17/10/2025
LIZAY TOUT KONBITÈ ALAWONNBADÈ !
Estaf Konbit Soup Joumou nan Okap retounen pi motive fwa sa !
Jodi 17 Oktòb 2025 lan, se ak anpil kè kontan, lanmou ak enèji nou lanse twazyèm edisyon gwo mouvman Konbit Soup Joumou Okap la !
Se yon envitasyon ouvè pou tout moun ki kwè nan pataj, solidarite ak lanmou pou peyi nou.
Depi jodi a jouk 31 Desanm 2025, n ap mete men nan men pou n rive bay 2 500 bòl soup joumou nan Okap, Katye Mòren, Limonad ak Milo pou selebre 1e Janvye 2026, jou selebrasyon endepandans tout ayisyen.
Avèk 500 goud oswa 5 dola ameriken, ou ka ofri yon bòl soup bay yon frè oswa yon sè, epi rantre nan mouvman inite ak espwa sila a.
Twazyèm edisyon an se plis pase yon tradisyon — se yon flanm k’ap kontinye limen lespwa nan mitan nou kòm Ayisyen.
Nou te fè l deja, nou ka refè l ankò, e pi bèl fwa sa !
✊🏾 “L’union fait la force.”