè, se yon fason pou w kreye yon lyen ki pi solid ant ou menm ak tibebe w la.

Tibebe w la santi l an sekirite lè w kenbe l nan bra w. Menmsi li pa nan vant ou ankò, li toujou santi se ou menm ki tout linivè li. Nan je l, nou toujou fè yon sèl.

💛 Renmen l, karese l, epi kenbe l san pè. Se lanmou sa a k ap ede l grandi ak konfyans ak sekirite.


05/07/2026

Endereço

Chapecó, SC
89809835

Telefone

+49984184757

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Adelande Israel Louis posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Atalhos

Compartilhar