05/08/2026
Degradasyon yon pati nan jenès ayisyèn sou rezo sosyal yo: èske n ap pèdi valè nou yo?
Pandan Ayiti ap plonje chak jou pi fon nan ensekirite, mizè ak kriz politik, gen yon lòt kriz k ap grandi an silans, men ki ka gen menm konsekans yo sou lavni peyi a: degradasyon valè ak yon pati nan jenès la sou rezo sosyal yo.
Jodi a, pou anpil moun, sanble li pa nesesè ankò pou gen talan, konpetans oswa vizyon pou atire atansyon. Yon eskandal piblik, yon videyo pwovokan oswa yon kontni ki chèche fè moun sezi ase pou fè yon moun vin popilè nan kèk èdtan. Lè popilarite vin pi enpòtan pase diyite, se sosyete a menm ki kòmanse peye pri a.
Sa ki pi enkyetan an se pa sèlman sa ki pibliye yo, men fason anpil moun ap ankouraje yo. Chak " ", chak " " ak chak " " sou kontni ki chaje ak imilyasyon oswa eskandal seksyèl, oubyen Pati entim yo, voye yon mesaj ou imaj bay lòt jèn yo fè plis bri pase lòt kontni moral yo, epi rezo sosyal yo ap rekonpanse w.
LPN pa la pou kondane yon jenerasyon antye. Okontrè, nou rekonèt gen plizyè milye jèn ayisyen ki leve chak maten pou etidye, travay, kreye antrepriz, pratike espò, fè mizik, sèvi kominote yo epi reprezante Ayiti avèk diyite atravè mond lan. Se yo menm ki ta dwe jwenn plis limyè.
Men nou pa dwe fèmen je sou yon tandans ki merite refleksyon. Si eskandal la kontinye pran plis plas pase edikasyon, si imilyasyon vin pi viral pase ekselans, epi si moun ki bati yo rete nan lonbraj pandan moun ki fè bri yo vin modèl, n ap prepare yon sosyete kote valè yo ap pèdi chak jou.
Kesyon an depase rezo sosyal yo. Li konsène fanmi yo, lekòl yo, legliz yo, medya yo, enfliyansè yo ak otorite piblik yo. Chak moun gen yon pati responsabilite nan kalite modèl n ap prezante bay jenerasyon k ap vini an.
Yon pèp pa ka rebati tèt li sèlman ak beton ak asfalt. Li bezwen prensip, edikasyon, respè ak sans responsabilite. Si fondasyon moral yo febli, okenn refòm politik oswa ekonomik pap sifi pou remete peyi a kanpe.
LPN lanse yon apèl pou yon konsyans kolektif. Nou bezwen itilize rezo sosyal yo kòm yon zouti pou fè pwomosyon konesans, kilti, antreprenarya ak espwa, olye pou yo tounen yon espas kote eskandal ak rechèch popilarite efase tout lòt valè.
Paske lavni Ayiti pa depann sèlman de moun k ap dirije l. Li depann tou de jenerasyon k ap fòme devan ekran telefòn yo chak jou. E si nou pa chanje direksyon an depi kounya, listwa ka jije nou kòm jenerasyon ki te rete ap gade pandan valè yo t ap disparèt.
[email protected]