07/11/2025
LA FILLE À PAPA
💃🏻💃🏻💃🏻💃🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻🥀🍂👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻💃🏻💃🏻💃🏻💃🏻
Epizòd #1
Écrit ✍️ par: Lander
FaceBook: Lander Productions
Tit: Lanmou papa pou pitit li se yon bagay inik
👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻👩🏾❤️👨🏻
Fè yon pitit pa rete la, gade l k ap grandi, ba' l lanmou, viv avè l tankou w t ap grandi ak rèv ou, fè l konprann reyalite lavi, sitou si w ta pou kont ou, hm se pa yon ti jwèt bagay... Gen fanm, mwen byen di fanm, fanm vanyan, fanm 2 pye pantalon ki leve pitit yo pou kont yo, san prezans papa ni menm yon fanmi ki pou ede l. Yon MANMAN se yon lòt lavi, se yon kado ki vo tout bagay, yon bon manman se sa nèt. Men, nou paka pase sou sa pou n inyore lanmou papa pou pitit yo tou, gen papa ki konn sa sa vle di papa, gen papa ki leve pitit yo menm jan tou, san èd manman, san èd fanmi ni menm yon zanmi. Sa konn pi difisil toujou, paske, anpil fwa, gason sa oblije aprann viv tankou fanm sitou si l ap leve yon pitit fi, jis pou l konprann reyalite pitit la pi byen epi mennen l nan bon chimen pou evite l pèdi nan echèk ak dezespwa. Non m se Wise Lander, kite m pran swen pou m rakonte w istwa bèl fanmi sa a an seri, ki t ap viv yon Lanmou papa san prezans pèsòn e ke nan yon senp rankont anpil bagay pral chanje... m ap kòmanse konsa :
Nathalie se te yon jenn demwzèl ki te gen anviwon 20 ane. Depi lè l t ap grandi, li pat janm jwenn pèsòn kòm sipò pou li ke papa l, amitye yo te pwofon anpil. Esaïe, papa Nathalie, se te yon gason vanyan, ki te gen yon pwomès pou l onore, wi li te pwomèt madanm li ke l ap angaje l nan edikasyon pitit fi yo a, e l ap leve l tankou yon papa responsab. Pwomès sa te respekte, paske Esaïe te sispann viv lavi l pou li, men pito li te konsakre l pou reyisit grenn pitit fi li a.
Kòmansman pat fasil ditou, men jan Rosaline te pwomèt Esaïe a, li sanble te toujou akonpanye l e ba' li fòs pou l te mennen gwo konba sa a...
Epòk Nathalie te gen 2...9 ane yo, Esaïe te oblije mennen l tout kote l pase, li te konn g on ti chou nan tèt li ak 2 ti très lage sou figi l, se te pi bèl e meyè kout peny Esaïe te konn fè. Aprè sa, li se yon gason 5 dwèt, manje l pat manje nenpòt fanm te ka fè...
Li te eseye tout bagay pou l te siviv, paske l t ap viv li menm sèl, san pèsòn, ni menm yon kouzen, matant. Ti Biznis li te ouvè ki t ap al pete yon pòt delivrans pou li se te yon restoran tou prè lakay li, li te kòmanse l anba dra jiskaske l transfòme l an yon restoran 5 etwal nan vil la.
Avan sa, Esaïe pat sispann rankontre lòt fanm ki te vle viv avèk li, men li te toujou di, pwoblèm li nan moman pa pwoblèm fanm, men pito yon manman k ap renmen ni li, ni pitit fi li a e li te sèmante ke l p ap mennen okenn fanm sou Prensès li tout tan li poko gen 20tan e se li k ap apwouve chwa a, sinon l ap rete tann toujou.
Waw! Ki modèl gason sa en?
