09/10/2026
Prèske 100, 000 MOUN AP SWIV YO AN DIRÈK : NICE B AK LANMÒ 100 JOU LIVE SOU TIKTOK ⤵️
Plis pase 100, 000 moun branche sou yon LIVE TikTok kote Nice B ak Lanmò 100 Jou ap parèt ansanm. Chif la kontinye ap monte, pandan videyo a ap sikile rapid sou rezo sosyal yo.
Aparisyon Nice B sa a pran yon dimansyon patikilye, paske se youn nan premye fwa li parèt an piblik depi yon videyo ki te sikile sou rezo sosyal yo, kote yo te idantifye Nice B ansanm ak chèf gang Tèt Kale nan yon sèn vyolan kote yo tap rache ak manchèt yon jèn fi .
Nan mitan LIVE la, Lanmò 100 Jou fè yon deklarasyon ki soulve anpil kesyon. Dapre sa li fè konnen, te gen demach ki te fèt pou Nice B te rantre nan baz 400 Mawozo.
PANDAN SETAN LAPOLIS K AP CHÈCHE YO…
Sa ki pi frapan nan sitiyasyon an se lefèt ke moun ki ta anba avi rechèch, dapre enfòmasyon k ap sikile yo, kapab parèt an piblik sou rezo sosyal, fè LIVE devan plizyè dizèn milye moun, epi kontinye fonksyone tankou si pa gen okenn dosye sou yo.
Sitiyasyon sa a soulve yon kesyon ki pi laj toujou:
Kijan moun ki ta anba avi rechèch kapab parèt konsa devan plis pase 100 000 moun san otorite yo pa sanble entèvni? Pou anpil obsèvatè, se yon lòt egzanp sou feblès kapasite Leta ayisyen genyen pou fè respekte lalwa epi pouswiv moun ki ta enplike nan zak kriminèl.
Nan yon peyi kote sitwayen yo ap viv anba gwo ensekirite, imaj sa yo voye yon mesaj ki kapab danjere: rezo sosyal yo vin tounen yon espas kote moun yo kapab ekspoze tèt yo piblikman san yo pa nesesèman pè konsekans jidisyè yo.
Èske otorite ayisyen yo ap reyaji, oswa èske plis pase 100 000 moun ap kontinye temwen yon lòt demonstrasyon feblès Leta an dirèk ?