Milien sport plus

Milien sport plus Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Milien sport plus, Société de médias/d’actualités, Aquin, Haïti 950 Rue Toussaint Louverture, Aquin.

08/10/2025

Avis Officiel – Reprise des Activités de Détection

Nap raple tout fanatik ak tout paran ke aktivite deteksyon ki te prevwa pou dimanch pase a te ranvwaye akoz lapli.

Nou kontan anonse ke dènye faz deteksyon ekip Dynamo Athlétic Club la ap rekòmanse weekend sa a sou teren Bouzi a :

- Vandredi : 3h00 PM
- Samdi : 7h00 AM

Nap tann tout timoun yo ansanm ak paran yo pou fè pati seleksyon final la. Pa rate okazyon sa pou mete pitit ou an devan limyè!

Milien Info Plus
📞 3719-7928 / 3328-9138

08/10/2025

Ligue Haïtienne de Football (LHF) lanse ofisyèlman Chanpyona Nasyonal Premye Divizyon an pou sezon 2025–2026. Apre plizyè mwa travay ak planifikasyon, konpetisyon an divize an 2 gwoup :
Gwoup Sid ak Gwoup Nò, ki chak gen pi bon ekip peyi a.

Ekip ki nan Gwoup Sid la se:
- Violette AC
- Racing CH
- Juventus des Cayes
- Don Bosco de Pétion-Ville
- Cavaly de Léogâne
- America des Cayes

Ekip ki nan Gwoup Nò a :
- Tempête FC
- Baltimore SC
- ASC
- F**A
- Real Hope FA
- Racing des Gonaïves
- Cosmopolites SC

LHF ap mete tout mwayen disponib pou asire yon bon jan òganizasyon, sekirite, ak respè règ FIFA. Konpetisyon sa a make yon nouvo epòk pou foutbòl ayisyen ak espwa pou plis vizibilite ak pwofesyonalis.

Nap swete tout ekip yo bon chans!
Foutbòl la retounen lakay li.
Milien Info Plus

08/10/2025
08/10/2025

Koup di Mond U20 : Ajantin kraze Nijerya 4-0 epi kalifye pou 1/4 de final la!

Nan yon match dominasyon total, jèn Albicelestes yo mete tout bagay klè devan ekip Nijerya a nan 1/8 de final Koup di Mond U20 la. Ajantin ranpòte yon gwo viktwa 4-0, ki montre jan yo detèmine pou ale lwen nan konpetisyon sa a.

Ekip Ajantin nan te montre tout kalifikasyon li ak yon jwet ki byen òganize, agresif, e efikas. Gòl yo te vini ak presizyon, pandan ke defans la pa t bay okenn chans pou atakan Nijeryen yo.

08/10/2025

Grande Finale Super Ligue FCPM 2025 : Tou 9 ap Frape Feeling nan Masseillan!

Tout je fikse sou First Class Parc de Masseillan kote ap gen gran final premye edisyon Chanpyona Super Ligue FCPM 2025 dimanch 19 Oktòb 2025.

Apre plizyè semèn konpetisyon chaje ak pasyon, rivalite, e aksyon cho, se Tou 9 ak Feeling ki rive nan dènye etap la. De ekip sa yo deja montre klas yo pandan tout sezon an, e chak fanatik ap tann final sa ak anpil enpasyans.

Se pa sèlman yon match, men se yon gwo randevou foutbòl, kote jèn talan pral mete tout kè yo sou teren an pou bay fanatik yo bon jan spektak.

Dat pou sonje :
Dimanch 19 Oktòb 2025
First Class Parc de Masseillan
Tou 9 VS Feeling

Se pa final pou rate! Fanmi foutbòl la, n’ap tann nou an foul pou vin sipòte, selebre ak viv pasyon foutbòl la ansanm!
Milien Info Plus

08/10/2025

Bòn fèt Monseigneur Gousse Oremil moun Aken pa janm bliyew!

Nan okazyon fèt ou, tout kominote Aken an leve vwa yo pou yo swetew yon bòn fèt sensèman, Monseigneur Gousse Oremil. Ou se yon pèsonalite ki make vil la ak tout zòn ki bò kote l, pa devouman w, pa lanmou w pou moun, ak fason ou toujou la pou pote limyè ak konsèy kote sa nesesè.

Ou pa t jis pase Aken, ou kite yon tras ki pa ka efase. Moun Aken pap janm bliye ou, paske ou se moun tout moun. Ou te toujou konn gen bon pawòl, bon aksyon, e yon lespri ouvè ki te rasanble moun.

Ke Jou sa a pote plis gras, sante, lapè ak lonjevite sou wout ou. Nou swete ou kontinye sèvi ak sajès ak lespwa.

Bòn fèt ankò, Monseigneur Gousse Oremil!
Milien Info Plus

24/09/2025
24/09/2025
24/09/2025

Adresse

Aquin, Haïti 950 Rue Toussaint Louverture
Aquin
HT88311

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Milien sport plus publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager