29/04/2026
JÈN AYITI, KI MOUN W AP BAY FÒS ?
_Le w bay medyokrite mikwo, pa plenyen lè l vin dirije peyi w.
Frè m, sè m, ann pale serye 2 minit.
M louvri TikTok denyeman . Premye Live mwen wè : Yon "lidè" yon bandi yon revolisyonè 12,000 jèn ayisyen ap gade, ap voye kè, ap voye kado, ap fe dyalog kom kwa yap fè la pè ,se komsi bandi ap denonse otorite ki bayo zam lan
Ap pote pep lan plent yon pep ki viktim de zam bandi yo e de konplo otorite yo
M chanje. Dezyèm Live : BIC ap pale de pwezi, de istwa peyi a, de kijan pou nou soti nan twou sa. 340 moun ap gade.
Ki lè nou te tounen fou konsa ?
1. GLASE KAP GAD OU NAN MIWA: OU AP NOURI PWÒP BOURO W
An nou sispann bay tèt nou manti. Chak fwa ou :
1. Rete 3 èdtan nan Live yon bandi k ap montre zam ak lajan sal,
2. Pataje videyo asasen k ap fè djòlè sou kadav,
3. Ekri anba post kriminèl,
Ou pa jis "gade". Ou ap vote. Ou valide ou aksepte
Ou ap vote ak tan w. Ou ap vote ak done w. Ou ap vote ak atansyon w.
Epi algoritm yo konprann yon sèl bagay : _« Sa jèn ayisyen yo vle, se san, se vyolans, se medyokrite. Ban m yo plis. »_
Pandansetan, Belo ap goumen pou l jwenn 10 000 view sou yon mizik ki ka geri nanm ou.
Jean Jean Roosevelt ap vide kè l pou l raple w ke ou se pitit Dessalines, e ou gen 200 like.
Blaze One ap kraze mikwo ak konsyans, men se pa li ki nan trending.
Kesyon an senp : Ki moun n ap bay fòs ?
Paske moun ou bay fòs jodi a, se li k ap dirije w demen.
PRI OU AP PEYE POU MEDYOKRITE W LA
Ou panse se jis "amizan" ? Men bòdwo a :
Ou bay 1 èdtan atansyon w pou... Ou pèdi...
Yon bandi nan Live 1 èdtan ou t ka aprann yon konpetans sou YouTube pou w kite peyi a oswa kreye biznis ou.
Pataje videyo krim Ou nòmalize lanmò. Ou anestezi pwòp kè w. Demen lè se fanmi w, w ap mande "kijan nou rive la?"
Ignore Ou touye pwòp kilti w. Ou voye mesaj bay tout timoun : "Pou w reyisi Ayiti, fò w touye moun, pa chante.,fow popilè ,pa aprann
Se sa ki koz pat benzwen fe kontni sou sal genyen kom konesans men sou botel paske li konpran ke gen selman 71mil abone sou tiktok se pske lap pedi tan nan bay konesans
Reality check : Bandi a pa bezwen w pou l rich. Li gen zam. Men Belo bezwen w pou mesaj li sikile. Kilti a mouri lè ou sispann nouri l. E lè kilti a mouri, se bèt ki ranplase l.
YO PA PI FÒ PASE W. YO PI ENTELIJAN PASE W NAN ITILIZE SÈVO W
Bandit yo konprann yon bagay anpil jèn pa konprann : Atansyon = Pouvwa = Lajan = Kontwòl.
Yo ba w vyolans, sèks, lajan fasil. Paske yo konnen sèvo w renmen dopamine rapid.
BIC ba w pwezi. Sa mande w reflechi. Sa mande w grandi. E grandi fè mal.
Kidonk ou chwazi chemen fasil. Ou chwazi manje vit ki bay kansè lespri.
Epi apre w ap mande kòman fè peyi a gen kansè tout bon.
Tonton Bic di l deja :* _"Se sa nou vo a n ap jwenn."_
Si nou vo Live bandi, n ap jwenn peyi bandi. Si nou vo pwezi, nou ka rebati peyi pwezi.
JENG ACADEMY : REPRANN KONTWÒL MIKWO A
Jèn Angaje, li lè pou n sispann plenyen epi pou n aji. Mikwo a nan men w. Men kijan pou itilize l jan di jenes lan se prezan peyi an se kounya poun aji
FÈ GRÈV ATANSYON
Deside kounya : _« Mwen pap bay asasen 1 segond nan tan mwen ankò. »_ Unfollow. Block. Report. Wete pouvwa yo. Lè odyans lan tonbe, yap pèdi fòs.
BAY FÒS AK SA KI KA SOVE W
Jodi a menm, ale sou YouTube :
1. Chèche "Belo Haiti Live"- Gade l. Kite yon komantè. Pataje l.
2. Chèche "BIC Peyi Mwen"- Koute l. Ekri sa l fè w santi.
3. Chèche "Jean Jean Roosevelt Parol"- Aprann tèks yo pa kè.
4. Chèche "Blaze One Conscience" - Voye l bay 3 zanmi w.
Si 50,000 jèn fè sa demen, algoritm yo oblije chanje. Trend la oblije chanje.
VIN BATI ALTÈNATIV LA
Nan JENG ACADEMY, nou pa chita ap kritike fènwa. Nou limen bouji.
Nou gen : Liv gratis pou nouri lespri w, pou w vin ewo nan domèn ou, ak moun ki gen valè, sikoloji pou geri chòk peyi a mete sou ou.
Paske se pa ak men vid n ap goumen kont medyokrite. Fòk lespri w ame.
KONKLIZYON : ISTWA AP JIJÉ W
50 an apre jodi a, pitit ou pral mande w : _"Papa, manman, kisa ou t ap fè lè peyi a t ap koule ?"_
Kisa w ap reponn ?
_"M t ap gade Live bandi, live masisi live lobey briganday ,m t ap voye kè"_ ?
Oubyen _"M te deside nouri sa ki bèl, sa ki grand, sa ki ka sove nou"_ ?
Jèn Ayiti, ou pa medyòk.Men chak fwa ou klike sou medyokrite, ou aksepte vin medyòk.
Kraze chèn nan. Koupe abònman ak lanmò. Bay Belo stream li merite. Bay BIC like li merite. Bay tèt ou lavni ou merite.
Peyi a pa mande w pou w pafè. Li mande w pou w chwazi.
Kounya. Kisa w chwazi ?
OFIDDH – JENG ACADEMY
_Paske yon jèn ki chwazi konsyans olye kanson, ka chanje tout yon nasyon._
Aksyon rapid :* Pataje atik sa. Tag 3 jèn ki bezwen li l. Epi ale koute yon mizik Belo kounya. Pwouve w se pa pawòl.
Widlou Plsh Eustache
Kelan Jn Louis
Junior Dominique
Shelot Pierre