27/10/2023
Sa depase grav : Se bon koze, m fenk pale ak yon responsab nan MSPP ki konfime enfòmasyon an. Daprè yon jounalis nan Wanament se Vis Delege awondisman an ki sezi yon pakèt medikaman pami yo plizyè pòchèt san. Lè responsab MSPP yo deside teste yo tout kontamine ak viris Sida. Men nan ki fòma yo vini ak yo a, men kikote yo soti. Sa ki pi dwol la, se yon doktè Ayisyen ki kòmande yo, aprè sezi a misye lage l nan mawon, daprè yon sous nan yon lopital nan Nòdès. N ap bouske plis detay sou dosye sa malgre nou poko gen garanti n ap la pita akoz yon chanjman tanperati k ap ban nou ti pwoblèm…
Ayiti depase difisil tande. Mwen mande moun yo pridan, nou kite yon bann radòtè k ap kreye divèsyon pou detounen Atansyon n pandan vi nou ap peri… Imajine ki kantite fwa pochèt san kontamine sa yo antre nan Peyi a deja, se gras ak fèmen fwontyè a ki fè nou kenbe yo. Tout Ayisyen dwe klè jodi a si yo pa pridan y ap kontinye pase anba raje pou al achte pwazon kay vwazen, nou fenk kare ap konstate moun k ap mouri chak jou san nou pa t konnen kilè yo te malad… Pataje l tout kote pou mond lan wè krim sa.
Pa bliye abonné a page la🙏🙏