14/05/2026
14 me 2011, Martelly prete sèman kòm 56èm prezidan Repiblik la, apre li te fin ranpòte eleksyon prezidansyèl 20 mas 2011 yo ak 67.57% vòt kont konstitisyonalis la .
Seremoni envestiti an te dewoule nan yon kontèks espesyal, plis pase yon ane apre tranblemanntè 12 janvye 2010 la ki te kraze plizyè pati nan peyi a, espesyalman kapital la, Pòtoprens. Akòz destriksyon Palè Nasyonal la, seremoni an te fèt nan yon batiman pwovizwa an bwa. Pandan seremoni an, yon pann kouran te rive plonje espas la nan yon moman blakawout total Kapital.
Plizyè gwo pèsonalite entènasyonal te asiste seremoni an, pami yo ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, minis afè etranjè peyi Lafrans lan Alain Juppé, ak prezidan dominiken an Leonel Fernández.Nan moman sa a, anpil Ayisyen te wè Michel Martelly, ansyen chantè popilè a le yo te konnen sou non “Sweet Micky”, kòm yon senbòl espwa ak chanjman. Dè milye moun te rasanble pou chante ak manifeste sipò yo, pandan yo t ap espere nouvo pouvwa a t ap pote amelyorasyon nan kesyon chomaj, kondisyon lavi ak rekonstriksyon peyi a.
Nap raple,malgre anons ki te fèt okòmansman yo, ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide ak Jean-Claude Duvalier, ki te deja retounen ann Ayiti, pa t jwenn envitasyon pou patisipe nan seremoni an.
“YON JOU KOU JODI A"
Mark509 Top-love production news TripFoumi Enfo Dim kiyès ou ye Média FRANCE 24 RFI Machann ZEN HAÏTI Primature de la République d'Haïti