Konesans AN PLIS

Konesans AN PLIS konesans AN PLIS AP edew mete plis konesans Nan tèt ou pouw fabrike nenpot sa ou vle

04/07/2025
04/07/2025
✍✍✍
23/03/2024

✍✍✍

Wap jwenn tout kalite fèy pou fè remed pou nenpòt maladi ou genyen. Pataje like
22/03/2024

Wap jwenn tout kalite fèy pou fè remed pou nenpòt maladi ou genyen. Pataje like

Rasin AveYoun nan pi gwo sekrè nan Remèd Fèy Ayisyen an.Si w gen nenpòt vye bagay anndan vant ou l ap rache sa mete deyò...
03/12/2023

Rasin Ave

Youn nan pi gwo sekrè nan Remèd Fèy Ayisyen an.

Si w gen nenpòt vye bagay anndan vant ou l ap rache sa mete deyò ba w.

Bon kont pòch gaz, bil. Pwoblèm dijesyon. Manke apeti. Vant fè mal.

Enfeksyon

Pyè nan ren

Timè anndan

Doulè Règ. Lavaj apre ou anvan règ.

Tèt Fè mal

Detoksike kò a. Netwaye depatman anba a.

Pou sante jeneral kò a.

PREPARASYON:
Lave de twa bout. Bat yo pou yo fann epi bouyi yo pou 7-10 minit. Ajoute 2-3 grenn sèl. Bwè l pou tizann oswa 3 tas pou pi piti pa jou pandan 7 jou.

Pataje pòs sa w ap sove anpil moun. Nenpòt moun ka pran l sof timoun piti. Apati 8-9 ane timoun ka koumanse bwè yon ti tas tou piti. Fanm ansent pa dwe bwè l ni si l ap bay tete nan nouris. Se lè timoun nan fin sevre nou ka pran l pou jere anndan w.

M ap tann temwanyaj nou. Ou menm ki pa janm pran lavman depi syèk, fè eksperyans sa. Si w devlope yon alèji premye jou a pa kontinye bwè l jis ekri n oswa kontakte pèsonèl medikal ou.

Pa etone w si p**i w ak gaz w ap degaje gen gwo sant fò. Moun ka pa ka kanpe kote w ye a lol. Sa ap pase.

Cuscuta campestris(Sa se non syantifik plant sa)M ap kite elèv Medikaplant yo bay non plant sa. N ap fè pòs sou li pi de...
29/11/2023

Cuscuta campestris
(Sa se non syantifik plant sa)

M ap kite elèv Medikaplant yo bay non plant sa. N ap fè pòs sou li pi devan.

Youn nan plant puisan nou gen sou latè men domaj moun pa konn enpòtans li ase. Anpil fwa yo jis gade l kòm yon plant parazit paske l bezwen branche sou lòt plant pou l ka viv, se nan plant akèy li monte sou li a, l ap jwenn dlo ak nitriman li bezwen pou devlope. Plant sa nan Remèd Plant Ayisyen an, nou itilize l nan gwo trètman sitou lè gen vye maladi k ap manje anndan kò malad la, maladi k ap metastaze rapid nan plizyè pati nan kò a. Tankou fanm ki pran nan gason monte epi parazit l ap pwopaje anndan fi a apati pati prive l desann nan pye epi monte anba ti vant li pou pran tout kò l. Men se konnen ki pou manipile plant yo lè sa, se pa konesans ak teknik ou jwenn nan lari.

Plant sa se yon plant ou mete nan kèk beny puisan pou dezanvoute moun, sitou moun yo lave men, moun devenn ak move sò ap swiv, moun tout sa l fè bloke menm si yon bon bagay koumanse mache pou li sa bloke menm jan ak travay ak relasyon li. Ou ka ajoute li menm ak asosi nan nenpòt beny deblokaj ak devenn, y ap fòtifye beny lan. M’en gen beny espesyal fòmil Medikaplant nou konpoze ak plant sa, se koze VIP.

Ki jan yo rele l kote w soti a? Ki sa Granmoun konn fè ak li?

Sou Medikaplant n ap aprann konnen idantifye plant yo epi dekouvri byenfè yo genyen pou garanti sante nou ak lavi nou.

