PRA Actualités

PRA Actualités PRA Actualités est là pour vous satisfaire en matière d'information. PRA Actualités ankourajew renmen lakay

Ti rivyè latibonit,se palais 365 portes,Fort crête à Pierrot,L'estère Beach,Fleuve Artibonite ak anpil lot potansyel tankou mine sable ak gravye.

LUNDI 07 SEPT 2026 Jodi Lendi saaa make komansman lane eskolè 2026-2027 la  sou tout peyi aMen pou komin tirivye latibon...
07/09/2026

LUNDI 07 SEPT 2026

Jodi Lendi saaa make komansman lane eskolè 2026-2027 la sou tout peyi a

Men pou komin tirivye latibonit, se yon rantre Timid
Pou kek lekol nan dives seksyon kominal se 14 Sept e gen lekol nan sant vil la tou ki dako sou dat sa pou yo lanse

Imaj lekol metodis limenm tradwi yon bon pati nan vré reyalite komin nan, an patikilye sant vil la, blok pon bouk, lika
Kote domaj yo nan te anpil sa ki te lakoz raje pouse tout kote

An reyalite PRA-ACTUALITÉS se medya sa ki mete fokis yon seri batiman itil e mande netwayaj fet ladan yo

LAKOU LEKOL METODIS e ki gen ladanl yon Legliz Rive netwaye

Eske se pou remete lekol la ak legliz la an fonksyon????

Si situation nap swiv pou ou

-ACTUALITÉS

07/09/2026

DIMANCHE 06 SEPT 2026

Nou nan Lestè Beach, nou vin desann chalè a
Jodi a kontreman ak denye fwa nou te te pase a, gen plis dlo, moun frekante espas la plis, e gen biznis ki disponible pou bay bwason ak machan manje kwit

LESTÈ BEACH se kote anpil vizitè nan peryod fèt sen patwon SEN JEWOM toujou pase benyen

Nan tan pase yo, 2017,2016,2018 lew di SEN JEWOM nan lestè beach, ou reflechi ak gwo festival kote majorité gwo okès yo konn vin jwe

SEPTENTRIONAL
djazz tankou, NU LOOK, DJAKOUT, DISIP
Te toujou bay randevou nan lye sila a, ki pèdi eskanp figil akòz ensekirite

-ACTUALITÉS

06/09/2026

DIMANCHE 06 sept 2026

8h 00 Am

Vizit Blok Marcelin 2,yon lokalite kole kole ak lavèdi kote peyizan yo ap pwodwi anpil diri, genyen tou ki deja koumanse mete diri disponib sou mache a

Vizit sa pèmèt nou wè a ki angouman peyizan ap travay, epi pa janm chome nan kad travay yo

Gen yon kafe ak pen disponib pou ou menm ki gen ti tchotcho nan poch ou nan maten andan Marcelin

-ACTUALITÉS

05/09/2026

⚽ JUMEL FC RÉSISTE À LA PRESSION ET ARRACHE UNE VICTOIRE 4-3 FACE À VIGOR FC

Tirivyè, Latibonit — Se te youn nan bèl afich chanpyona ki batize Denis Meus la.

JUMEL FC ak VIGOR FC te livre yon gwo batay ki te kenbe fanatik yo an alèt jouk nan dènye moman yo. Nan fen 70 minit jwèt la, se JUMEL FC ki soti viktorye 4-3, yon rezilta ki voye ekip la nan pwochen etap konpetisyon an epi ki mete VIGOR FC deyò.

JUMEL FC te montre depi nan kòmansman an poukisa li konsidere kòm yon ekip ki gen maturite foutbolistik, eksperyans ak karaktè. Malgre match la te jwe sou ritm 35 minit pou chak mitan, ekip la te pran kontwòl premye peryòd la, sitou nan fason li te jere posesyon balon an ak konstriksyon jwèt la.

Nan premye mitan an, JUMEL FC te domine e li te rive pran yon avantaj konfòtab 3-1 avan poz la.
Men dezyèm mitan an te pote yon lòt figi. VIGOR FC, yon ekip jèn, trè dinamik e ki vin pi danjere lè li gen balon an nan pye li, te retounen sou teren an ak plis detèminasyon.
Jèn jwè yo te mete plis entansite nan jwèt la epi yo te jwenn resous pou egalize match la 3-3.
Se la tansyon an te monte yon lòt nivo.
Fanatik VIGOR FC yo te antre nan match la ak tout fòs yo, bat bravo, ankourajman ak presyon sou advèsè a. Atmosfè a te vin elektrik, pandan VIGOR t ap chèche pwofite momantòm li te pran an.
Men se nan moman sa a mètriz ak eksperyans JUMEL FC te pale.

