Karlo News

Karlo News 🇭🇹Politik , Sosyal , kilti , Imigrasyon , Ekonomi .,Teknoloji ak Karlo News
Your time , Your news!

DCPJ, fèk lage videyo Allo Lapolis ,nan kad yon filati, rive mete anba kòd, Nenel Cassy, nan dat 2 dawout 2025 la. Arest...
08/04/2025

DCPJ, fèk lage videyo Allo Lapolis ,nan kad yon filati, rive mete anba kòd, Nenel Cassy, nan dat 2 dawout 2025 la. Arestasyon sila vini suit ak avi Rechèch PNH la te lanse kont li, nan dat 18 fevriye 2025 la, pou prezime enplikasyon li nan plizyè zak malonèt.

 # Breaking News! Imigrasyon Lapolis nan west Miami  Dade , Florida fouke 2 mesye , Nelson David Ochoa Vazquez, ki se pa...
08/03/2025

# Breaking News! Imigrasyon

Lapolis nan west Miami Dade , Florida fouke 2 mesye , Nelson David Ochoa Vazquez, ki se pastè ak Ismer Gonz ki fè l pase pou yon Avoka imigrasyon kap toupizi imigran , daprè nouvel yo , gen plis pase yon douzèn fidèl ki viktim anba men 2 malfra sa yo , kote yo rive ramase plizyè milye dola nan men imigran yo nan lide pou bay yo papye tankou Kat Travay ak lisans ! Toujou daprè nouvel yo mesye sa yo itilize kob sa yo pou achte bel bijou , pran plezi epi vwayaje .

Pou kounyè a 2 mesye sa yo ap reflechi dèyè bawo nan Miami Dade daprè CBS News !

Antratan gen yon imigran ilegal ,Pedro Hernández, ki nan prizon Alligator 🐊 Alcatras la ,ki gen 10 jou depi lap fè yon grèv grangou nan lide pou denonse move tretman prizonye yo ap sibi !

BreakingNews
•
•
•
•
•
•
•
•
•

Edward Zakrzewski Remèsye Otorite yo Anvan Egzekisyon Pou tèt li Touye Madanm Li ak 2 Pitit li nan Florida “Mwen Pa Gen ...
08/03/2025

Edward Zakrzewski Remèsye Otorite yo Anvan Egzekisyon Pou tèt li Touye Madanm Li ak 2 Pitit li nan Florida “Mwen Pa Gen Okenn Plent”

Edward Zakrzewski te deklare li te vle “remèsye moun nan Eta Solèy la paske yo touye m nan fason ki pi frèt, kalkile, pwòp, imèn, ak efikas posib. Mwen pa gen okenn plent.”

Zakrzewski te mouri nan prizon Eta Florid apre yo te bal yon piki ak 3 dòz dwòg. Fox News eksplike pwosedi a genyen yon sedatif, yon medikaman ki paralize, ak yon medikaman ki pou bloke kè a. Sa fè 9 egzekisyon nan Eta Florid pou ane sa a, ki deja bat tout rekò depi yo te retabli pènn lanmò Ozetazini prèske 50 lane de sa. Leta prevwa fè 2 lòt egzekisyon nan mwa Dawout la Jiskaprezan, gen 27 egzekisyon ki fèt atravè peyi a pou ane 2025 la !

Daprè Paul Walker, pòtpawòl Depatman Koreksyon Florid la, dènye repa Zakrzewski te genyen kotlèt kochon fri, bwason gazez “root beer”, ak krèm , li te byen manje , Li te resevwa yon sèl vizitè epi li te “rete trankil” pandan moman egzekisyon an tap apwoche.

Zakrzewski te kondane pou asasina madanm li Sylvia ak 2 pitit li yo ,Edward ak Anna an 1994. Li te komèt krim sa lakay yo ,apre madanm li te mande l divòs. Li te touye madanm li ak yon kout fè , li te toufe l ak yon kòd, epi li te touye 2 timoun yo ak kout manchèt .

Avoka li yo te depoze plizyè apèl pandan ane yo , men yo tout te echwe. Kou Siprèm Ozetazini te rejte tou yon demann pou sispann egzekisyon an nan jou mèkredi a.

Ajan Ice yo rantre lakay yon fanmi san manda .Nan TAMPA, Florid , Vandredi pase a ,yon  fanmi  deklare ajan federal imig...
08/03/2025

Ajan Ice yo rantre lakay yon fanmi san manda .

Nan TAMPA, Florid , Vandredi pase a ,yon fanmi deklare ajan federal imigrasyon (ICE) te antre lakay yo san manda epi yo te ranvèse mèb yo , brase kay la ak lòt bagay yo san okenn rezon.

Biwo Avoka Ameriken an di fanmi an te fizikman entèfere ak yon ankèt ki te fèt legalman.

Lè yo te rive, yo t ap di pou l ouvri pòt la ak lòt bagay konsa, yo te eseye pran l epi yo te lonje zam sou li,” se sa Fuentes te di ki se youn ki tap viv nan Kay la .

Ajan federal yo t ap chèche Marvin Isaac Caceres Maradiaga Caceres ki soti nan peyi Ondiras, e yon jij federal te bay lòd pou depòte l an 2023, men li pa t janm kite peyia .

Sepandan, daprè sitwèb ICE la, yo pa bezwen manda pou sa kelkeswa kote ye , depi yo bezwen w yap rantre pran w !

08/03/2025

Gen moun ki leve jodi dimanch la , yo pa konn sa yo pral manje , aloske ou jwenn manje a wap plenyen li manke sel !

