Sikoloji an kreyòl

Sikoloji an kreyòl Se yon paj ki la pou ede timoun, jèn, tankou granmoun konn enpòtans sante mantal yo.

17/11/2025

Sonje sante mantal ou enpòtan! 💚

10/11/2025

Viv ak travay nan yon lòt peyi pote anpil defi emosyonèl, sosyal ak pwofesyonèl. Nan live sa a, nou pral pale sou fason pwofesyonèl ayisyen kapab adapte yo, jere estrès, bati rezo sipò, epi kontinye grandi malgre distans ak chanjman kiltirèl yo.

Envite espesyal: 🎙️ Listane B. Eloy
Prezantan: Mike Beaubrun

Ou pral aprann:
✅ Kijan pou jere balans ant lavi pèsonèl ak travay aletranje
✅ Estrateji pou kenbe sante mantal ak emosyonèl ou
✅ Konsèy pou adapte w ak nouvo kilti san pèdi idantite ou

Sante mantal pa sèlman pèsonèl, nou pataje l ant nou! Men kat pratik fondamantal pou yon fanmi ki Djanm. Ki “K” ou pral ...
07/11/2025

Sante mantal pa sèlman pèsonèl, nou pataje l ant nou! Men kat pratik fondamantal pou yon fanmi ki Djanm. Ki “K” ou pral konsantre w sou li semèn sa ? kenbe pòs sa pou w ka raple w de yo.
:
:
🍃
🍃
**Enfòmasyon nou pataje la se pou rezon edikasyonèl sèlman yo pa ranplase konsiltasyon endividyèl ak yon pwofesyonèl sante mantal.**

Jwenn nou LIVE dimanch 9 novanm a 7pm sou Facebook. Kote nou gen pou n pale de ”Kijan yon pwofesyonèl ka jere lavi li pa...
04/11/2025

Jwenn nou LIVE dimanch 9 novanm a 7pm sou Facebook. Kote nou gen pou n pale de ”Kijan yon pwofesyonèl ka jere lavi li pandan li nan yon peyi etranje” avèk yon pwofesyonèl sante ki ap evolye nan peyi etranje epi kòm moderatè.

Mete rapèl ou, epi sonje envite lòt moun!

Pou w wè tout aktivite nou genyen yo ale vizite web nou an!

Pa tann “demen” pou pran swen tèt ou.Aji kounye a, paske chak ti etap ou fè se yon viktwa kont pwokrastinasyon.
03/11/2025

Pa tann “demen” pou pran swen tèt ou.
Aji kounye a, paske chak ti etap ou fè se yon viktwa kont pwokrastinasyon.

26/10/2025

TDAH (Twoub Defisi Atansyon ak Ipeaktivite) se youn nan pwoblèm ki pi souvan nan timoun ak granmoun jodi a. Men, èske w te konnen terapi ka jwe yon wòl kle nan amelyore lavi moun ki ap viv ak li?

Nan Facebook Live sa, Sikoloji An Kreyòl envite w pou w konekte, konprann, epi aprann kijan terapi kapab ede nan jesyon TDAH — nan yon pèspektiv terapetik ak pwofesyonèl.

Dirección

Santo Domingo

Página web

https://bio.site/sikoankreyol

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Sikoloji an kreyòl publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto La Empresa

Enviar un mensaje a Sikoloji an kreyòl:

Compartir

Categoría

Onè!

Byenvini sou paj Sikoloji An Kreyòl (SAK) la!

Nou swete a pati de pòs nou fè yo ou jwenn wout ou avèk enspirasyon pou lavi w ka miyò.

Si w ta renmen nou pale de yon sijè ou ka di nou nan yon kòmantè oubyen ekri nou yon mesaj. Pase vizite nou sou “Twitter” ak “Instagram” tou.

Epi sonje “Sante Mantal nou avan tout bagay”