Malgre ekip la te deja sibi yon gwo kou pandan match la ak yon kat wouj, li pa t kraze
Okontrè, jwè yo te rete konsantre, yo te kontinye defann ak entèlijans epi yo te tann bon moman an.
26e minit dezyèm mitan an, JUMEL FC jwenn moman li t ap tann lan : 4e gòl la tonbe! ⚽🔥

Gòl sa a vin chanje tout dinamik match la. JUMEL FC pran devan ankò 4-3, epi ekip la rive konsève avantaj sa a jouk siflèt final la.
Se konsa, apre yon batay ki te gen dominasyon, remontada, presyon fanatik ak anpil tansyon, JUMEL FC ranpòte yon viktwa 4-3 epi valide kalifikasyon li, pandan VIGOR FC elimine.
Yon match ki montre yon fwa ankò nan foutbòl, jènès ak dinamis enpòtan, men eksperyans, disiplin ak sans metriz kapab fè diferans lan nan moman desizif yo.

-ACTUALITÉS

KANAL PREZYÈZ LA: YON ENFRASTRIKTI KI JWE YON WÒL ENPÒTAN NAN LAVI KOMINOTE ANan komin Tirivyè, kanal Prezyèz la repreza...
04/09/2026

KANAL PREZYÈZ LA: YON ENFRASTRIKTI KI JWE YON WÒL ENPÒTAN NAN LAVI KOMINOTE A

Nan komin Tirivyè, kanal Prezyèz la reprezante yon enfrastrikti ki gen anpil enpòtans pou lavi ekonomik ak anviwònman zòn nan. Malgre wòl li, itilite kanal la konn pase souvan INAPÈSI

Pou agrikilti, kanal la bay plantè yo pi bon posiblite pou jwenn dlo pou wouze jaden yo, sitou lè lapli pa tonbe ase. Sa ede fasilite travay agrikòl la epi soutni pwodiksyon lokal la.

Nan sezon lapli, kanal la sèvi kòm yon pasaj pou dlo ki soti nan diferan zòn yo. Li ede oryante dlo sa yo epi diminye risk pou dlo anvayi kèk espas ki toupre vil la, sitou lè gen gwo lapli.

Kanal la gen yon lòt fonksyon enpòtan nan zòn kote gen elvaj lib. Li kapab sèvi kòm yon wout pou evakye kèk dechè bèt ki soti nan aktivite elvaj yo, sa ki kontribye nan kenbe espas yo pi pwòp epi limite akimilasyon dechè nan zòn abite yo.

Sou plan stratejik li se grenn kanal ki bone sant vil la sou bò nò, li soti depi pon PREZYÈZ pi ba LISE ANRI KRISTOF sou anwo bouk li rive nan site Kanap kote li ranmanse dlo ki soti nan plizyè direksyon

An jeneral, kanal Prezyèz la se plis pase yon senp kanal dlo. Li touche agrikilti, jesyon dlo ak pwòpte anviwònman an.

"Se poutèt sa antretyen ak pwoteksyon yon enfrastrikti konsa rete yon bagay ki enpòtan pou kominote a"

-ACTUALITÉS

⚽ CHAMPIONNAT D’ÉTÉ KOECVAPRA : KAT GWO KONFWONTASYON POU FAZ KA FINALE YOPetite-Rivière de l’Artibonite 2 septanm 2026....
02/09/2026

⚽ CHAMPIONNAT D’ÉTÉ KOECVAPRA : KAT GWO KONFWONTASYON POU FAZ KA FINALE YO

Petite-Rivière de l’Artibonite

2 septanm 2026.

Chanpyona d’été 2026 KOECVAPRA a, ki pote non Denis Méus, ap antre nan youn nan moman ki pi enpòtan nan konpetisyon an. Apre plizyè semèn konpetisyon, uit ekip toujou an kous pou yon plas nan demi-final yo.

Pou faz kat final la, òganizasyon an pwograme kat gwo afich ki pral dewoule youn apre lòt, soti 3 pou rive 6 septanm 2026, sou Place Solidarité PRA, chak jou apati 5è PM.

3 SEPTANM

ANTRE NOU FC VS DENYE OKAZYON

Premye afich la pral mete Antre Nou FC fas ak Denye Okazyon. Se yon rankont ki pral louvri seri kat final yo, kote chak ekip ap chèche pran premye tikè pou demi-final la.

4 SEPTANM

VIGOR FC VS JUMELLE FC

Nan dezyèm konfwontasyon an, se Vigor FC ak Jumelle FC ki pral kwaze fè. De ekip yo konnen enpòtans yon match konsa, paske pa gen plas pou erè: ekip ki pèdi a ap kite konpetisyon an.

5 SEPTANM

AVENIR FC VS PASE WEM

Pou twazyèm match la, Avenir FC ap rankontre Pase Wem. Yon lòt gwo batay ki pwomèt anpil entansite sou teren an, pandan objektif la rete menm jan an: yon plas nan demi-final la.

6 SEPTANM

IDEAL FC VS KI MELEM FC

Seri kat final yo ap fini 6 septanm ak yon afich ant Ideal FC ak Ki Melem FC. De ekip sa yo pral gen dènye opòtinite pou yo jwenn plas yo nan kat ekip ki pral kontinye batay la pou tit chanpyon an.