10 manje ki bon  pou kenbe pwostat ou an sante pandan lontan 🥦🍅🐟Pou w ka kenbe pwostat ou an bon sante epi evite pwoblèm...
08/03/2025

10 manje ki bon pou kenbe pwostat ou an sante pandan lontan 🥦🍅🐟

Pou w ka kenbe pwostat ou an bon sante epi evite pwoblèm ki ka afekte ògàn sa a, men 10 manje ou ta dwe ajoute nan rejim alimantè w:

1️⃣ Tomat – Rich an likopèn, yon antioksidan ki ka ede diminye risk kansè pwostat.

2️⃣ Broccoli – Gen konpoze souf ak antioksidan ki pwoteje selil yo kont domaj.

3️⃣ Grenn joumou – Chaje ak zenk, yon mineral esansyèl pou bon fonksyònman pwostat la.

4️⃣ Pwason gra – Tankou somon, makwo, aran, yo pote omega-3 ki ede diminye enflamasyon.

5️⃣ Nwa (Walnuts) – Soti ak omega-3, zenk, selenyòm, ki bon pou sante pwostat.

6️⃣ Te vèt – Rich an antioksidan ak katechin ki pwoteje selil kò a.

7️⃣ Grenad – Chaje ak antioksidan ak konpoze anti-enflamatwa ki soutni pwostat.

8️⃣ Kawòt – Bay beta-karotèn ki ede evite domaj nan selil yo.

9️⃣ Lwil oliv – Lwil oliv ekstra vyèj gen bon grès ak antioksidan ki diminye enflamasyon.

🔟 Bè (Berries) – Tankou framboise, mirt, myrtil; yo pote antioksidan ak fib ki bon pou pwostat.

👉🏾 Mete manje sa yo nan asyèt ou regilyèman pou soutni sante pwostat ou pandan lontan. Pa bliye konsilte yon pwofesyonèl lasante oswa yon nitrisyonis pou konsèy ki adapte ak bezwen ou.

Gen anpil enterè nan wòl antioksidan vitamin C genyen ,paske rechèch montre li ka netralize molekil radikal lib, ki nan ...
08/03/2025

Gen anpil enterè nan wòl antioksidan vitamin C genyen ,paske rechèch montre li ka netralize molekil radikal lib, ki nan gwo kantite ka domaje selil yo.

✨ Vitamin C ede tou nan sistèm iminitè kò a lè li aktive globil blan yo, ki goumen kont mikwòb ak geri blese.

Men, èske sa vle di li pwoteje kont kèk maladi?

• Prèv syantifik yo melanje: Gen kèk etid ki montre li ka ede diminye dire ak gravite rim nan, men li pa nesesèman anpeche w trape li.

• Pwoteksyon kont lòt maladi: Li gen yon efè pozitif sou sante jeneral selil yo, men pa gen prèv solid ki montre megadòz vitamin C ka anpeche maladi kwonik oswa enfeksyon grav.

🔑 Konklizyon: Vitamin C enpòtan pou iminite ak pwoteksyon selil yo, men pran li an kantite nòmal atravè fwi ak legim an sante deja bay benefis sa yo san bezwen megadòz.

Yon vè  ji konkonm pa jou ap pwoteje vizyon ou 👀🥒(JE W)Konkonm ki rich an dlo, vitamin ak antioksidan ka ede anpil pou k...
08/03/2025

Yon vè ji konkonm pa jou ap pwoteje vizyon ou 👀🥒(JE W)

Konkonm ki rich an dlo, vitamin ak antioksidan ka ede anpil pou kenbe je ou an sante. Men poukisa yon ti kiyè chak jou ka fè diferans:

1️⃣ Idratasyon esansyèl
Avèk 95% dlo, konkonm ede je yo rete idrate epi evite sechrès.

2️⃣ Vitamin C pou pwoteksyon
Yon antioksidan pwisan ki pwoteje selil je yo kont vyeyisman ak estrès oksidatif.

3️⃣ Vitamin A
Enpòtan pou bon vizyon, sitou lannwit, epi pou sante remtin lan.

4️⃣ Silis pou ranfòsman
Mineral sa a soutni estrikti tisi je yo epi diminye fatig vizyèl.

5️⃣ Fasil pou prepare
Melanje yon konkonm ak dlo, sitwon ak mant, epi bwè li fre chak maten. 🥤✨

08/03/2025

Anpil gason ki echwe pa t konnen yo te prèske rive nan siksè ,lè yo te deside abandone.
— Thomas Edison.

08/03/2025

Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a renouvle fòs yo. Yo pran vol tankou malfini. Yo kouri san yo pa bouke, yo mache san yo pa fatige.
Ezayi 40:31 Bon dimanch tout moun!

📞 Rele  Karesther LLC Immigration and Tax Services nan 917  742 4025  pou pran  sèvis  Imigrasyon ak Taks ou !Nou jere:K...
08/03/2025

📞 Rele Karesther LLC Immigration and Tax Services nan 917 742 4025 pou pran sèvis Imigrasyon ak Taks ou !

Nou jere:

Kat Travay , Azil , TPS , chanje adress nan court , chanjman adrès nan USCIS , Tradiksyon , sèvis notè, Taks !

✅ T-Visa – Si mari, madanm, patron oswa nenpòt moun fòse w fè travay, sèvis oswa sèks anba menas, fòs oswa fwod.

✅ Retire kondisyon sou Green Card 2 an – Pase soti nan GC 2 an pou jwenn GC 10 an, menm si nou separe oswa divòse.

✅ VAWA – Pou moun ki sibi abi oswa maryaj toksik ak yon Sitwayen Ameriken oswa Rezidan Pèmanan (mari, madanm, pitit granmoun, oswa patnè nan kèk eta).

✅ Ajisteman estati atravè maryaj – Kit se mari oswa madanm ou kap ede w jwenn Green Card .

Imigrasyon

Address

Naples
Naples Park, FL

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Karlo News posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Business

Send a message to Karlo News:

Share