Tripot Oyyyeeeuuu

Tripot Oyyyeeeuuu ENLACES ÚTILES

03/07/2025

Benediksyon, kouraj ak lanmou pou ou! Menm si 6 mwa deja pase nan ane a, pa dekouraje. Bondye poko fini avèk ou. Chak jou pote nouvo chans, nouvo espwa, nouvo gras. Ou gen fòs la, ou gen kouraj la, ou kapab kontinye mache ak konfyans. Pa gade dèyè, men gade devan ak lafwa. Ou p’ap janm pou kont ou. Bondye avè w. Ann mete rès ane a nan men li, li gen plan mirak pou ou. E lap genyen pou Beni ou!

20/06/2025

Chè Frè ak Sè nou yo ki retounen lakay

Retounen lakay se pa yon pa pou tounen dèyè; se yon jès kouraj, lanmou pou peyi a, e se premye pa sou yon nouvo chemen. Nou konnen sa pa fasil. Chanjman yo anpil: tanperati a cho, kondisyon yo diferan, e petèt nou pa jwenn dlo, limyè oswa gaz chak jou jan nou te konn abitye. Men, nan mitan difikilte sa yo, fòk nou sonje sa nou genyen tou: rasin nou, valè nou, ak fòs pèp Ayisyen an.

Nou se yon pèp ki konn lite, ki konn leve apre tout frap. Epi jodi a, nou gen yon opòtinite pou nou konstwi ansanm, pa sèlman pou tèt nou, men pou timoun nou yo, pou kominote nou yo, pou Ayiti.

Ou ka pa jwenn tout bagay pare, men ou menm, ak konesans ou ak eksperyans ou, se pi gwo richès peyi a genyen. Se nou ki ka mete limyè kote ki fè nwa, pote chanjman kote ki gen mank, e mete espwa kote ki gen dekourajman.

Pa dekouraje si ou santi tout bagay pa mache vit. Chak grenn pa konte, chak jefò gen enpòtans li. Menm si w ap fè sa piti piti… yon ti jaden, yon ti biznis, oswa senpleman ede vwazen ou, se pa ti bagay. Se sa ki ka ede konstwi yon nouvo Ayiti.

Kenbe fèm. Kenbe tèt ou wo. Pa janm bliye sa ou vo. Ou se espwa!

Dirección

Ciudad Jardin Torre 10
Cartagena

Teléfono

+573106023894

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Tripot Oyyyeeeuuu publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Empresa

Enviar un mensaje a Tripot Oyyyeeeuuu:

Compartir

Categoría