YON BATAY POU ISTWA CHANPYONA A

Avèk 8 ekip ki rete nan konpetisyon an, tansyon an pral monte sou Place Solidarité PRA pandan kat jou sa yo.

toujou sonje chanpyon an dwe resevwa 75 000 goud ak yon twòfe, pandan vis-champion an ap jwenn 50 000 goud

⚽🔥 Chanpyona Denis Méus la antre nan faz desizif li!

-ACTUALITÉS

YON LIDE SOU JHON KELLY MONACÉ "Yon model jenn gason ki gen anpil kouraj"Li se sosyològ, li te fè lisans li nan Fakilte ...
01/09/2026

YON LIDE SOU JHON KELLY MONACÉ

"Yon model jenn gason ki gen anpil kouraj"

Li se sosyològ, li te fè lisans li nan Fakilte Syans Imen (FASCH) nan UEH. Li gen yon metriz nan Syans Sosyal ak Imen, espesyalizasyon Istwa, nan École Normale Supérieure. Apre sa, li fè doktora nan Développement Régional nan Universidade Federal do Tocantins, Brezil.

Li te fè rechèch sou migrasyon ayisyen, diaspora, emosyon, remès, sosyoloji ak listwa. Li gen plizyè piblikasyon akademik sou sijè sa yo.

An 2026, li te antre kòm professeur titulaire/efektif nan Universidade Federal da Integração Latino-Americana (UNILA) nan Brezil. Enstitisyon an prezante l kòm premye pwofesè ayisyen ki vin pwofesè efektif nan inivèsite sa a.

Tout sous yo endike li fèt nan Petite-Rivière de l’Artibonite an jen 1987 ,pami lekol li te pase nan vil la se te Lise ANRI KRISTOF ,sou Istorik facebook li, li pran abitid moutre amoul pou patril, ak drapo epi li te toujou vire nan sit istorik yo tankou palais 365 portes

La li te koumanse aprann fè desen ak chabon sou non jwèt : ATIS JHON
Pi devan li tal anbrase yon kanon ki se senbol rezistans nan fò krèt a pyewo a

JHON KELLY MONACÉ patisipe nan plizyè travay akademik , tankou yon atik sou kolonizasyon/neokolonizasyon Ayiti ak yon travay sou migrasyon.

Pakou Jhon Kelly Dwe enspire chak jenn ki nan vil komin tirivyè

Creditphoto: KONT FACEBOOK PROF KELLY 📸

-ACTUALITÉS

"RICHES LA LAKAY NOU, ESPLWATE RICHÈS LA""Sa se pawol Docteur Bob Edem Gaston ki te patisipe ak Ekip ki tap oganize akti...
31/08/2026

"RICHES LA LAKAY NOU, ESPLWATE RICHÈS LA""

Sa se pawol Docteur Bob Edem Gaston ki te patisipe ak Ekip ki tap oganize aktivite sa
Pou manman yo, ki te mache ak ti bb pou tande, fete, aprann, kijan pou bay bb yo tete

Se nan yon Anbyans de fèt, danse, konkou ak plizye lot aspè ki te pran an kont nan kad aktivite sila

Paran yo te ri, chante danse, e pwofite moutre kijan, kouman pou trete pitit yo, sitou si yo se machann anbilan

Bel aktivite ki fèt jodi 31 aout 2026 moutre kijan, li enpotan pou Lopital Charle colimon kontinye oganize fomasyon epi fete ak tou paran ki vin pran sevis nan grenn lopital referans komin tirivyè latibonit

-ACTUALITÉS

📰 BLOK PWÈL O VAN: YON ESPAS KI TE KONN ANIME TIRIVYÈ A DEPI 4 ANE NAN ABANDONImaj sa yo montre kondisyon kèk espas nan ...
31/08/2026

📰 BLOK PWÈL O VAN: YON ESPAS KI TE KONN ANIME TIRIVYÈ A DEPI 4 ANE NAN ABANDON

Imaj sa yo montre kondisyon kèk espas nan Blòk Pwèl O Van, nan komin Tirivyè. Kay ak teren ki nan zòn nan ap pase anviwon 4 ane depi yo abandone, sa ki fè vejetasyon pran anpil plas nan espas yo.

Ti teren nou wè nan imaj yo se yon espas ki te konn byen anime pandan vakans, kote plizyè bèl chanpyona te konn òganize, sitou pou jèn yo ak moun nan kominote a.

Zòn nan gen yon lòt richès tou: yon bèl dlo kote anpil moun te konn ale pou rafrechi kò yo epi pase yon ti moman detant.

Jodi a, apre plizyè ane san aktivite, espas sa yo bay yon imaj diferan anpil ak sa moun te konn abitye wè. Pou anpil moun nan kominote a, se yon pati nan lavi sosyal Tirivyè ki sanble ap tann pou reprann plas li.

-ACTUALITÉS

Bier yo te konn fè  chemizèt laaa!! Ou sonje sa?? 😊
30/08/2026

Bier yo te konn fè chemizèt laaa!!

Ou sonje sa?? 😊

Dirección

Santiago

Página web

Notificaciones

Sea el primero en enterarse: le enviaremos un correo electrónico cuando PRA Actualités publique novedades y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin y puede darse de baja en cualquier momento.

Atajos

Compartir