08/06/2025
Yon konvèsasyon fasafas ak ekriven Islande François
Islande François se yon ekriven ayisyèn k ap viv nan peyi Chili depi 9 lane. N ap envite ou dekouvri kokenn chenn fanm sa ki eksplore kèk tèm tankou diskriminsayon, vyolans ak edikasyon nan liv li yo.
Ki moun ou ye ?
Mwen se Islande Francois, m ap viv Chili. Mwen gen 9 lane ap viv Chili. Kounya mwen gen 2 nasyonalite, ayisyèn epi chilyèn. Mwen gen 34 lane. M selibatè,m pa gen pitit. Mwen se etidyant, travayèz. Epi mwen renmen voyaje anpil anpil.
2_Kisa ki mennen w nan ekri liv?
Mwen kòmanse ekri liv depi lè mwen te gen 13 lane. Rezon k fè sa, se paske, mwen te leve ak papa m, m pat tèlman gen zanmi. Mwen te renmen li labib anpil ,ak anpil lòt liv. M te vrèman entèijant lekòl,. M te gen yon ajanda se ladan m te ekri premye powèm mwen a 13 lane, se konsa m te vin ap ekri woman, kont, disètasyon ak lòt jan literè yo.
Se sèl fason mwen te genyen pou m esprime m, paske mwen se yon moun ki pa renmen pale depi lontan.
Gras a Dye lekriti se yon bagay m prefere.
Se la m te vin dekouvri talan mwen.
Mwen se yon moun ki kwè nan Bondye anpil anpil.
3_ Sou konbyen liv ou ye la?
Mwen ekri plisyè woman, powèm, ak kèk kont. Mwen gentan pibliye 3 liv, yo sou Amazon ak anpil lòt platfòm an ling, depi w chache m sou google la, ou ap jwenn enfòmasyon sou mwen, e w ap tou jwenn ki kote liv mwen yo disponib.
'Mwen gen yon liv k ap sòti nan mwa out la: se yon liv ke m ap distribiye gratis. Paske se yon liv mwen ekri sou suisid, se yon liv pou sove lavi moun.
Liv sa, titre konsa: 10 ka nan sosyete a ki ka provoke suisid lakay yon moun.
M panse suisid pa gen ran sosyal, li pa gen nasyonalite. Nenpòt moun ka gen anvi suisid pou nenpòt bagay , nan nenpòt sosyete a.
4_ Ki tematik ou plis ekri sou li?
Mwen plis ekri sou tèm sosyal yo. Mwen ekri sou sante mantal anpil, paske si yon moun pa anfòm mantalman li pap ka fonksyone byen nan anyen. Nan sosyete ayisyèn nan nou pa pale souvan de temanik sa yo. Menm nan sosyete chilyèn nan tou yo pa pale tèlman de tèm sa, se sa ki fè m plis mete aksan sou sa.
Mwen ekri anpil tou sou diskriminasyon, vyolasyon, edikasyon ak lòt ankò. Objektif mwen, se ekri liv pou ede jèn yo gen yon karaktè, gen yon pèsonalite ki pwòp ak yo menm. Pou jèn yo konn kiyès yo ye, pou yo asepte tèt yo jan yo ye a, epi chache fason yo ka itil sosyete yo ap viv la. Kijan yo ka itil tèt yo, fanmi yo. Pi gwo pwoblèm n ap afwonte nan sosyete yo, se paske majorite jèn yo ap viv pou fè moun plezi. Youn ap imite lòt, yo bliye tèt yo, oswa yo pa chache konn tèt yo. Sèlman sa yo bezwen, se pou yo ka di yo (cool) pou yo ka di yo eklere, pou yo ka di yo aktif nan fason mond lan ap avanse a. Tout mank de karaktè , mank de pèsonalite sa yo fè jèn yo aji nenpòt kijan jounen jodi a. Se sa ki fè mond lan vrèman an dekadans.
5_Ki difikilte ou jwenn nan karyè sa?
Mwen jwenn anpil difikilte nan karyè ekriven mwen. Paske lè m te Ayiti, m te kòmanse ekri depi lè m te gen 13 lane, m pat janm jwenn èd pèsòn. Lè m vini chili a 25 lane, m te pran kèk ane m pat ekri ankò. Aprè mwen te gen yon zanmi meksikèn ki wè m gen anpil talan, li te banm konsèy poum tounen ekri ankò. Epi te rekòmanse ekri ankò Gras a Dye. Men lè m te ap chache maison edition pou m pibliye liv mwen yo chili. m pat ka jwenn. Paske yo te di, m se ayisyèn m pap ka ekri an panyòl sitou woman.
Yo pat vle publiye èv mwen yo, mwen te kòmanse dekouraje. Aprè sa nan chache plis, Bondye fè m jwenn yonn ki te dakò pibliye èv mwen yo. M di Bondye mèsi anpil. Paske depi m pa ekri m pa santi m ap viv. Ekriti se tankou dlo ki ap nouri kò m ak nanm mwen.
6_ Eske w gen yon lòt aktivite pou w viv apre ekriven?
Wi, Gras a Dye. Mwen pa viv de ekriti. Mwen pran kou teknik chili, se sou li map travay epi tou m te konn travay kòm mannequin. Men travay mwen ye kounya a banm opòtinite pibliye liv mwen yo, voyaje, fè tout sa m vle Gras a Dye, jis jounen jodi a, m pa jwenn èd pèsònn, sof Bondye ki toujou ede m.
M ap etidye map travay, m ap ekri epi m voyaje lè m gen vakans.
7_ Ki pi gwo satisfaksyon ou jwenn nan karyè ekriven ou?
Se paske li ede m viv epi li ede m itil nan sosyete a, nan mond lan. Ekri c tout la vi m, se mwen menm, se tout sam renmen. Lòt ane si Dye vle, m ap kòmanse etidye sikoloji, pou m ka ekri plis liv sou sante mantal epi konpòtman moun.
8- Poukisa ou chwazi ekri an espanyòl?
Mwen chwazi ekri an espanyòl, paske kominote ayisyèn nan pat janm ankouraje m, ede m nan anyen. Epi se Chili mwen ye, m te eseye ekri an español pou m wè ki janm te ka reyalize rèv mwen.
9- Pawòl pou lektè Haití People Magazine yo?
Avan tou, m ap di w ke m gen yon liv m ap ekri sou Ayiti. Liv sa se sou istwa nou ak kilti lakay, pou m ka ede jèn yo ki ap fè pitit nan diáspora konnen orijin yo epi pou yo ka renmen peyi paran yo sòti a. Paske gen anpil pitit ayisyen ki fèt nan lòt peyi, yo pa renmen Ayiti ni yo pa vle aprann pale kreyòl.
M ta ankouraje yo li plis, paske lekti bon anpil pou nanm moun. Epi pou yo li liv mwen yo, depi yo chache m sou Google la.
M ap ankouraje pou yo li tout liv otè ayisyen yo.