Animateur Standley Etienne le prince de la jeunesse

Animateur Standley Etienne le prince de la jeunesse Socio-culturelle et educative

12/09/2023

Dosye rivyè masak : Ann koute Dr. Claude Joseph

20/07/2023

Kèk pwensip pou chofè veyikil

-Lè w wè yon moun fou, yon bèt bò lari a, ou dwe ralanti paske w pa konn sa yo vle. Si y'ap travèse lari a, kanpe, tann yo fin pase

-Son radyo veyikil ou pa dwe deranje ni pasaje ni lòt moun

-Pa itilize klaksòn (avertisseur sonore) devan lekòl, lopital, legliz. Pa itilize l nan lè moun ap dòmi

-Lè w nan blokis, veyikil pa bezwen klaksone depi w wè gen yon polisye oswa yon lòt moun ap eseye debloke lari a

-Pa koupe moflè, pa itilize moflè k'ap fè bwi (muffler)

-Avan w deplase veyikil la, gade retwovisè yo, epi fè agoch la pou veyikil ki dèyè ak devan wè, pa deplase si veyikil dèyè w la pa ba w pase

-Avan w kanpe, fè siyal dwat la, epi ralanti

-Toujou pwèt pou fasilite pasaj a lòt veyikil, se pa ou menm sèl ki nan lari a

-Ou pa dwe kanpe pou moun monte, ni desann nenpòt kote

-Avan w louvwi pòt veyikil la, gade si yon lòt p'ap vini, pou l pa fwape w

-Pa itilize mizik k'ap deranje pasaje, son aparèy pa dwe wo. L'ap bon pou chofè tankou pasaje

-Lè se tap-tap, pa kouri fò pou w toujou pwèt lè pasaje rete w

-Toujou mete papye veyikil la ak lisans ou pwe. Evite kontravansyon. Si sa ta rive, toujou egzije yon fich, jan lalwa mande. Tout zafè kontravansyon veyikil regle nan DGI si gen peye, si w pa dakò kontravansyon an, w ap ale nan tribinal. Depi sèvis sikilasyon mande lajan, se vòl. Ale lajistis

-Pa kondi veyikil ak nenpòt abiman, ni pye atè, ni ak sandal, sitou chofè moto

-Ou dwe toujou saj ak ajan polis, ak lòt chofè, ak pasaje, ak pyeton, menm jan yo dwe saj ak ou

-Lè w rankontre yon polisye awogan, pa pale anpil pou evite derapaj, men depi dwa w vyole, pote plent lajistis

-Mobil piblisite pa dwe monte son aparèy yo twò wo, fèmen aparèy yo lè w ap pase devan lopital, lekòl, legliz

-Veyikil Polis, otorite leta, pa dwe itilize okenn avètisè ijans (sirèn, pwojektè) san pa gen ijans

-Ou dwe bay pwiyorite a fanm ansent, moun andikape, elèv lekòl, moun anpil laj ki vle travèse lari.

Pataje l ak lòt moun, ajoute rès yo

30/05/2023

Prof. Sterline Civil, SG EDE, nan yon chita pale ak diaspora ayisyen an nan peyi lafrans

28/05/2023

Dr. Claude Joseph ap fè yon ti koze ak moun nan komin Miragwàn, depatman Nip.

27/05/2023

Job Bercon kise sekretè depatmanl EDE nan plato santral ap eksplike angajman l nan pati a

23/05/2023

Ritshy Derilus ap explike sans angajman l nan Pati Politik EDE

22/05/2023

Desizyon Rodney LOUIS, Sekretè nan konsèy Èstrateji Pati Politik EDE sou avnil anndan pati a.

Adresse

Rue 12 M
Cap-Haïtien

Téléphone

+50936150684

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Animateur Standley Etienne le prince de la jeunesse publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Animateur Standley Etienne le prince de la jeunesse:

Partager

Type