06/11/2025
ID selebre 30 lane egzistans li nan sèvis kominotè atravè lemond
Bombardopolis, 1e novanm 2025 — Òganizasyon ID (Initiative Développement) sot selebre 30 lane egzistans li depi li ap bay sèvis nan plizyè peyi atravè lemond. Aktivite anivèsè sa a te make ak prezans plizyè pèsonalite enpòtan, pami yo majistra komin Bombardopolis la, Desilien Desliens, ki te reprezante tou kat majistra nan rejyon Nòdwès la.
Nan diskou li, majistra Desilien te eksprime “fyète ak satisfaksyon” li pou kolaborasyon li ak ID, sitou atravè pwogram “Défi Jeunes” ak pwojè “Timama”, ki deja ap travay aktifman nan Ba Nòdwès la.
« Se avèk anpil fyète mwen pale de eksperyans mwen ak ID, sitou nan kad pwojè Défi Jeunes ak Timama, ki deja ap pote chanjman reyèl nan komin yo », majistra a te deklare.
Dapre done ki prezante pandan selebrasyon an, plis pase 50 jèn ki sòti nan 10 asosyasyon lokal te benefisye fòmasyon sou elaborasyon ak jesyon mikwo pwojè, antreprenarya ak montaj plan dafè.
Nan kad inisyativ sa a, sèt (7) jèn deja resevwa finansman pou mete kanpe pwòp mikwo antrepriz pa yo, pami yo twa (3) jèn ki soti nan Bombardopolis.
Anplis, twa pwojè kominotè jwenn finansman, enkli pwojè amenajman pak Eniel Stinfil.
Pwojè Timama, ki santre sou ranfòsman sistèm sante nan zòn nan, te pwofite tou nan okazyon an pou prezante rezilta yo: sant sante yo jwenn fòmasyon, materyèl medikal ak entran pou amelyore sèvis yo.
Majistra Desilien te pwofite moman sa a pou salye patisipasyon òganizasyon ADEMA ak ID, li soulinye “travay serye, ak respè ak rigè” yo nan komin nan.
Li mande bayè entènasyonal yo pou yo elaji aksyon yo nan Ba Nòdwès la, paske, dapre li, “chak dola ki envesti nan pwogram Défi Jeunes ak Timama se yon pa an avan pou komin yo vin pi fò, plis otonòm ak plis solidè.”
Pou fini, nan non kat majistra komin Mòl Sen Nikola, Bombardopolis, Bèdèn ak Jan Rabèl, li remèsye tout patnè ki te reponn prezan.
Pwogram Défi Jeunes ak Timama se pa sèlman yon aksyon devlopman, men yon sous espwa pou jèn nou yo. Nou fyè dèske nou mete tèt ansanm pou akonpaye inisyativ sa yo ki mete jèn yo nan sant chanjman an. Bas Nòdwès pare, jèn yo pare, nou menm majistra yo, nou angaje , li te konklizyon li.
Radio la source FM de Bombardopolis@ADEMA@ID