Pandan kanpay bwè te chak jou a, li t ap bon pou n pran yon ti enfizyon plant sa.

mesaj sa pou tout ayisyen dwe konnen ,lèn legliz nan pataje mikwo, gen maladi nou ka pran tèt mikwo yo ta dwe lave aprè ...
18/11/2023

mesaj sa pou tout ayisyen dwe konnen ,lèn legliz nan pataje mikwo, gen maladi nou ka pran tèt mikwo yo ta dwe lave aprè chak sèvis,oubyen men yon eponj nan tèt mikwo yo pou absòbe krache yo,men kèk maladi nou ka trape nan pataje mikwo ki pa netwaye ,pataje post sa pou mwen souple gen kèk prensip poun adopte nan pataje mikwo paske nou ka pran maladi konsa

lèw legliz ou ka remake mikwo an pase de bouch an bouch e gen yon bagay nou ka remake mikwo yo konn gen sant , sant sa se sant krache , postiyon nou voye lèn ap chante oubyen ap pale konn sot jis nan aryè gòj nou , si moun nan enfekte yo ,yo konn gen viris , gen bakteri ki ka bay maladi, gen moun lèl ap pale li kole bouch li a mikwo an, tèt mikwo yo gen anpil krache, lèn fin manyen yo aprè sevis la nou konn bay tout moun lamen lè sevis fini, lè konsa nou ka pwopaje maladi

ann wè kèk maladi:
-ou ka trape grip , ki koze konn pa yon viris influenza,nou ka pranl nan postiyon, nan bay moun ki fin estene nan men yo lamen,oubyen nan manyen bagay ki kontamine tankou mikwo epi al met men nan bouch ou,oubyen mache ba moun lanmen

-nou ka trape "mononucléose" se yon maladi ki koze pa viris Epstein-Barr, nou ka pranl nan saliv, li manifeste pa gòj fè mal, fatig, ou konn santi feblès nan tout kòw

-nou ka pran èpès li koze pa yon viris ,nou konn wè lè bò bouch moun yo gen yon ti mak nou konn di se ravèt ki bobo yo, ou ka pranl lè moun nan ap pouse saliv, lè moun trape l li ka gen fyèv, tèt fè mal

-ou ka gen angine a streptocoque , li koze pa yon bakteri,lew pranl li baw gòj fè mal, fyèv, difikilte pou vale

-ou ka pran kowonaviris tou nan saliv la, de menm pou tibèkiloz men tibèkiloz la anvayi kò an plis lè sistèm defans ou ba

li tap mye pou mikwo yo gen ti eponj kap absòbe saliv yo, oubyen lave tèt mikwo paske lè saliv yo kolekte twòp saliv li konn fè tèt mikwo yo santi di

like & pataje pou plis moun jwenn konesans
idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

siw paka respire byen ,oubyenw we ti souf ou anlè,siw ta renmen konsilte yon Dr ekri Dr Gandhi Gedner, rele nan
+509 42 33 8125

16/11/2023

Ton dossier sera approuvé.
Dosyew la pa lwen apwouve zanmim 🙏🙏🙏🙏

✍✍✍
16/11/2023

✍✍✍

jodya an m vin pale nou de yon kansè anpil nan nou minize koz fason kansè sa ba nou avètisman nou inyore sa ,pataje post...
13/11/2023

jodya an m vin pale nou de yon kansè anpil nan nou minize koz fason kansè sa ba nou avètisman nou inyore sa ,pataje post sa pou plis moun jwenn konesans paske nou souvan tande moun ap plenyen de anba kè fè mal, nan kilti pa nou ayisyen toujou di " ahh gaz sa kenbem anba kè" poutan se konn yon ilsè kap egzajere pi devan ki pral transfòme an kansè estoma, e nou pral wè poukisa nou pa dwe janm inyore H pylori

6 an sifi pou kansè sa pase de kansè #4 a kansè #3 an Ayiti , donk kansè estoma pa yon jwèt ...e ki di kansè an Ayiti preske di lanmò koz nou souvan al kay Doktè lè sa grav

kisak favorizel? kisa w ka santi? e ki prekosyon pou w pran?

ki faktè ki favorize moun fè kansè estoma?
-moun ki fimen
-moun ki toujou gen asid kap monte nan gòj yo

-manje ki sale
-manje boukannen
-vyann wouj
-rejim ki pov an fib e rich an grès

-gen yon ti mikwob nou souvan wè doktè ap chèche se H pylori, mikwob sa se li avèk kèk medikaman doulè , e alkòl ki bay ilsè, ki li menm ka transfòme an kansè

