
13/02/2025
Istwa Rankont nou pi bèl👫🫶🏼💃🏻
5e edisyon🫶🏼❣️
Istwa koup BernoLove👩❤️👨
Jwèt la Chanje
Nan lane 2015 aprè mwen Fi n pèdi Fi m te renmen e m te reve fè vi m Nan 💔
M te tonbe nan Yon basen chagren ki ta p neye kèm ❤🩹❤🔥 lesprim 🧠
kòm te mouye an tranp Kou kana AK dlo dezespwa 😭
Mfè Segond San yon konpay sou Kote m
Aprèsa m fini pa konpran n ke Lanmou ❤️ Sanble se Yon jwèt
pagen zafè dire nèt
Se fèt Jodi kraze demen épi refèt
Bon mpran desizyon m vin kanpe an bon jwè pou m jwe.💪🏽
Lèm antre Nan reto m vin gen yon zanmi
M t kòmnse renmen l 🥰San manti
Men domaj te gen gwo baraj paske l te gen mennaj 🫣
Laaa m di tèt mwen Sanble m pap gen yon bon mennaj.
Ane a pase konsa an zanmi jouk Ane fini.
épi nan Epòk mfèk fin pase Nan reto 👨🏽🎓
Pandan vakans la Mt sèl anketè Nan Santo Nan mennen ankèt sou fi 🔎poum fè jwèt 🤹🏽♂️
Men se Yon bagay m tap fòse fè paske Nan mwen vre m pa jilèt
Se konsa m te w yon bout demwazèl🙍🏽♀️ tou kout
Byen pwès malgre mpa t pè men chay dèyè l te banm anvi chante mès li
Men m te pè pwochè l paskem pat Konn mès li.
Sa pase konsa mntre nan filo épi lèm rantre nan klas la 🏫
kiyès mwè Kap defile lekòl la se Li
M pansem te nan rèv🛏️ mkale zyem 👀pou m wè
Epi m pran telefòn 📱 mwen m rele yon patnèm m di ou sonje ti Dam sa m tap mandew enfòmasyon sou Li an
Men m wèl vin lekòl la 🏫ane sa
Patnè a di m ebyen se chans paw pwofite
M di ok mpral postile pou m jwe.
Men paske m t Al lekòl la An sivil jou sa Li panse M te yon pwofesè🕴🏼 pou jan m te abiye Ak Yon valiz nan men💼
Men mpako Konn Kijan pou m apwòche l 🤦🏼♂️pou m pale avèl
Epi Nan rekreyasyon Li di Bonjou Mesye se ou ki rele Bernado a Stp?
M kontan Nan kè m souri nan moustach😀
paske Yon bagay map chache anlè m jwen n Li Devan m Nan epi m di Bonjou non mwen se Berno Li di an ok
M Konn wèw lèwap deklame🎤 Nan legliz ⛪mwen mache a
M di a bon ok e ou kijan ou rele Li di Love
M di ok m kontan rekonèt ou
Épi mwen ale nan bar la ap manje AK Yon patnè m
Li vi n achte tou epi mdi zanmi m Nan lage po sirèt 🍬sa nan do l pou mwen
Épi Li vire Li souri 😀
li di m poukisa ou lage pay la nan do m?
M di o konsa w akize m
M tou pwofite m di achte yon hot dog 🌭pou mwen stp
San ezite Li achte li
Mwen di Mèsi épi Li ale.
Antanke prezidan pwomosyon filo ak komite santral lekòl la m Santi m fyè men m te oblije jwe an kachèt paske m te gen lòt branch mpoze.
Lè lekòl la lage m swiv Li mwen monte Men m kamyomèt 🚌avèl epi letan pou machin nan chaje mkòmnse pale avèl
M di ou gen yon bèl bouch 👄m ta renmen goute l
Li ri li di sa prezidan an ap di m la🤦🏼♀️
Épi mwen mande l nimewo Li ban mwen l mbal pam nan tou m dil lèw disponib wa ekrim
Sanble l t tou disponib kou l rive Li ekri m se te epòk SMS Digicel.
aprè kèk mesaj SMS mwen vin fini épi m dil na pale demen sDv
San pèdi tan mwè minit monte Li relem
Li di m pou m fè SMS pou nou kontinye pale🗣️
M di bon ebyen Li Sousa jwèt la pral kòmanse
Ebyen sete byen jwen n byen kontre
Paske Li menm tou Li sot nan enpas Kote mennaj Li twonpe💔l yo kite
Li di Li pral jwe AK santiman gason
Mwen ki pa renmen moun banm défi 💪🏽
aprè plizyè Jou Li dim sa
M di a bon mbaw défi renmen😘 avèm pouw pa damou 🥰
Épi 17 oktòb Jou fèt masak *Dessalines*
nou fè premye ti sòti nou👫
nan tèt mwen map tou fè masak la épi lage pyem
Sot Santo pou n ale akayè Kay Yon kouzenm
pandan paranl panse li nan Kou ratrapaj 📚🖊️✏️📒
Poutan 🤣🤣🤣.
