01/12/2026
Tranbleman tè te Frape Ayiti 12 janvye 2010 se youn nan pi gwo trajedi ki te frape peyi a nan listwa resan li. Alantou 4:53 nan apremidi, tè a te tranble ak yon fòs 7.0 soti Pòtoprens, kapital la jiska leyogàn. Nan kèk segond sèlman, lavi plizyè milye Ayisyen tapral chanje. Dèy, tristès ak detrès te anvayi lavi yo, kote kay, lekòl, legliz, lopital, ak menm gwo enstitisyon leta tankou Palè Nasyonal ak Palman an, te vin tounen pil dekonb.
Plis pase 200,000 moun pèdi lavi yo, pandan plizyè santèn e milye te blese, e plizyè milye tapral pèdi kay yo. Peyi a te tonbe nan yon kriz imanitè san presedan. entènasyonal la pat pran tan: èd imanitè te soti toupatou nan mond lan, men distribisyon li te konplike akòz wout kraze, mank kowòdinasyon, ak enstabilite politik.
Jiskaprezan, blesi trajedi sa a poko geri nèt. Tranbleman tè sa a pa sèlman demoli gwo kay yo, li te mete tout sosyete a ajenou. Men, nan mitan tout destriksyon sa a, pèp ayisyen te montre fòs, detèminasyon ak kouraj. Yo kontinye lite chak jou pou rebati lavi yo ak nasyon yo. Tranbleman tè 2010 la se yon rapèl fò sou nesesite pou nou prepare kont dezas natirèl.
RJ Animateur RJ Animateur Apotre amelito