-gon viris yo rele EBV( virus d'Epstein-Barr) ki favorizel

-Fanmi an konte tou siw gen yon moun nan fanmiw ki fè te kansè estoma risk pouw fèl la ou menm miltipliye pa 3

-siw te konn malad nan estoma, pa eskzanp siw te fè gastrit ,ilsè etc... ou gen anpil chans pouw fè kansè estoma tou

kisa moun nan ka santi?
-li ka ap plede gonfle lèl fin manje
-li ka ap plede vomi
-doulè anba kè
-li ka twalet nwa oubyen remake tras san nan vomi an
-li ka arive anemi
-pa sou manje
- gwo boul pouse anba klavikil sou bò goch ou ka palpe rejyon bò kou moun sa wap santil

kijan pou pwoteje tèt nou ?
-pa panse doulè anba kè vle fòseman vle di gaz, yon ilsè ka baw li, donk depi w gen doulè anba kè se al kay doktè
-pa fimen
-ralanti sou grès
-manje manje ki rich an fib tankou fig
-ralanti sou sèl a epis
-ralanti sou alkòl
-ralanti sou manje boukannen a vyann wouj
-pa pran medikaman doulè san avi medsen

siw gen moun nan fanmiw ki te fèl, rete sou siveyans medikal toujou fè check-up

like& pataje
idantifye yon moun li avèw

Kerry NORBRUN

ou konn gen doulè anba kè ,gou asid dlo si ap plede monte nan bouch ou?se ka H pylori,
siw ta renmen konsilte yon medsen ,nou ka ekri nou, siw ta renmen fè ekzakmen e menm tretel, siw ta renmen antre an kontak avèl relel nan : +509 42 33 8125
siw gen whatsapp klike sou lyen sa
https://wa.me/+50942338125
wap antre an kontak dirèk avè nou

TRAITEMENT DE L'ULCÈREObtenez une papaye non mûr et la laver.Ne pas peler et ne pas enlever les graines.Après avoir soig...
11/11/2023

TRAITEMENT DE L'ULCÈRE
Obtenez une papaye non mûr et la laver.
Ne pas peler et ne pas enlever les graines.
Après avoir soigneusement nettoyé l'extérieur, coupez-le en tranches sans le peler. La coupe devrait être petite comme des morceaux de sucre.
Mettez tous les petits morceaux de la papaye dans un récipient propre.
Remplissez le récipient avec de l'eau pour arrêter au même point que la papaye en tranche s'est arrêtée.
Laissez la papaye dans l'eau pendant quatre jours. Par exemple, si vous le faites tremper un lundi, compter mardi, mercredi, jeudi et vendredi sera le quatrième jour.
Le quatrième jour, l'eau sera blanche filtrez l 'eau jetez la papaye et l'eau devient votre remède contre l'ulcère.
POSOLOGIE: boire un demi-verre de l'eau de la papaye tous les matins, après-midi et soir. Vous ne sentirez plus ces douleurs ulcéreuses, car elles soigneront les plaies internes qui sont à l'origine de la douleur.
Ce matin, l'après-midi et le soir, la consommation d'eau de papaye peut continuer pendant des semaines et des mois, en fonction de la gravité de l'ulcère. Ce n'est pas un soulagement. C'est un remède.
Note complémentaire: un ulcère est une plaie interne généralement présente dans l'estomac ou les intestins.
Les causes courantes de l'ulcère sont l'infection par la bactérie Helicobacter pylori (H. pylori) et l'utilisation à long terme de l'aspirine et de certains autres analgésiques, tels que l'ibuprofène (Advil, Motrin, autres) et le naproxène sodique (Aleve, Anaprox, autres). Le stress et les aliments épicés ne causent pas d’ulcère peptique. Cependant, ils peuvent aggraver vos symptômes.
Eviter de prendre des analgésiques forts sans ordonnance. Si vous prenez le temps de lire les effets secondaires, vous constaterez que les médicaments antalgiques provoquent des ulcères ou des plaies dans le corps.
Ce traitement mentionné n'est pas une raison pour ne pas aller à l'hôpital, car toutes les douleurs internes ne sont pas des ulcères.

Dirección

Cruz De Marilopez
Santiago

Teléfono

+18494300115

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Konesans AN PLIS publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir

Categoría