21/08/2026
📢 *AVIS IMPORTANT | LVC – LA VWA DE CAMP-PERRIN 🎤*
Chè piblik, nou pran yon ti moman pou n enfòme nou ke 4èm sware audisyon an, ki te prevwa pou samdi 22 out 2026 la, pap kapab fèt jan sa te planifye a.
Nou eskize nou pou kontraryete sa ka lakòz e nou remèsye tout patisipan, fanatik ak sipòtè nou yo pou pasyans ak konpreyansyon yo. ❤️
LVC pa kanpe! Aventure a ap kontinye… 🔥🎤
Nou pral kominike nouvo dat la trè byento.