X-Trè

X-Trè produit miracle pour accélérer la pousse des cheveux, des ongles et des cils.

28/04/2026
26/03/2026

🚨 Nasyonzini: Yon Vòt Istorik sou Esklavaj
​Asanble Jeneral Nasyonzini an pran yon desizyon istorik mèkredi pase a lè li pwoklame trafit esklav Afriken yo kòm krim ki pi grav kont limanite. Se peyi Gana ki te alatèt konba sa a, ak espwa pou sa louvri chimen pou eskiz ofisyèl ak reparasyon pou desandan yo.
​Rezilta Vòt la:
​Vòt la te fèt nan yon anbyans chaje ak emosyon, men rezilta yo montre yon faksyon nan kominote entènasyonal la ki pa dakò:
​Pou: 123 vwa (Majorite a te bat bravo)
​Kont: 3 vwa (Etazini, Izrayèl, ak Ajantin)
​Abstansyon: 52 vwa (Sa gen ladan l Wayòm Ini ak peyi ki manm Inyon Ewopeyen yo)

26/03/2026

🚨 Sondaj Fox News: Majorite a pa dakò ak jan Trump ap dirije.
​Yon nouvo sondage Fox News montre ke 59% nan elektè ki enskri yo pa apwouve pèfòmans prezidan Donald Trump, kont 41% ki apwouve li.
​Sondaj la te fèt ant 20 ak 23 mas, ak yon maj erè ki varye ant ±3%.
​Rezilta sa yo montre yon nivo dezapwobasyon majoritè nan mitan yon seri tansyon politik ak desizyon administrasyon li an te pran dènyèman.

26/03/2026

🔴 debake nan peyi Brezil ak SUV elektrik
​Sa ranfòse estrateji mondyal GM la ki baze sou liks, pèfòmans ak elektrifikasyon.

​Constructè machin Cadillac la franchi yon etap estratejik enpòtan lè li anonse li pral antre sou mache brezilyen an. Sa konfime anbisyon li genyen pou l ranfòse prezans li nan nivo entènasyonal nan kategori machin liksye yo.
Implantasyon sa a se yon gwo chanjman pou mak "premium" General Motors la, k ap kontinye yon ekspansyon mondyal solid ki konsantre sou kalite siperyè, inovasyon teknolojik, ak fason pou rann tout modèl machin li yo elektrik.

26/03/2026

🔴Atansyon sou otowout I-95 nan Florid
​Mezanmi, fè atansyon! Gen anpil mouvman migrasyon sou otowout I-95 la nan Florid, depi anwo jouk anba. Gen moun y ap arete, epi gen yon gwo kolaborasyon k ap fèt ant otorite lokal yo, otorite leta yo, ak otorite federal yo...

26/03/2026

🔴Yon moman dwòl nan Lamezon Blanch: Melania Trump parèt ak yon robo
​Nan Lamezon Blanch, yo fèk viv yon moman ki vrèman etranj epi ki pa janm rive anvan: Melania Trump soti akonpaye pa yon robo ki mache epi ki pale pou kont li. 😳
​Jodi a, pandan yon fowòm entènasyonal nan Lamezon Blanch, Premye Dam nan soti ansanm ak “Figure 03”, yon robo avanse ki mache pou kont li epi ki ka panse ak pale poukont li.
Grasa entèlijans atifisyèl, robo sa a pa t sèlman mache kòtakòt ak Melania Trump, men li te prezante l tou nan plizyè lang. Anplis de sa, li te siprann piblik la lè l te fè kèk jès tandrès tankou bay akolad ak salye moun.
​Gen moun ki di se yon fason pou atire atansyon, alòske gen lòt ki wè sa tankou yon bagay ki dwòl (louche). Se sèl tan k ap di nou ki jan sa pral fini…

26/03/2026

🚨 Jesse Ventura lanse yon defi bay Barron Trump
​Ansyen gouvènè eta Minnesota a, Jesse Ventura, fèk fè yon apèl piblik bay Barron Trump pou l mande l antre nan lame ameriken an.
​« Al batay nan lagè papa w deklanche a, » se sa li di pitit gason pi jèn Donald Trump la.

Adresse

Reims

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque X-Trè publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à X-Trè:

Partager