Ebyen, yon jou, Pandan Esaïe t ap prese al chèche Nathalie nan yon seminè, li kwaze ak Juliette, yon moun li te konnen depi nan anfans li, men ki te toujou ap jwe tout kou l konnen pou Esaïe renmen avè l, sitou lè l vin remake siksè mouche a fè nan lavi li. Tout fanmi Juliette te vle sa tou. Men, moun sa yo pat bon moun ditou, sitou nan zafè lajan, pa gen anyen yo p ap fè pou li.
Sou wout la, pandan Esaïe nan machin li, li wè yon moun a distans k ap fè l siy pou l kanpe :
Esaïe di : "Men, sa sanble ak Juliette ? Sa manzè ap fè la, tchuipsss..."
Epi lè l rive sou moun nan, li kanpe.
Juliette
— Slt beau gosse ! Mais attends, on dirait que tu voulais pas arrêter la voiture juste pour me saluer ?
Esaïe
— Bonsoir Juliette ! Je suis en re**rd pour aller chercher ma fille, et toi tu voulais juste me saluer ? Alors que tu pouvais m'envoyer un texto.
Juliette
— À ton avis, je n' t'avais pas envoyé de textos ? Se pou w di ou pa li yo. Men m konprann après tant d'années san w pa gen pèsòn avè w se nòmal pou w ap eseye inyore kèk santiman. M ap pran pasyans, w ap fini pa konprann e lese w ale yon jou.
Esaïe
— Laisse-moi te rappeler que je suis pressé Juliette. Ou deja bay salitasyon an, mwen resevwa l, donc...
Juliette
— "Donc" quoi ? Ou pa menm mande m kote m prale pou w t a ban m yon woulib menm epi🙄 ki mòd mank de cham sa, Esaïe pa m nan pat konsa non, ou g on moun ki vle chame w nan plas mwen ?
Esaïe
— Juliette, Juliette, Juliette ! Ou konnen byen ke ni mwen ni ou nou pa gen okenn relasyon ki ale pi lwen ke 2 moun ki te abite sou menm katye e ki gen yon relasyon vwazen, vwazin, mwen respekte moun lakay ou. Arrête tes petits jeux. stp.
Juliette
— Okey, okey ! Mawozo kreyòl, gad on bèl fanm konsa ou panse w ka reziste anba cham li ? Gade m byen Esaïe, ki sa m manke ? En ? Chak doub mwen se yon zam sediksyon. E m byen kanpe, ou wè e w konnen m edike, sitou m g on bèl fòm, e pa enkyete w mwen pa gen defo kabann, mwen di w sa deja, mwen pa bezwen pale w de dous Zazou, mwen se manman myèl la menm, epi ou pa menm vle akòde m yon chans ? Si m ap fè chen nan pye w se pa paske m paka jwenn lòt Nèg non, men pito se ou ki mezi pye m, se ou m toujou wè nan rèv mwen, se ou m vle ki pou ap tranche m tankou zaboka, ki pou ap ouvè kokoye m, si se pou lajan ou konnen m pa sezi pou sa, men w se yon nonm ak siksè, se pa tout gason ki ka fè trayay ou fè pandan tou ane sa yo Zazou, mwen damou w bb.
Esaïe
— Mwen konprann ou, n ap pale sou sa aprè, paske Nathalie pa tolere mwen anreta nan anyen.
Juliette
— D'accord, dans ce cas, kite m akonpanye w paske m gen ijans pou m ale nan Lopital ki tou prè lekòl Nathalie a.
Esaïe ezite..., epi li aksepte pou evite pèdi plis tan ak evite lòt ti annui aprè.
