13/11/2025
Yon esperyans ki make enpòtans jwèt TOUKAY nan kilti ayisyèn lan nan lakou Brezil. (Jacqueline Doresthn ak yon kolèg kap esperimante jwèt toukay nan foto pòs la).
Jwèt sa gen lòt non nan peyi afriken yo kote yo relel Warri, Bancala. Men nou kenbe menm ti non pa nou an TOUKAY, kote mw patisipe nan yon pwojè akademik nan fakilte ke map fè yon gradiyasyon nan kou MATEMATIK, kote mw te wè li enteresan vini ak jwèt sa ki manifeste yon seri de abilite lakay moun ki jwe jwèt sa kòm: konte, planifye, atansyon, mouvman sekansyèl nan moman yon jwè ap distribiye grenn nan twou yo ki bay konsekans a genyen ou pèdi nan jwèt la.
Nou tout ki konn jwe jwèt sa konnen objetif la se bat pou ou ranmase plis grenn ke advèsè a, se pa sa?
Ebyen ann bay valè ak sa nou genyen kòm kilti, pa kite yo ale konsa paske ti jèn kap vini yo ap bezwen yo.