21/01/2026
Anpil moun tap mande'm pou li ebyen mwen pote'l bay nou
Wouch Manman me Gwo Chantè a me Biblo a , mwen sonje lèm te ti moun mwen konn Ap jwe kannik depim genyen yon Grenn ki poko fè Grizon , mwen te konn rele'l chelèn ebyen me chelèn lan
Li Rele Luc Doralus
Li se aktyèl chantè ORCHESTRE TROPICANA D' HAITI nou wè chantè sa nap gade la , tout Fanatik Mizik an General ta dwe Onorel chak jou pou pèfòmans li nan Tropicana
Men kèk fason nou ka fè kèl kontan Chak Jou , nou ka mete foto'l Sou Profil Face Book , whatsapp , stati , epi nou kapab mete yon mizik li chante kòm sonri sou telefòn nou
Chantè sa chaje Disiplin , se pa atis wap wè nan baz , li pa janm anreta nan repetisyon , ,mwen poko janm tande yon jou Bis Jazz la ale kite 'l , depi lèl nan Tropicana li poko janm sanksyone , li respekte tout moun eli toujou ouvè poul akiyi tout moun
Lè li ap chante ou te mèt ap dòmi vwal ap reveye'w
Tèlman lap chante pafètman byen , li chante ak Diksyon el byen atikile , li jwe chak jou li janm pèdi vwa el pa janm detone
Se youn nan chantè lè lap pale ou pa bezwen fè tèt cho paske li toujou metrize tout sa lap di
Lòt bagay mwen vle nou mete aksan sou li , Luc pa sèlman yon Chantè , li se yon konpozitè, Aranjè , Gitaris egalman
Nan sans sa li enpòtan pou nou vin pale de li
Pa tann li pa la
Pou nap pale de li
1-moun ki kote li ye?
2-nan ki Jazz lite ye avan Tropicana?
3- ki mizik li konpoze pou tropicana ou pi renmen?
4- Ki mizik li chante ou te met chita wap leve danse?
Nap fèl nan respè youn pou lòt