Juliette pwofite de woulib la pou l manyen defans Esaïe nan machin nan, li te deja abiye ak yon san fouk nwa, li mete yon kilòt tanga blan, trè seksi e li fè ti branch yo ki nan senti kilòt la moute anlè pantalon san fouk la, senti pantalon an pa tache, epi l mete yon ti top, tanzantan l ap atire rega Esaïe sou li. Ki gason ki pa t ap bande ? Imajine w yon fanm anfòm konsa, k ap pale pou l sedui w ak vwa l, chak sa l ap di tankou se alsiyis li anvi fè, epi l ouvè kò l nan machin nan, wout la pa twò bon, pou w soti anndan Byennak 4 pou desann Kasolèy pou rive Raboto nan lopital la, pandan seminè a t ap fèt tou prè a nan Lise Raboto a... chak kout sakad machin nan bay, Juliette bay yon alsiyis "sss ay Zazou, dousman bb, o sssssssm w ap touye m, ou vle bloke ssss sentim" nan yon vwa ki seduizan, epi chak moman sa li pwofite pase men l sou pantalon malere a ke l toujou di se yon aksidan...
Menm si w pa renmen fi sa, ou paka pa kanpe sou 3e pye w, amwenke sèvo w pa fonksyone byen oubyen w pa du genre, tankou w pa gason ki wè nan fanm...
Pandan Esaïe pral janbe yon pon, ki gen anpil ti sakad li pral bay, manzè Juliette tou depoze men l sou pantalon an tankou s on moun k ap antre levye nan yon ti kamyonèt ki chaje pou Ènri...
Epi l kenbe Esaïe di nan pati enferyè li, li di l: "si w pa dakò pou w manyen m jodi a aprè w fin al dèyè Nathalie, m ap anmède w san kanpe e ou p ap ka mete m atè."
Pandan Esaïe pral pouse men l lòt bò epi pou l reponn li pou l di li si l kontinye l ap sezi wè l mete l deyò nan machin nan, se moman l al pote boure sou yon gwo baskil ki te chaje ak sab "bow, krrrriiiiirrrrrkkkkk" tout moun sou wout la sezi.
Machin nan tèlman t ap vini ak yon vitès, li vòltije al tonbe lotbò lari a, Esaïe vòltije frape nan vit la epi l tonbe sou devan machin nan, tèt li deyò, rès kò l anndan machin nan, paske l tèlman t ap fè prese, li pat menm sonje mete senti sekirite. Tout Moun men non bouch, men nan tèt...
Ou kwè malere a t a al pèdi lavi l la?
📖Ti Leson Moral
Pa janm dakò rete nan yon pozisyon a 2 e prive ak yon moun ou konnen ki gen entansyon ki kont pa w la. Epi lè w ap kondui, evite sedui chofè a menm si ti afè w t ap grate w dènye nivo.
Nou pa swete sa, men ase souvan lanati toujou deside kont chwa nou
Mwen pa gen plis mwen ka di, ke Reyaji, pataje istwa bay yon lòt moun epi, ret branche pou pati 2 a...
👉 Asuiv...
Epizòd #2 “Menm Bondye Nathalie t ap retire kòm kriminèl si sa se t a vre” 💔😞
🤗𝐏𝐚 𝐞𝐳𝐢𝐭𝐞 𝐟𝐞̀ 𝐊𝐨̀𝐦𝐚𝐧𝐭𝐞̀ 𝐲𝐨 𝐥𝐨𝐧𝐠, 𝐬𝐞 𝐭𝐨𝐮𝐣𝐨𝐮 𝐲𝐨𝐧 𝐩𝐥𝐞𝐳𝐢 𝐩𝐨𝐮 𝐦𝐰𝐞𝐧 𝐩𝐨𝐮 𝐦 𝐫𝐞𝐩𝐨𝐧𝐧 𝐭𝐨𝐮𝐭 𝐧𝐞̀𝐭, 𝐞𝐩𝐢 𝐚𝐯𝐢 𝐰 𝐞𝐧𝐩𝐨̀𝐭𝐚𝐧 𝐚𝐧𝐩𝐢𝐥. 𝐃𝐢 𝐧𝐨𝐮 𝐤𝐢 𝐬𝐚 𝐰 𝐩𝐚𝐧𝐬𝐞 𝐝𝐞 𝐞𝐩𝐢𝐳𝐨̀𝐝 𝐨𝐮 𝐬𝐨𝐭 𝐥𝐢 𝐚...