13/02/2026
🚨 : Yon lejand nan tèt yo! 🇭🇹⚽
Federasyon Ayisyen Foutbòl la konfime: Pia Sundhage se nouvo antrenè seleksyon fanm nou an. Se yon gwo kout loraj nan foutbòl mondyal la!
Pia pa vin jwe, li vin genyen. Men CV yon fanm ki genyen tout bagay:
🥇 2 Meday Lò Olenpik (2008, 2012) ak ekip Etazini.
🥈 Finalis Coupe du Monde (2011).
🏆 Meyè Antrenè sou Latè (Pri FIFA 2012).
🥈 Meday Ajan Olenpik (2016) ak peyi l, Lasyid.
🏆 Chanpyon Copa América (2022) ak Brezil.
✨ Kadefinalis Euro 2025 ak ekip Laswis.
Pia chwazi Ayiti pou l mete eksperyans li nan sèvis talan Melchie Dumornay ak rès Grenadye yo. Lè yon rèn konsa deside pran kontwòl nou, se paske li wè nan nou yon ekip ki ka souke mond lan!
Byenvini lakay ou, Pia! Ann ekri istwa sa a ansanm! 🇭🇹🔥