18/09/2025
ULCC NÒDÈS REMÈT LAJISTIS 3 RAPÒ EPI 4 SITWAYEN JWENN ARESTASYON YO.
Direktris Depatmantal TPTC Nòdès la Enjenyè Theresa Horderline, ansyen prezidan konsèy minisipal la Demetrius LUMA, Direktè mache Fwontalye Wanament la Jose LAGUERRE ak Direktè mache Kominal la Kenox CELICOURT se sitwayen sa yo Inite kap Lite Kont Koripsyon ULCC nan depatman Nòdès la defere bay lajistis jounen Madi 16 Septanm 2025 la, jan atik 11 nan dekrè 8 Septanm 2004 la mande sa. 4 sitwayen sa yo tap benyen nan Koripsyon selon 3 rapò ULCC bay lajistis Nòdès.
OUANAMINTHE INFO PLUS 16/09/2025
Chèf akizasyon ki peze sou do sitwayen yo se : Detounman byen piblik, trafik enfliyans, blanchiman, sifaktirasyon, favoritism, ak fo idantite. Sous ki konfime enfòmasyon an pou OIP fè konnen se pa sèlman kat (4) sitwayen sa yo anketè yo tap odisyone, rès moun yo antre lakay yo san problèm, ULCC Nòdès remèt lajistis rapò sou konstriksyon plas piblik la, mache fwontalye a ak mache kominal, konsa tou genyen sitwayen ULCC te mande lajistis pou l te mare debwa dèyè tankou ansyen direktè TPTC Nòdès la M. Renaud ADRIEN.
Pandan ankèt la ajan ULCC yo dekouvri plizyè materyèl ki te disponib pou mache fwontalye a ki disparèt pandan direktè mache a Jose LAGUERRE pa bay gwo eksplikasyon, li sèlman rekonèt genyen yon moto 3 wou kite disponib pou fè travay mache a kite pèdi nan men l, konsa tou, malgre gwo lajan Jose LAGUERRE ap ranmase nan men machann yo li pa janm depoze yon goud lèsko sou kont mèri a, se yon sèl fwa li te voye machann yo peye labank, Msye LAGUERRE rekonèt li abitye fè wout kwochi avèk lajan mache a epi li konn pataje nan lajan yo avèk Msye Demetrius LUMA. Rapò ULCC a di Jose pasèlman itilize enfliyans li pou l pran lajan plizyè fwa nan men diferan machann pou yon sèl plas, li detounen byen piblik epi li blanchi lajan Leta a jan l vle.
Msye Kenox CELICOURT ki se reponsab mache kominal la depi 4 lane bay kontab mèri a anviwon 10 mil goud pandan twa (3) fwa poul depoze sou kont bankè lamèri a, aprèsa Msye CELICOURT pa janm bay rapò de lajan mache a ap antre sitou chak semèn li touche nan men machann yo, rapò ankèt la di se Demetrius LUMA li bay yon pati nan kòb la aprè sa li pran rès la pou l regle zafè pèsonèl li.
Pou ansyen Majistra Wanament la Demetrius LUMA anketè yo dekouvri li mete msye Jose LAGUERRE nan mache fwontalye a epi Kenox CELICOURT nan mache kominal la pou ranmase lajan pote bay li. Rapò ankèt sou mache fwontalye a di ansyen majistra a li menm sèl okipe 6 plas tandiske nan odisyon an LUMA te di se 4 plas li genyen. Detounman byen piblik, trafik enfliyans, blanchiman, favoritism se kèk pami zak Koripsyon ansyen majistra PHTK a komèt.
Direktris Travo Piblik Nòdès la Enjenyè Theresa Horderline anba kòd se pou dosye plas piblik Wanament la, mete sou sa, enjenyè a ap fonksyone avèk yon kat idantifikasyon nasyonal ki pa genyen enfòmasyon de li, Madam Thérésa di anketè yo : . Direktris la vyole atik 107 ak 110 nan kòd penal la, Madam nan di anketè yo li pat genyen yon bidjè nan kad egzekisyon pwojè plas piblik la, enjenyè Theresa konfime li te bay yon mesye ki rele Aramus RAPHAËL 3 milyon goud poul te ka enstale l nan tèt TPTC Nòdès, genyen yon pitit Amarus ki pa janm travay yon jou nan travay plas la, lap touche anviwon 25 mil goud chak pewòl.
Fòk nou di 3 rapò sa yo se tòkèt la chay la dèyè, paske genyen yon sous ki konfime pou OIP genyen ankèt kap mennen sou adminitrasyon Demetrius LUMA, Chretilia Pierre ANTOINE, Ocelite DESTINÉ ki poko fini.