Sepounwè Annou ri ansanm! Pa kite stress ale avè w! Pou zafè Maketing, piblisite ak pwomosyon
Box paj la: 📞(+509) 31808473 M'poze plim mwen sou fèy poum' brake lapawòl

14/12/2025
14/12/2025

Li te nan anviwon Miniwi 30, nan lannwit 13 pou louvri 14 Desanm nan lane 2021, Yon kamyon ki t ap transpòte gaz pandan peyi fèmen, gang bloke vare tèminal la, epi gen anons ratman gaz nan kèk ponp. Selon sa chofè a esplike, se pandan l ap kouri kamyon an nan antre vil okap la (nan won pwen Samari ak pon Gran bwa a) li al rankontre bab pou bab ak yon motosiklèt epi li al tante fè yon kout volan pou li epanye motosiklèt la, Kamyon an tou chavire nan men l. Se konsa gaz pran simaye nan tout lari a epi moun ap kouri ak veso, ak moto, pou vin ranmase gaz pou al sere pou vann atè (nan mache nwa a). Nan moman chofè a ap di moun yo pa apwoche paske se yon danje, yo pa okipe l, epi gaz la eksploze ak kamyon an.

Bilan an: ant 61 ak 75 moun mouri kangrennen, 47 lòt boule grav epi 12 boule lejèman (chif moun ki te gentan jwenn ti tan pou konte yo bay). Kèk jou apre, plis pase yon dizèn nan moun ki te boule grav yo rann dènye souf yo sou kabann lopital.
• Lè sa a, lopital nan vil okap ki te deja ranpli pa ka resevwa viktim yo, se an ijans yo te oblije ap voye enpe nan moun ki boule yo nan lopital nan pòtoprens, nan ench ak nan mibalè gras ak èd imanitè yo te jwenn nan men MSF.

Apre yon semèn dram nan, yo te òganize yon fineray nasyonal pou viktim yo.
N ap raple w, te gen yon fanmi ki te pèdi 7 pitit ladan l.

"Malgre evènman sa, Ayisyen toujou ap veye okazyon pou al dèyè gaz pou sere pou vann atè lè gen ratman san panse ak danje yo".

Radio Télé Christo

14/12/2025

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

Jodi a se Dimanch 14 Desanm ki vle di nou nan 348èm jou, 50èm semèn epi rete 17 jou lane 2025 la chire batistè l.

◇ Jodi a se jounen mondyal Anyen ditou, yon jounen kreyasyon imouristik ki pèmèt nou detache n de tout bagay kòm yon repons ak sichaj mondyal. Jodi a se jounen mondyal senj yo.

☆ Evènman ki te pase lakay nou yon 14 Desanm, se te:

• 14 Desanm 1801: Plizyè bato nan ekspedisyon jeneral Lecler a, frè Bonaparte, t ap dirije sou tè sendomeng nan retounen nan peyi Lafrans.

• 14 Desanm 2021: Yon kamyon ki t ap pote gaz chavire nan vil okap epi eksploze kèk minit apre, pandan kèk moun t ap kouri al bwote gaz, lakoz 75 moun mouri kangrennen, 47 boule grav ak 12 boule lejèman epi plis pase 20 kay boule san konte machin ak motosiklèt.

☆ Evènman ki te pase lòt kote sou planèt tè a yon 14 Desanm, se te nan lane:

• 1969: Sond ameriken Mariner transmèt enfòmasyon sou Venus.
• 1972: Eugene Cernan vin dènye moun ki mete pye l sou lalin nan nan kad pwogram apollo 17 la.
• 1986: Ayewonèf ameriken an akonpli premye tou mond lan san eskal.
• 1995: Akò Dayton nan siyen nan vil paris epi mete fen nan gè Bosnie-Herzegovine nan.
• 2013: Sond chinwa Chang'e 3 poze l sou lalin nan, yon avanse siyifikativ nan eksplorasyon espasyal la.

N ap kite w ak sitasyon sa:

"La vie c'est comme une bicyclette, il faut avancer pour ne pas perdre l'équilibre".
(Albert Einstein)

Bon jounen!

14/12/2025
Nèg sa yo fini ak Pòtoprens bannou😩
13/12/2025

Nèg sa yo fini ak Pòtoprens bannou😩

13/12/2025

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

Jodi a se Samdi 13 Desanm ki vle di nou nan 347èm jou, 50èm semèn epi rete 18 jou pou lane 2025 la bannou do li.

◇ Jodi a se jounen mondyal raklèt ki se yon pla ki prepare ak pòm tè lèche melanje ak fwomaj ki fonn.

