30/05/2026
🛑Èskew te konn. «Se moun ki touye moun nan ki level si se pa ou ki touye moun nan ou paka level, banm eksplikew ougan yo pwal gen pwoblèm avèk mw wi, lèw touye yon moun yo fè poud sa avèk yon pwason ki rele foufou, poud pou touye moun yo fèl avèk grapo tou wi, avèk mabouya tou, lè yo fin ba ou li se bloke li bloke yon selil nan ou ki fè kèw pa bat pandan yon nonm de tan
Siw fè twòp tan nan mòg wap mouri pou tout bon wi, si yo pa metew nan mòg, si se andeyò, andeyò kisa yo fè gen yon lòt poud nèg yo konpoze ki rele ti santi, malfektè a vini li lage ti santi a nan kay la mò a gentan paka rete ankò men se pa moun nan ki santi vre non, se poud ti santi a ki fè sa, poud ti santi a yo lage a tout moun gentan paka respire fòk yo antere mò a rapid vit, se poud la ki fè moun nan anfle, li bloke kè moun nan epil fè moun nan anfle
Li bloke yon selil nan moun nan fèl paka respire ankò Kounyeya yo oblije antre moun sa, Kounyeya gen yon antidòt yo pwal bay moun sa lèl fin antere pou yo kab level, menm jou yo anterel la yap vin level nan lannwit, 6 jou moun nan poko bon mouri a non, poud la bloke souf moun lan pou 6 jou, li bloke sibkonsyan moun sa pandan 6 jou, Kounyeya lè yo fin bay moun nan antidòt la yo level, gen de manje sil manje yo lap tounen nan bon sans li wi, lap konn tout moun menmjanl te ye avan ui
Yo byen dil wi: zonbi goute sèl li pa mande rete, gen yon seri de manje yo pa kite moun nan manje lèl fin zonbi, gen de manje sil manjel lap tounen moun menmjan, depi malfektè a fin touye moun nan li pase lakay ou li lage ti santi a se antere pouw antre mò a wi yo di mò paka rete ankò, yo bezwen li, li ka vini lakay ou li lagel konsa tou li ka voye yon moun vin lagel»
ba nou anpil sekrè wi. Ou te konnen bagay sa yo?
-divès Infos Visuel