09/08/2026
9 DAWOUT 2000 — 9 DAWOUT 2026
26 AN DE FYÈTE, 26 AN DE ISTWA! ⚽🏆
9 Dawout 2000, yon gwoup gason chita ansanm ak yon rèv nan kè yo. Yo pran yon desizyon ki t ap vin chanje istwa espò a pou tout tan.
Se konsa USCV — Union Sportif Club Vacances te pran nesans.
Jodi a, 26 ane apre, nou pa sèlman selebre yon dat; nou selebre yon patrimwàn vivan, yon eritaj ki kontinye travèse jenerasyon.
De jenerasyon an jenerasyon, USCV kontinye pote menm fyète a, menm pasyon an ak menm lespri batay la. 💙⚽
26 ane deja… e istwa a poko fini!
Nou kontinye mache ak fyète, diyite ak detèminasyon, paske sa kèk gason te plante 9 Dawout 2000 lan vin tounen yon eritaj pou jenerasyon k ap vini yo.
USCV — Yon istwa. Yon eritaj. Yon patrimwàn vivan.
26 ans d’histoire… et nous continuons notre chemin avec fierté ! 🏆⚽