21/10/2025
🇧🇷🗂️ NÒT ENFÒMASYON OFISYÈL — CAVB-2025-039
Konsènan VITEM III (Pwolonje) ak VITEM XI (Doleyans Regwoupman Fanmiyal)
Sant Resepsyon pou Demann Viza Brezil — , an kolaborasyon ak Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), ap pote yon nouvo enfòmasyon enpòtan pou tout moun k ap suiv pwosesis viza yo.
🔹 1. Pou moun ki te gen randevou sou Portaria 38 (randevou 2024)
Tout moun ki te deja pran randevou yo pou ane 2024 anba Portaria 38 la kapab kontinye vini pou jwenn yon lòt dat randevou pou yo depoze dokiman yo.
Sa vle di pwosesis ou pa pèdi, ou jis bezwen swiv nouvèl dat ou pral resevwa pou fini ak etap depo dokiman an.
🔹 2. Pou fanmi ki sou lis doleyans 2025 (VITEM XI)
Fanmi ki nan pwogram regwoupman familyal la pou ane 2025 yo kapab vini tou. Tout moun ap pase nan etap verifikasyon dokiman idantite yo anvan yo jwenn dat final pou depo dosye yo.
Ajan CAVB ak OIM yo ap òganize seyans sansibilizasyon pou ede w konprann chak etap pwosesis la, konsa ou pap pèdi enfòmasyon ni fè erè nan papye ou yo.
*📅 PERYÒD AK DAT VERIFIKASYON*
Kategori Peryòd Pwosesis Jou Verifikasyon OIM Taba
VITEM III Janvye → Desanm 2024 23 rive 30 oktòb 2025
VITEM XI Doleyans 2025 23 rive 30 oktòb 2025
🧾 SA W DWE FÈ KOUNYE A
✅ Asire tout dokiman idantite w yo valab e byen klè.
✅ Tcheke lis dokiman obligatwa yo avan ou vini.
✅ Vini alè nan dat verifikasyon w lan.
✅ Patisipe nan seyans sansibilizasyon yo — paske ajan yo la pou gide w epi eksplike tout etap yo.
💬 MESAJ ANKOURAJMAN “TI KOZE IMIGRAN”
Frè ak sè nou yo, nou konnen pwosesis sa a pran tan e pafwa konn bay anpil pasyans. Men sonje sa:
chak etap se yon pwogrè.
Si w te deja pran randevou, ou sou bon chimen — CAVB ap kontinye suiv tout moun nan lòd. Pa dekouraje, kenbe kontak ak bon sous enfòmasyon yo tankou paj Ti Koze Imigran ak sit ofisyèl OIM Haiti.
Bondye ap mache avèk nou nan tout pwosesis sa a.
Kenbe pasyans, rete enfòme, epi suiv direktiv yo.
| |
Priyorite nou se sèvi.