Haitian Graduate Students and Early Career Professionals Alliance

Haitian  Graduate Students and Early Career Professionals Alliance Bridging minds, Building Futures, Transforming Haiti Together

Nou kontan rejwenn ou ankò pou nouvo sòti Vandredi Lasyans sa a ak Dr Floyid Nicolas. Dr Nicolas se Mèt Konferans nan In...
16/09/2025

Nou kontan rejwenn ou ankò pou nouvo sòti Vandredi Lasyans sa a ak Dr Floyid Nicolas.

Dr Nicolas se Mèt Konferans nan Inivèsite Leta Oregon, USA, nan idwoloji ak Jesyon Dlo.

Li pral pale nou de kouman pou nou jere dlo ak agrikilti de fason dirab, e ki pèspektiv sa genyen pou Ayiti. De pa eksperyans li ak rechèch li sou Ayiti, nou gen garanti ke konvèsasyon sila ap pote anpil limyè pou ONG, etidyan, agrikiltè ak gouvènman lokal yo.

Nou envite tout moun vini rejwenn nou pou ti lapawoli si la. Pataje pòs la pou plis moun ka patisipe. D

Nou remèsye Dr Nicolas pou disponibilite li.

Randevou vandredi 19 juillet

Lyen Zoom : https://lsu.zoom.us/meeting/register/vTYAabPeSYySFtPKG8nA7g

Nou te kontan genyen Marc Arold ROSEMOND ak nou pou te pale de kouman Ayiti dwe itilize Revolisyon Entèlijans Atifisyèl ...
27/08/2025

Nou te kontan genyen Marc Arold ROSEMOND ak nou pou te pale de kouman Ayiti dwe itilize Revolisyon Entèlijans Atifisyèl (EA) kòm yon opòtinite pou mete peyi a nan batay konpetitivite a.

Siw te rate li, al gade li kounya a sou YouTube, pataje ak zanmi/fanmi kòlèg. Lyen an pi ba a.

Nou te gade ansanm opòtinite ki genyen pou entegre EA nan lekòl nou yo, kouman li ka bouste ekonomi, ede jere sekirite piblik, elatriye.

Li te pwofite pataje gwo liv manman penba sa a ke li ekri, ki disponib gratis ti cheri sou :

https://lnkd.in/gE23gwBf

Mèsi ankò Marc Arold, randevou avan lontan pou yon lòt edisyon.

Lyen anrejistreman an :

https://www.youtube.com/watch?v=-kmpRtf9TAU

Dans cette présentation, je partage la vision et les réflexions qui m’ont conduit à écrire Haïti à l’Ère de l’IA : La Singularité Créole. Ce livre est à la f...

Nan yon mond kote Entèlijans Atifisyèl (EA), teknoloji pwent anvayi, li plis ke enpòtan pou peyi yo rete a nivo pou yo k...
19/08/2025

Nan yon mond kote Entèlijans Atifisyèl (EA), teknoloji pwent anvayi, li plis ke enpòtan pou peyi yo rete a nivo pou yo ka konpetitif pa rapò a defi limanite ap fè fas.

Nan kontèks sa a, Ayiti demen an dwe vire gade EA nan je, anbrase li e avanse ak li, si non nou riske rete deyè.

Konsa , nou kontan genyen Marc Arold ROSEMOND, ekonomis-statistisyen, spesyalis nan EA vini fè ti pale nan kad Vandredi Lasyans sou sitiyasyon Ayiti fas a EA.

Mèsi Marc Arold pou disponiblite ou. Pataje pou plis ka vini nan ti lapawoli sila ake nou.

Nap kwaze Vandredi 22 Dawou, 2 zè PM tapan, lyen Zoom lan pi ba a :

https://lsu.zoom.us/meeting/register/vTYAabPeSYySFtPKG8nA7g

15/08/2025

Lizay,

Nou di mèsi a Dominique Guillaume-Rolland PhD, MSN, AAHIVE pou bèl rale li te fè nan kad dènye sòti Vandredi Lasyans semèn pase a.

Si ou te rate entèvansyon majistral Dr Guillaume lan, ou ka gade li sou paj YouTube nou nan lyen pi ba a :

Lyen anrejistreman:

https://www.youtube.com/watch?v=Vuhx2CngQMU

Dr Guillaune te diskite wòl kilti nan risk kansè kòl matris fanm ayisyèn ki imigre Etazini. Pase de remèd fèy, relijyon ,nou te gade yon ansanm endis ak statisk ki gen gwo enplikasyon nan jesyon risk kansè pou sè, manman, fanmi, zanmi nou yo.

Bon vizyonaj, nou kase randevou 22 Dawou pou yon lòt edisyon.

Nou tounen ak Vandredi Lasyans apre premye kòlòk entènasyonal nou. Nou kontan genyen ak nou Dr Guillaume pou semèn sa a,...
05/08/2025

Nou tounen ak Vandredi Lasyans apre premye kòlòk entènasyonal nou.

Nou kontan genyen ak nou Dr Guillaume pou semèn sa a, nan jou Vandredi 8 Dawou a, a 2 zè, nan lè Pòtoprens, Ayiti.

