17/08/2026
Grande-Rivière-du-Nord: Popilasyon an mande eksplikasyon sou bilan ansyen administrasyon Jovenel Jean
GRANDE-RIVIÈRE-DU-NORD — Apre anviwon dis ane kote Jovenel Jean te nan tèt administrasyon minisipal Grande-Rivière-du-Nord, kesyon sou bilan ansyen administrasyon an, jesyon resous piblik yo ak itilizasyon byen Meri a kontinye enterese yon pati nan popilasyon an.
Jodi a, Jovenel Jean pa majistra ankò. Se poutèt sa, kestyon yo konsène sitou peryòd kote li te nan tèt Meri a ansanm ak moun ki te responsab diferan sèvis ak direksyon pandan administrasyon sa a.
Popilasyon an ta renmen konnen ki bilan konkrè ansyen administrasyon an kapab prezante apre plizyè ane nan jesyon vil la: Ki pwojè ki te reyalize? Ki kantite resous Meri a te resevwa? Ki jan resous sa yo te itilize? Epi ki rezilta yo bay?
Pami kestyon ki merite klarifikasyon, genyen lajan ki te sòti nan mache a ak fason resous sa yo te itilize.
Genyen tou kestyon sou frizè ki te disponib pou mache a. Popilasyon an ta renmen konnen ki kote ekipman sa yo ye jodi a, ki moun ki te responsab yo epi ki itilizasyon yo te genyen.
Yon lòt pwen ki merite eksplikasyon se lajan ki sòti nan baskile sab yo. Gen montan k ap sikile nan diskisyon piblik la ki ta ka rive nan yon nivo enpòtan chak mwa. Sepandan, pou evite rimè, li enpòtan pou gen chif ofisyèl ak dokiman ki montre konbyen lajan ki te antre, pandan ki peryòd, epi kijan yo te itilize li.
Kesyon sou resous ki gen rapò ak simityè a, frè pou pèmi konstriksyon, ansanm ak lòt frè ak sèvis Meri a te konn kolekte, se lòt eleman popilasyon an ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou yo.
Demann sa yo pa ta dwe konsidere kòm yon akizasyon otomatik kont ansyen majistra a oswa nenpòt lòt responsab. Se yon demann pou transparans, enfòmasyon ak rann kont sou jesyon byen ak lajan piblik.
Popilasyon Grande-Rivière-du-Nord gen dwa mande pou gen yon bilan ki klè sou resous ki te antre nan kès Meri a, depans ki te fèt, pwojè ki te finanse ak byen piblik ki te disponib pandan peryòd ansyen administrasyon an.
Li ta donc itil pou ansyen administrasyon an, ansanm ak responsab ki te travay ladan l, bay eksplikasyon piblik sou kestyon sa yo epi, kote sa posib, mete dokiman finansye ak administratif ki kapab verifye yo disponib.
Grande-Rivière-du-Nord merite transparans, bon jan enfòmasyon ak yon bilan sou jesyon resous piblik li yo.