RTK Haitian Network

RTK Haitian Network Fouye Zo Nan Kalalou Managed by K-Advanced Group

Anpil moun rele yo “bouton fyèv” oswa “fe sovaj”, men an reyalite se yon viris ki rele herpès labial 🦠. Li fè ti anpoul ...
08/30/2025

Anpil moun rele yo “bouton fyèv” oswa “fe sovaj”, men an reyalite se yon viris ki rele herpès labial 🦠. Li fè ti anpoul ki fè mal sou bouch la, epi li fasil pou kontamine lòt moun: swa lè w bo yon moun ki gen bouton an, lè w pataje objè pèsonèl tankou kiyè, vè, makiyaj oswa bwòs dan, oubyen pandan rapò oral ak yon moun ki deja enfekte . Viris la pa janm soti nan kò a, li ka reveye de tanzantan, men gen medikaman ki ede kriz yo pase pi vit.
Se pou sa li enpòtan pou pa bo moun ki gen bouton, pa pataje afè pèsonèl, lave men souvan, epi konsilte doktè si bouton yo ap repete. Pa bliye Sante bouch = sante kòw.

Daprè lasyans, gen yon mikwo-parazit yo rele Demodex folliculorum k ap viv nan pò ki sou po w, sitou sou figi ak "cils" ...
08/30/2025

Daprè lasyans, gen yon mikwo-parazit yo rele Demodex folliculorum k ap viv nan pò ki sou po w, sitou sou figi ak "cils" yo. Li manje grès ak selil ki mouri sou po a, li ka mete ze nan rasin cheve w, epi lè li mouri, rès li yo konn bay iritasyon oswa demanjezon. Tout moun genyen l, men lè kantite yo twòp, yo ka lakoz pwoblèm serye. Se poutèt sa li enpòtan pou lave figi w chak swa, pa dòmi ak makiyaj, epi chanje dra zorye w souvan. Apre w fin konnen sa… èske w ap toujou dòmi ak makiyaj sou figi w?

Jounen jodi a, anpil paran fasil bay pitit yo tablèt, telefòn, oubyen kite yo pase anpil tan devan televizyon ak òdinatè...
08/28/2025

Jounen jodi a, anpil paran fasil bay pitit yo tablèt, telefòn, oubyen kite yo pase anpil tan devan televizyon ak òdinatè, men etid syantifik montre sa pote gwo risk sou sante ak devlopman yo: sèvo yo ki toujou ap grandi ka pran reta nan langaj, konsantrasyon ak memwa; zye yo vin fatige e menm myopi ap parèt pi bonè; limyè ekran an deranje dòmi yo, fè yo dòmi mwens epi leve fatige; twòp chita fè yo bouje mwens, pran pwa pi vit; epi konpòtman yo ka chanje, yo vin pi ajite, enpasyan, distrè, sitou lè yo ekspoze ak kontni vyolan. Selon òganizasyon sante tankou AAP ak WHO, timoun 0–2 an pa dwe gen ekran ditou (eksepte videyo apèl ak fanmi), 2–5 an pa plis pase 1 èdtan pa jou avèk siveyans, epi 6–12 an pa plis pase 2 èdtan ak limit klè sou kontni. Dr. Serge Tisseron menm pwopoze règ 3–6–9–12: pa gen ekran anvan 3 an, pa gen jwèt videyo anvan 6 an, pa gen entènèt anvan 9 an, epi pa gen rezo sosyal anvan 12 an. Sonje byen, pi gwo kado nou ka ofri timoun yo se tan, jwèt, dyalòg ak lanmou, paske okenn ekran pap janm ka ranplase sa.

💚 Rakèt: trezò sante ke anpil moun inyore!Èske w konnen rakèt ka:🌿 Bese s*k nan san w🌿 Diminye kolestewòl🌿 Konbat selil ...
08/17/2025

💚 Rakèt: trezò sante ke anpil moun inyore!

