11/12/2025
Klarifikasyon sou yon Rimè k ap Sikile
Bonswa moun Mibalè, S**o, Plato Santral an jeneral. Non pam se Frédéric Jean Rony di (Imòtèl) m vle pote yon demanti fòmèl sou yon enfòmasyon k ap sikile kòm kwa mwen ta ap pouse popilasyon an atake moun REPOZEM yo. Sa a pa gen anyen pou wè ak verite.
REPOZEM se yon estrikti ki te fè anpil efò pou Mibalè pa t tonbe nan sa n ap viv jounen jodi a, menm si domaj yo finalman rive. Mwen te toujou apresye ak respekte travay mesye dam sa yo. Nou ka pa gen menm demach oswa menm estrateji pou n retounen lakay nou, men objektif la rete menm. Se poutèt sa, mwen pa t ap janm ankouraje okenn move zak kont yon manm REPOZEM.
Nan moman difisil sa yo, kote nou tout ap chèche fason pou nou menm moun Mibalè retounen lakay nou, sa ki dwe prime se tèt ansanm, respè ak tolerans. Nou dwe voye jete tout pawòl ki ka mete divizyon nan mitan nou oswa kreye laperèz nan popilasyon an.
Ann kontinye mete fòs ak kouraj nou ansanm pou n kontribye nan sekirite ak estabilite vil la. Mibalè p ap rete yon teritwa pèdi : nou gen pou n leve kanpe ankò. Nou bouke viv imilyasyon lakay lòt moun. Mwen swete tout jenn fanm ak jenn gason vanyan kontinye chèche lapè, dyalòg ak verite, jiskaske jou delivrans lan rive.
NB : Map pwofite fè tout moun konnen : paj Facebook ki rele “Mirebalais Bouke” a pa pou mwen. Mwen gen yon sèl kont Facebook ki pote non mwen.
Lizay pou nou tout 🙌🏽
FREDERIC Jean Rony (Imòtèl)