TiKoze Cho Tikoze Cho
Media communautaire créole dédié aux échanges, a l'information et aux sujets qui touchent la vie quotidienne .

-Informer
-Sensibiliser
-Rassembler

01/03/2026

Otorite Ayiti se pa moun pou fè konfyans. Pou enterè mesken yo kapab kite'w pouri nan prizon. Shelson Sanon ap esplike sa ansyen DG PNH lan fè li, Rameau Normil.

01/03/2026

Peyi a malad jis nan zo. Dwa timoun nan prizon pa respekte. Oganizasyon dwa moun nan peyi Dayiti ak oganizasyon entenasyonal pran ka timoun nan prizon yo pou fè kapital ekonomik yo. Kilè ayisyen ap di Ola fas ak deriv sa yo??

27/02/2026

Timesye bandi ak sapat yo pa deside bay vag. Yo kontinye ap seme tèrè nan mitan popilasyon sivil lan.

23/02/2026

Mac-D reponn tout moun ki vle sal non li ak dosye li se masisi a. Sil pa soti nan silans li moun yo ap panse li se masisi vre. Bagay yo soti pou melanje nan men atis la.

21/02/2026

Dosye politik peyi Dayiti se koze ras Caïn k'ap jere ladan. Se yon kesyon chyen manje chyen. "Retire kò'w ban'm mete kò'm" se meyè melodi ki travèse espri politisyen ayisyen.

19/02/2026

Separasyon Ex premyè dam Michèle Bennett ak mari'l, Jean Claude Duvalier, pat yon istwa ki senp. Se gro konplo ki tap manniganse sou do yo depi République Dominicaine ki pèmèt separasyon yo. Lavi premyè dam lan ak pitit li te mennase nan peyi la France.

17/02/2026

Eske ansyen prezidan Jean Claude Duvalier ansanm ak madanm li, Michèle Bennett, te pran ekzil ak lejan peyi Dayiti 7 fevriye 1986 vre?

Ebyen Ex premyè dam Michèle Bennett pote repons ak manti sa depi plis ke plizyè deseni y'ap fè sou do'l ak ansyen mari'l.

17/02/2026

Gen ayisyen dorijin ki reyèl toujou. Doktè Berthude Albert fè gro jès ak timachann okap yo, ki te viktim nan ensandi mache a. 30.000 dola us,.400 dola us pou anviwon 70 timachann. Sa se yon jès lourab ki merite aplodi.

17/02/2026

Temwanyaj Ex premyè dam Michèle Bennett, madanm Jean Claude Duvalier, di Bebi dòk.

17/02/2026

Gang ak sapat kraze kanaval pèp lan sou Champ de Mars anba kout bal. Lavi ayisyen enposib tout jan. Menm pou defoule nan peryod kanaval lan se kazi enposib pou ti pèp la. Koze yo anpil sou bout tè papa Dessalines la.

16/02/2026

Ex premyè dam Michèle Bennett, ansyen madanm ex prezidan Jean Claude Duvalier, deside pale sou depa rejim Duvalieriste lan 7 fevriye 1986. Peyi Dayiti difisil depi byen lontan.

14/02/2026

Dife nan mitan dyab yo. Gro eskonbrit, zen eklate ant Pierre Espérance e André Michel. 2 krazèt peyi sa yo nan gro bouch louvri. Youn ap denonse lòt. Koze peyi a anpil.

Endereço

Chotikoze0@gmail. Com
São José Do Rio Prêto, SP
15047059

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando TiKoze Cho posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Compartilhar

Categoria