11/11/2024
Bandi ak Leta Ayisyen: Yonn pa ka egziste san lòt
Bandistism, se yon fenomèn sosyal peyi a ap konnen depi nan nesans li. Menmsi nou pa te konn pale de banditism pou dekri tout gwoup non-étatique ki ap simen latwoublay nan sosyete a. Men jounen jodia, nou ap viv yon moman kote fenomèn sila rive nan yon nivo nou menm rive pa ka dekri. Fenomèn sila andikape tout sektè nan sosyete a. E nou pa menm ka rive dekri kantite lavi moun ak dega banditism la koze. Nou sèlman ap konstate masak nan tout rejyon nan peyi a prensipalman nan lwès ak yon bon pati nan rejyon Nò (Atibonit).
Si n ap eseye konprann banditism ak fòm li pran jodia, gen 2 faktè ki kreye l ki se politik epi faktè sosyal.
Sa nou rele banditism politik la, se lè aktè politik yo, pou yo konsève oubyen pran pouvwa, yo mete zam nan men yon kategori moun nan sosyete a,sitou sa yo ki pi pòv yo, nan objektif pou atenn objetif yo te fikse a. Tip banditism sa ka estope pi fasil nan sosyete a paske moun nou rele gang yo sou kontwòl yon lidè politik. Si lidè politik la(yo) sispann sipòte l, li pap gen okenn pouvwa pou li fè masak,kidnapin elatriye.
Lòt tip banditism la ki se banditism sosyal,e se li menm ki pi grav pase premye a,li pran nesans nan inegalite sosyal ki karakterize sosyete a. Nou tout konnen sosyete a chita sou eksklizyon, majinalizasyon elatriye. Gen anpil moun, sitou sa nou rele mas la, yo pa janm ka entegre espas sosyal la paske dinamik sosyete a rejte yo depi menm lè yo fèt. Gwoup moun sa yo pran zam se paske yo pa ka manje, yo pa gen aksè ak sante elatriye. Gwoup moun sa yo pi danje paske menm si ou ta tiye sa yo k ap taye banda jodia,w ap toujou genyen yo paske sosyete a ap toujou ekskli yon gwoup moun.
Lè yon nèg ak zam kanpe w nan lari epi li mande w lajan pou l fimen oubyen li fouye w pou l pran sa ou gen, li plis itilize zam nan kòm yon mwayen pou l fè presyon pou l viv epi kreye yon endepandans ekonomik. Si li te vle tiye endividi a, li t ap fin fizye l apre li fouye l men li pa t ap fouye l apre sa li kite l ale. Bandi ou gang ki plis fè masak se bandi ki gen patwon. Se bandi k ap resevwa lòd pou fè masak ak kidnapin.
Jounen jodia, nou pa menm ka konte konbyen deplase bandi ak zam fè nan sosyete. Moun ki mouri ak bal bandi menm,se pa pale. Chak jou, n ap vitikm ekzaksyon bandi yo pandan otorite nan leta pa louvri bouch pou di yon mo.
Kòm nou wè lata ayisyen pa deside kwape fenomèn sila, sa vin fè nou konprann se yon plan leta ayisyen ki byen monte depi lontan pou deside ki moun k ap viv ak ki moun k ap mouri.
Nou pa kabap ankò. Fòk pratik sila sispann.
Viv Ayiti!
OKAP POST