30/09/2025                                                                            
                                    
                                                                            
                                            Kayak Post                                        
                                    
                                                                        
                                        Konsèy sekirite Nasyon Zini an vote jodi Madi an, yon rezolisyon ki otorize pou ranplase fòs miltinasyonal la, ki gen nan tèt li Kenya 🇰🇪 ak yon lòt fòs pou elimine gang yo. Manda fòs Kenya kap ekspire 2 oktòb kap vini la konplètman echwe. 
Nouvèl fòs sa pral gen ladanl anviwon 5.500 pèsonèl, tankou: Polisye, Militè, Medsen, Tradiktè, Espesyalis nan langaj siy, Mekanisyen, Kizinye etc… 
Misyon yo se pral travay san pran lòd, men nan kolaborasyon ak PNH la pou elimine bandi yo epi fè arestasyon si nesesè. 
Se Tout peyi manm nasyon zini yo ki dakò pou finanse misyon sa, kap gen yon dire 12 mwa.  .