15/06/2023
Tout pitit Baie de Henne Kèlkeswa kote nou ye
Lakay pa ka tann
Ann fè Solidarite ak sila yo ki vrèman bezwen.
Aprè gwo lapli ki te kraze, ravaje, devaste tout jaden moun yo.
Kote tout jaden moun yo, bèt yo, kay yo kraze
Yo vin pi mal ke avan sitiyasyon an vin pi deteryore
Pou sa nou mande ak moun ki gen vwa ekoute yo
Nan Leta
Nan ONG yo
Pote asistans bay moun yo
Nap lanse apèl ak
Ministè Sante Piblik
Ministè Agrikilti
Ministè Afè Sosyal
Pitit Baie de Henne ki nan Djaspora a
Tout moun Baie de Henne ap tann nou
Ann montre yo nou ak yo.
Menm pou Ti moun yo
Moun yo pa gen bon dlo pou bwè
Yo pa jwenn manje pou yo manje
Yo lage 2 bra balanse.
Ann montre yo nou solidè ak yo
Se mesaj Chenet St-Phar (KOLÒN KI BAT)
Pataje ak nou nan Radio FOCUS