27/03/2026
Istwa Noelia Castillo Ramos.
Se te yon jèn fi ki te gen tout lavi li devan li,jiskaske yon trajedi boulvèse tout bagay. Apre yon agresyon, li te eseye pran lavi li,men li pa t mouri. Li te rete vivan, men ak gwo doulè nan kò li, san li pa ka mache ankò, epi ak anpil soufrans nan tèt li. Chak jou te vin tounen yon batay pou li, pat gen lapè,pat gen repo. Se konsa li pran yon desizyon ki difisil anpil,li mande pou l mouri avèk diyite. Men sa pat fasil ,menm fanmi li pa t dakò. Sa te pran plis pase yon ane nan tribinal avan yo respekte desizyon li. Finalman, li mouri 26 mas 2026, nan peyi Espay 🇪🇸, atravè eutanasia,pa paske li pa t renmen lavi, men paske li pa t ka sipòte soufrans lan ankò.
Repoze anpè🕊️