17/02/2023
Podiab pou nou, grangou melanje ak ensekirite fe Nou paka réfléchi anko😭
Paske pou jan map gade la Nou sou wout Viv yon lot esklavaj...
Yon esklavaj modern kote Nou ranpli yon fòm pou Nou pote Tet Nou ale San rann kont, pou Nou ajouter Nou kapab di si yo te renmn Nou vre, si yon te vle Nou soti kote Nou ye a se pa fòm sa yo tap itilize pou Nou.. nap rete tann sakap remet an retou paske oparavan se mennen yo te mennen nou men, jounen jodia se Nou ki pote Tet nous ale
Na raple Nou Moun sa yo pa janm bay piyayy
Kilè yo te renmn nou konsa vre 🤫🤔
Pwoblem fè Nou bliye vit, yon pèp inyoran, yon pèp 2 jel👀 kale li paka wè, yon pèp San objectif...
Olye yo ini nou se divize yap divize nou🤔 epi nou gade sa kòm yon bon desizyon.
kilè nap moun?
Kilè nap ka responsab Tet Nou?
Kilè nap sispann Manje res Moun?
Antouka nap swiv 😭