☆ Evènman ki te pase yon 13 Desanm pa bò lakay pa nou, se te:
• 13 Desanm 1956: Prezidan Paul Eugène Magloire demisyone yon dezyèm fwa epi pase nan peyi Jamayik, janbe nan peyi Lafrans apre pou al etabli li nan peyi Etazini pou li ka retounen nen peyi dayiti jis apre pouvwa Jean Claude Duvalier a fin tonbe.

☆ Evènman ki te pase nan lòt kote sou planèt tè a yon 13 Desanm, se te nan lane:
• 1996: Yo te chwazi Kofi Annan , yon ganeyen, pou ranplase Boutros Ghali nan plas sekretè Jeneral Nansyonzini a jou k ap 1e Janvye 1997 la.
• 2000: Yon eleksyon prezidansyèl nan peyi etazini te resi fini apre 36 jou batay eletoral san kanpe ant demokrat AI Gore ak repibliken George W. Bush.
• 2002: Inion Ewopeyen deside elaji pou resevwa 10 nouvo peyi jou ki pral 1e me 2004 la. Nouvo peyi yo sa yo se: Polòy, Repiblik Tchyèk, Slovaki, Ongri, Malt, Chip, Sloveni, Lityani, Letoni epi Lestoni.
•2003: Yo te resi kenbe Saddam Hussein nan rejyon Takrit, fyèf ansyen diktatè irak la, apre lame blan meriken fin pase 9 mwa ap chache l.

N ap kite w ak sitasyon sa pou jounen an:

"La violence est le dernier refuge de l'incompétence".

Bon jounen!

Radio Télé Christo

Yo pa janm panse ak sa yo!
13/12/2025

Yo pa janm panse ak sa yo!

se pa jwèt non!Nerboule m!😩
13/12/2025

se pa jwèt non!
Nerboule m!😩

12/12/2025

Ou ka chwazi banalize sa Pasa Pasa di a, jis paske ou pa konprann oubyen ou pa nan dimansyon pou w moun!

Pa gen okenn pèp, okenn ras, sou latè ki rete atache ak diyite san se pa pwòp kominote pa yo yo kreye tout kote yo ye ak tout kote yo pase. Sèl nou menm Ayisyen, nenpòt nansyon ka ranse ak nou jan yo vle paske nenpòt kote nou rive nou gen foli soumoun epi nou p ap viv antre nou. Nou rive sendomeng, etazini, kanada, meksik, .... kèlkeswa kote nou rive a, nou gen foli kole ak blan, nou gen foli marye ak fanm blanch ak nèg blanch. Epi n ap ranmase grenn mòpyon ak pyan jiskaske lòt nansyon avadra ka ranse ak nou!

Kilè n ap moun menm?🤔

Klè!
12/12/2025

Klè!

Bon jounen!
12/12/2025

Bon jounen!

Bonjou/Bonswa kominote Radio Télé Christo a!

Jodi a se Vandredi 12 Desanm ki vle di se 346èm jou ak 50èm semèn nan ane 2025 la epi rete 19 jou pou lane sila ranmase tout afè l.

☆ Jodi a se jounen entènasyonal kouvèti sanitè inivèsèl, jounen entènasyonal netralite ak jounen entènasyonal mizik metal.

☆ Evènman ki te pase lakay nou yon 12 Desanm tankou jodi a, se te nan lane:
• 1956: Prezidan Paul Eugène Magloire demisyone epi remèt pouvwa bay Joseph Nemours Pierre Louis ki te prezidan lakou kasasyon nan epòk sa.

☆ Evènman ki te pase lòt kote sou planèt la yon 12 Desanm, se te nan lane:
• 1800: Desizyon te pran pou Washington vin kapital peyi Etazini.
• 1917: Yon tren kite ray li epi touye 550 moun tou pre Mòdàn, peyi Lafrans.
• 1979: Yon tranbleman tè sekwe pati sid kot pasifik la epi lakoz 500 moun mouri ak 300 lòt disparèt.
• 1992: Peyi Endonezi frape pa yon tranbleman tè ki lakoz 1230 moun mouri ak plizyè milye lòt pèdi kay yo.

N ap kite w ak sitasyon sa:
" Il n ya que les domestiques qui savent reconnaitre les gens distingués"
(Edmond et Jules de Goncourt).

Bon jounen ak ou!

Nan okay, nou rele bòy sa yo "Donbrèy"Nou konn gou bouch nou cheri👌🏽
11/12/2025

Nan okay, nou rele bòy sa yo "Donbrèy"

Nou konn gou bouch nou cheri👌🏽

Adresse

Ville De Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sepounwè publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à Sepounwè:

Partager