Jean Anold Jules

Jean Anold Jules Penser bibliquement et défendre la foi Chrétienne.
.

Etant toujours prêts à vous défendre avec douceur et respect devant quiconque vous demande raison de l'espérance qui est en vous.
1 Pierre 3:15-16

09/11/2026

Sam Te Pi pè a rive:
M te pè pou gang pat antre nan tèt Nou ni nan lespri Poun pat akomode Nou ak li. Men malerèzman, sa rive.

09/10/2026

Eske LevanJil La Dwe Adapte AK Nou.. Oubyen.. ?

09/09/2026

Pwiske Wap Konbat SOVE NÈT la, Kisa Li Ye Menm? Paske Siw Kont yon bagay fok ou Konnen sal ye.

09/08/2026

Lèzòm Vin Pi Ekzijan avèk Bondye Pandan Lanmou yo Pou Li Ap Diminye chak Jou.

Mwen remake anpil Ayisyen sanble alèji ak respè: lè w trete yo ak diyite, yo pran sa pou feblès epi yo reponn ak jouman ...
09/07/2026

Mwen remake anpil Ayisyen sanble alèji ak respè: lè w trete yo ak diyite, yo pran sa pou feblès epi yo reponn ak jouman ak derespektan. Poutan, nou pa oblije dakò pou nou respekte youn lòt. Kòmantè mwen yo toujou gen elegans ak respè; tout moun ka wè sa.

Men gen kèk moun ki pa konprann okenn lòt lang pase lang pa yo a. Nan ka sa yo, mwen sonje pawòl Salomon an: “Reponn moun sòt la dapre foli li, pou li pa pran tèt li pou yon moun saj.” — Pwovèb 26:5

09/05/2026

Eske Se Lagras Vre ?

09/04/2026

Si LaVi Etènèl Ka Fini, Èske Li Te Etènèl Vre ?

Saul di: “Mwen peche,” men tousuit li ajoute: “Onore m devan chèf pèp mwen an ak devan pèp Izrayèl la” (1 Samyèl 15:30)....
09/02/2026

Saul di: “Mwen peche,” men tousuit li ajoute: “Onore m devan chèf pèp mwen an ak devan pèp Izrayèl la” (1 Samyèl 15:30). Pawòl sa yo revele vrè pwoblèm li: li te rekonèt fot li, men li te plis pè pèdi respè moun pase kominyon Bondye. Se pa dezobeyisans li ki te brize kè l; se imaj li ki te an danje.

Yon moun ka konfese peche li san li pa repanti toutbon. Fo repantans ap mande: “Kisa moun pral panse de mwen?” Vrè repantans ap mande: “Kisa enpak peche m sou Kominyon ak Bondye?” Saul te vle Samyèl kanpe bò kote l pou pèp la kontinye onore l, menm lè Bondye te deja rejte l kòm wa. Li te vle konsève aparans adorasyon an san li pa soumèt anba Bondye adorasyon an.

Sa se yon gwo danje pou tout moun kap sèvi Bondye: pwoteje non nou, tit nou ak ministè nou pandan kè nou lwen Bondye.

Bondye pa enpresyone ak imaj nou prezante devan moun; Li gade kè a. Vrè repantans pa goumen pou sove lafas—li dispoze pèdi onè devan moun pou l viv nan kominyon ak Bondye.

Jean Anold Jules | Penser Bibliquement

09/02/2026

Ou Pa Vin Gen Plis Valè, Lè w Ensilte Yon Moun ki Gen Valè.

09/01/2026

Kisa ki Fè Majorite Haïtien Pa ka Fè Deba Oubyen Diskite Nan Respè Youn pou Lòt?

Adresse

Montreal, QC

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jean Anold Jules publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Jean Anold Jules:

Raccourcis

Partager