06/01/2021
LAPRÈS
LANMÈD POU W
Depi plis pase 15 lanne. Yon sèl kategori envite nan emisyon deba yo. Politik (lidè San vizyon, jako repèt, mètdam, sanwont, machann politik kraze brize ak menm resèt la chak ane, machann banyè lè eleksyon, machann kaka poul pou ze),
Ekonomis (yon latriye tyoul sistèm bankè a, konsiltan BRH, pwofesè k ap met malpwòpte nan tèt ti jèn yo, amatè boul minis finans oubyen gouvènè BRH),
Ekspè sosyete sivil (lasigal k ap chante ak chandesperans doktora nan men yo men, pa janm pwodwi anyen, raketè sèlman. Kouche zòrèy manje lajan kòm konsiltan tout kote, fè bri pou fich gaz ak machin leta pase yo pa genyen. Gen nan yo ki nan dyòb depi tan banmbo. Pou ki bilan?)
Òganizasyon dwa moun (yon latrin ki pa janm netwaye depi 20 an. Menm rapò yo, menm moun yo, menm diskou lè pou mete oubyen retire prezidan. Yon banm ekspè salami nan dwa politik. San okenn sansibilite pou dwa ledikasyon, travay ak lasante).
Laprès malpouwont sa fòk yo jwenn yon bout ak li. Peyi a fini nan men laprès paske l gen zèb nan bouch li. Fèy, po bannann genlè nouri laprès tankou koure kochon, laprès gra, li wololoy ap ede vòlò bèf manje bon viv ak sòs kabrit (lajan pèp) . Apre l fin manje li al dòmi nan labou kidnapping, matyè ensekirite epi demen leve manje tout salami mèt li kite pou l degobye sou nou?
O pou sa moun ap viv la! Lapès (padon laprès) pa bouke?
Tonnè kraze m nou bon pou pri a.
Kaka nen pa pen. Larim pa nesle.
Moun yo p ap ezite tout boulin nan mouda nou. Banm mechan!
Yvenert Foeshter JOSEPH [email protected]