19/08/2025
- Ane sa nan 40 lan Ekip Shekinah pa preske envite adoratè ak adoratris ki soti lòt kote ankò jan sa te kon ye pandan plizyè ane pase yo? Kisa ki ta lakoz sa?
- Anpil rimè ap kouri kòm kwa ta gen plizyè adoratè popilè kap fè gro dezòd e ki tonbe nan gro eskandal, bagay moun pata imajine e anpil nan dosye sa yo, yo kache yo.
Kisa ki verite nan koze sa yo? Kisa ki lakoz ke gen plizyè Pastè ki fè dè sòti kounya pou denonse kèk adoratè ak adoratris ke anpil nan yo yo te konn menm resevwa legliz yo?
Kisa ki fè ke se kounya kèk Pastè ap denonse adoratris ke tout Tete yo deyò lè yap dirije, sak pale de adoratè kap mete soulye san chosèt, cheve trese, fo plim je , elatriye?....
Randevou 7h Won.
Envite nou se: Pastè Neptune Edriss