Èske w konnen rakèt ka:
🌿 Bese s*k nan san w
🌿 Diminye kolestewòl
🌿 Konbat selil kansè
🌿 Amelyore s*kilasyon
🌿 Balanse tansyon
🌿 Netwaye kò a natirèlman

🥣 Fason fasil pou itilize lakay:
1️⃣ Tranpe kèk bout rakèt nan dlo pandan apeprè 2 èdtan
2️⃣ Bwè 1 tas 2 fwa pa jou pandan 10 jou

⚠️ Pa itilize si ou ansent! toujou kontakte medsen w

🌟 Plant sa a ke anpil moun inyore ka tounen youn nan pi gwo alye ou pou sante ou si ou konnen kijan pou sèvi avè l.

💡 Tip: Pou plis benefis, kenbe yon rejim manje balanse ak aktivite fizik regilye ansanm ak rakèt la.

\
Pa bliye like, pataje epi abone ak Fouye Zo Nan Kalalou @topfans

🌿 Remèd Natirèl pou Tèt Fè Mal, Pwoblèm Ovilasyon, Enfeksyon Vajinal ak Alèji Po 🌿Gen kèk malèz ki konn tounen souvan na...
08/11/2025

🌿 Remèd Natirèl pou Tèt Fè Mal, Pwoblèm Ovilasyon, Enfeksyon Vajinal ak Alèji Po 🌿

Gen kèk malèz ki konn tounen souvan nan lavi anpil fanm — tankou:
🤕 Tèt fè mal san rete
⚖️ Deregleman ovilasyon
🦠 Enfeksyon vajinal repete
🌱 Alèji sou po

Pafwa, nou fatige pran medikaman, oswa nou vle eseye yon bagay plis natirèl. Men yon remèd tradisyonèl ki ka ede w soulaje kèk nan pwoblèm sa yo, selon moun ki itilize li depi lontan.

✅ Ki sa w bezwen:
• Gaz (ti kannèl) – li ka jwenn nan boutik epis oswa mache
• Jiwof – ti epis ki gen anpil pwopriyete antibyotik natirèl

📝 Preparasyon:
1. Mete gaz nan yon veso pwòp.
2. Ajoute yon kantite jiwof ladan l.
3. Kite l tranpe pandan 3 jou kote ki pa twò cho ni twò frèt.
4. Lè ou wè likid la pran yon koulè fonse, sa vle di li pare.

🍵 Itilizasyon:

Bwè yon demi tas nan maten ak yon demi tas nan aswè, chak jou pandan 8 jou.

⚠️ Atansyon: Si ou ansent, pa itilize remèd sa. Li pa rekòmande pou timoun ni pou moun ki gen alèji ak engredyan yo.



💬 Sonje: Menm si li natirèl, chak kò reyaji diferan. Si sentòm yo pèsiste oswa vin pi grav, al konsilte yon pwofesyonèl lasante.

08/10/2025

Microsoft ap louvri pòt teknoloji a pou tout moun!

Microsoft lanse yon seri fòmasyon TOTALMAN GRATIS sou domèn ki cho anpil jodi a tankou Cybersécurité, Power BI, Azure, ak anpil lòt konpetans teknoloji ki ka chanje lavi w.

Tout fòmasyon sa yo fèt sou platfòm Microsoft Learn, ki aksesib nenpòt kote, nenpòt lè. Ou pa bezwen peye yon santim, sèlman enskripsyon ak volonte pou aprann. Se yon gwo opòtinite pou devlope konesans ou, amelyore CV ou, e prepare tèt ou pou travay nan yon mache ki bezwen pwofesyonèl kalifye chak jou plis.

👉 Antre la pou kòmanse: learn.microsoft.com

Pa blye pataje epi like

08/02/2025

Ou T Konn Istwa Canva!

An 2007, Melanie Perkins te gen 19 an, li t ap etidye nan Ostrali.
Li remake kijan lòt elèv yo te gen difikilte ak zouti konsepsyon tankou Photoshop.
Li Kreye yon zouti senp tout moun ka itilize — drag-and-drop.

💡 Li kòmanse ak Fusion Books, soti nan salon manman li.
Lè li prezante ide Canva bay envestisè yo…
❌ Plis pase 100 te di NON.
Yo di lide a twò gwo.