Dr Guillaume gen yon pakou titan, yon CV gwo zouzoune. Li fè anpil rechèch sou prevansyon ak siveyans kansè kòl nan fanm ki imigre etazini, patikilyèman fanm Ayisyèn.

Vandredi sa a, nou onore genyen Dr Guillaune ki pral pale nou de ki wòl kilti genyen nan risk kansè kòl ak konpòtman sante nan fanm ayisyèn ki imigre ka tonton Sam.

Pa bliye scan QR code la pou ka anrejistre, oubyen ou ka suiv dirèk sou lyen Zoom pi ba a .

Lyen: https://lsu.zoom.us/j/97734959147?pwd=CmyWdbof98PYLVJN3seKPFafk9Gn5f.1

Vini anpil e pa pakèt pou diskite ak li.

Vandredi 8 dawou, 2 zè PM, lè Ayiti.

🌟 Mèsi anpil! 🌟Nou pa ka di l ase — Mèsi a tout patisipan, moderatè ak envite espesyal ki te pote tout limyè yo sou kolo...
31/07/2025

🌟 Mèsi anpil! 🌟
Nou pa ka di l ase — Mèsi a tout patisipan, moderatè ak envite espesyal ki te pote tout limyè yo sou kolokyòm "Konpa: 70 Ans de Rythmes, d’Histoire et d’Avenir".

Sa te yon moman inoubliyab kote nou selebre Konpa kòm mizik, kòm listwa, kòm idantite. Gras a nou, evènman an te vin yon espas refleksyon ak selebrasyon otantik sou eritaj nou.

💙 Si ou te rate li, ou ka reviv moman yo sou paj Guy Wewe sou Youtube : https://www.youtube.com/live/Aa4SvJ4kLQc?si=LBJmnpeyWiTt2IH9

Nap kontinye pote limyè sou kilti nou!

🎶 Konpa – 70 Ans de Rythmes, d’Histoire et d’Avenir 🎶Un immense merci à tous les panélistes, modérateurs, artistes et ch...
31/07/2025

🎶 Konpa – 70 Ans de Rythmes, d’Histoire et d’Avenir 🎶

Un immense merci à tous les panélistes, modérateurs, artistes et chercheurs qui ont contribué à faire de ce colloque un moment historique et inspirant 💙

Vous avez mis en lumière la richesse du Konpa : ses racines, ses luttes, ses innovations, et surtout son avenir. ✊🏽✨

📍Merci à tous ceux et celles qui ont suivi en ligne ou en présentiel.
📺 Le replay est dispo sur la page de Guy Wewe via : https://www.youtube.com/live/Aa4SvJ4kLQc?si=LBJmnpeyWiTt2IH9

🔗

Nou kontan anonse 3è panèl pou kòlòk entènasyonal sou 70 lane Konpa a. Nou rèmesye Nazaire Nazario Joinville , Dr Rebecc...
22/07/2025

Nou kontan anonse 3è panèl pou kòlòk entènasyonal sou 70 lane Konpa a.

Nou rèmesye Nazaire Nazario Joinville , Dr Rebecca Dirksen, Dr Gage Averil ak Mr Mushy Widmaer.

Panèl sa a pral gade fiti mizik la, e ki wòl li ka jwe nan sosyete a tankou nan kesyon rezilyans anviwònman, sekirite. Pi lwen, panelis yo pral gade ki wòl medam yo ka jwe nan asisrans yon pwochen 70 lane sou Konpa a.

Pa bliye nou ap live sou Guy Wewe Guy Wewe, men ou ka moute sou Zoom nan tou sou kyen sa a :

https://us02web.zoom.us/j/81982454038?pwd=WmUSThjvQzb2wlLMr2ubX0TfXfiXCv.1

Nou kontan anonse lis dezyèm panèl sou kòlòk entènasyonal sou Konpa ki ap fèt vandredi 25 jiyè, an liy. Nou di mèsi ak D...
17/07/2025

Nou kontan anonse lis dezyèm panèl sou kòlòk entènasyonal sou Konpa ki ap fèt vandredi 25 jiyè, an liy.

Nou di mèsi ak Dr Melvin Butler, Mr Joel Widmaer, Mr Jean Mary Simon pou fason yo adere a inisyativ la.

Nou kontan tou genyen ak nou, Gandhi Dorsonne ki pral modere sesyon sila.

Panèl sa a pral gade sitiyasyon aktyèl mizik konpa, ki pozisyon li nan mache entènasyonal, men tou diferan dimansyonalite nan Konpa.

Pa bliye, kòlòk la ap live sou Guy Wewe Guy Wewe ak patnè li.

Konpa Dirèk devan, comme un seul homme !

Nou kontan anonse ke kòlòk entènasyonal sou 70 lane konpa a ap live an dirèk sou Guy Wewe ak tout patnè li yo. Nou konta...
16/07/2025

Nou kontan anonse ke kòlòk entènasyonal sou 70 lane konpa a ap live an dirèk sou Guy Wewe ak tout patnè li yo.

Nou kontan de patenarya sa a e remèsye Guy Webern Guerrier pou sa.

25 jiyè 2025, 1è - 6zè PM, 3 panèl entèdisiplinè.

Adresse

Bainet
70808

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Haitian Graduate Students and Early Career Professionals Alliance publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Haitian Graduate Students and Early Career Professionals Alliance:

Partager