18/10/2025
Jèn jwè seleksyon Nasyonal U17 peyi Dayiti, Théodor Djuny Junior, sove kite delegasyon seleksyon an, ki nan peyi Lespay jodi 18 Oktòb la, pandan ekip la t ap pral asiste yon match ant "Baselòn ak Jirona" nan chanpyona Liga. Enfòmasyon yo ta fè kwè jèn jwè ki soti nan AFA, yon klèb nan komin Aken, sove san paspò li, kote li pral rate chans li pou jwe pou seleksyon an, nan Mondyal U17 ki pral fèt peyi Kata apati mwa novanb k ap vini la.