Li te dekouraje? Non.
Li kontinye, bati yon ekip, epi amelyore plan li.

An 2013, Canva lanse.
Jodi a:
📊 Valè: $32 milya
💰 Melanie pèsonèlman: $5.8 milya
🌍 Yo itilize Canva nan plis pase 190 peyi

Leson an:
👉 Rejè pa vle di kanpe. Li ka fè w chanje direksyon kap pi bon, kontinye goumen.

E ou menm?
Èske w t ap kontinye rèv ou apre 100 NON?

Swiv Curiosité+ pataje bay zanmiw

07/31/2025

🎓 Aprann Entèlijans Atifisyèl ak Harvard – GRATIS!

Harvard ap ofri yon kou gratis sou AI ak Python:
📘 CS50’s Introduction to Artificial Intelligence with Python

🔍 Sa w ap aprann:
✅ Baz Entèlijans Atifisyèl (AI)
✅ Machine learning, neural networks, & NLP
✅ Kreye pwòp aplikasyon entèlijan ou
✅ Sèvi ak Python pou reyalize pwojè

💻 Kou sa a fèt pou tout moun – ou pa bezwen gen eksperyans avanse!

📍 Yon chans pou mete tèt ou nan nivo mondyal san peye!
🔗 Enskri la:
👉 pll.harvard.edu/course/cs50s-introduction-artificial-intelligence-python

Gen H. Pylori oswa doulè lestomak kap fatige w? Men yon remèd natirèl ki ka ede w soulaje sentòm yo nan 15 jou sèlman! P...
07/26/2025

Gen H. Pylori oswa doulè lestomak kap fatige w? Men yon remèd natirèl ki ka ede w soulaje sentòm yo nan 15 jou sèlman!
Pran yon mwatye pòmdetè, mwatye pat lalwa, tranpe yo nan dlo pandan 2 èdtan, epi rachel yo. Ajoute 1 grenn lay, mete tout nan blennndè ak 1 vè dlo, epi bwè yon vè chak maten avan manje ak chak swa avan dòmi. Ou ka repete tretman an pou 15 lòt jou si w toujou santi malèz. Remèd sa ede netwaye lestomak, konbat bakteri H. Pylori epi soulaje boule, gaz, ak doulè. Pataje l pou yon lòt ka jwenn soulajman!

Tansyon wo, yo rele l tou ipètansyon ateryèl, se youn nan maladi ki pi danjere ki egziste. Daprè OMS, si presyon san w d...
07/25/2025

Tansyon wo, yo rele l tou ipètansyon ateryèl, se youn nan maladi ki pi danjere ki egziste. Daprè OMS, si presyon san w depase 140/90 mmHg (milimèt mèki), ou ka soufri tansyon wo. Maladi sa atake veso sangen yo an silans epi mete w an danje pou maladi kè, aksidan vaskilè serebral (ACV), maladi ren, pwoblèm vizyon ak menm twoub memwa. Li souvan koze pa faktè tankou: obezite, rejim mal balanse (twòp sèl ak grès), mank aktivite fizik, strès, alkòl, tabak, laj oswa eritaj fanmi. Gen moun ki konn santi tèt fè mal souvan, vètij, doulè nan pwatrin, souf kout oswa kè plen, men anpil lòt pa santi anyen ditou.

Se sa ki fè li enpòtan pou w kontwole tansyon w regilyèman, menm si ou panse ou anfòm. Bon jan prevansyon ap ede w viv pi lontan san konplikasyon. Sa mande pou w manje plis legim ak fwi, limite sèl ak grès, fè egzèsis regilye, kenbe yon bon pwa, pa fimen, evite alkòl, epi aprann jere estrès chak jou.

Address

Montreal, QC
<<NOTAPPLICABLE>>

Telephone

+19048839889

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when RTK Haitian Network posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share

Xone où chacun gagne!

Votre première plateforme de streaming avec sécurité cryptographique! Trouvez une nouvelle façon de regarder ce que vous voulez

Un produit de Waomovie, Tous droits réservés.