Lèn nap retounen Li te ta anpil🌙
paranl di Kou ratrapaj Pak lage ta🕕 konsa nan fè nwa sa
hmmm mpa kache di nou Li pran baton
Li rele m li di m sa epi Nan demen sDv Li vin lakay mwen
Mdi bon yo bat ou pou mwen yè swa épi jodia ou vin lakay mwen ankò?
Nan kèm m di apa m pranw la 🤣
Se konsa relasyon an ap kouri an kachèt
Nan lesprim se jwèt Koz M te toujou gen yon lot Branch
Men kòm Li timid Li pap pale avèm lekòl la
m tou pwofite sou sa pou m rete pwòch lòt moun nan
Epi Nan pita lè map travay AK Li Jalouzi eklate pale anpil 😡
M di Cheri se pa menaj 👩❤️👨ou kila non se pwofesè 🤵🏽♂a
tann lè nou fin travay siw gentan wa pale anpil AK mennaj 👩❤️👨ou a 🤣
Egzamen back vin rive
mwen reyisi👨🏽🎓
men Koz Li pat Al konpoze sou menm lekòl avèm Li di m Li pase tou.
Épi nan pede fè jalouzi🗣️ Li vin di m wa chwazi Li menm AK lòt moun nan
Mwen ki pat vin pou rete Mdi lòt moun Nan se Zanmim
Mpap kraze relasyon zanmitay sa pou pèsòn
Épi nou kite 💔
M di ok men m te toujou Konn Al lakay Li paske Manmanl🧑🏾🦳 te renmenm 😘malgre nou potko deklare relasyon an ❤️
Men se granmoun Li wè lwen
Depim pase Yon semèn mpa vinn lakay Li
manman🧑🏾🦳 an fache😡 Li relem poum vini
Men mwen AK Love se sèlman salitasyon kite Genyen
Mkòmnse wè an reyalite mpou kont mwen vre 😢
Msanti lèm wèl map deranje 😣
Epi Fi a AP vin pi bèl se tankou tout rad 👗Li mete vin Nouvo anfen
Mdi woyy Sanble mdamou 🥰🥰
m di a map mande Fi a tounen
Hmmm Anba Redi pale anpil😡🗣️🗣️
🤔Epi mfini pa Rann kont fòk mkite moun mwen renmen an😘 pou moun mwen damou an 🥰
Aprè 1 an kite nou retounen
Mwen kòm entelijan mkouri prezante paranm Li poum ka mare pye l tou
Jou kite🗓️ 3 Novanm 2017 la
Aprè kèk tan pase
Yon Jou nou sot Nan jèn⛪
se lè sa lap avwem ke Li pat jwen fich Nan filo vre
Lap mandem eskiz 🙏pou manti a
menm Manmanl pat konnen
Msantim pran Yon kout kouto🤦🏼♂️ mdi se Kou mdamou🥰 an
Li vin dim sa mfche😡
mfè nwit Ap réfléchi🤔
Li ekrim lèt Mandem padon 🙏ekrim SMS mpa reponn.
Épi nan demen sDv mal lakay Li byen deside Mdi bonjou
Mapbaw 2 chwa
1) wap rele manmanw ou metel chita ou rakontel Sak pase a an prezans mwen
2) Jan sa ye wap tounen lekòl
Oubyen mwen AK ou nou kite paske fiti manman pitit mwen padwe nenpòt moun
Sa te di pou l te rakonte Manmanl🧑🏾🦳 sa
men lè l Gade lap pèdi m vre Li oblije pran kouraj Li te rakonte Manmanl sa
Nou pa mande m pawòl nou konn Kijan paran Ayisyen renmen fè dyòlè pou pitit yo
kite gentan di moun pitit Li fini nan filo🧑🏾🎓
épi kap fè demach pou inivèsite🏥
Kounya Li santil wont poul di moun sa yo sete manti
Manman 🧑🏾🦳an Di
Li menm Li te gntan konnen pitit Li fin lekòl 🧑🏾🎓
Li pagen Yon goud 💵lap bay pou lekol ankò sa pa gadel
Mwen di ok manmi chéri ou gen rezonw
men Koz se fiti madanm👰🏽 mwen Li pap ka rete avèm sanl pa filozòf mpran desizyon map peye lekòl pou Li
Li dim sa se zafèw mwen mpa la
Mdi ok mprè poum afwonte nenpòt obstak la💪🏽 paske fòk Li gen men m nivo avèm.
Épi mchita ak Love mdi chéri ok mpadonew
men wap oblije mache sou prensip map baw yo WI
1) *Se mwen Kap chwazi lekòl pou ou*
2) *ou pral travay nan maten épi ou pral lekòl nan aprè midi*
Nan fè demach pou enskripsyon lekòl
Map dekouvri nan lekòl Kotel teye a direktè a te pati lekòl la vin gen yon lòt staff yo dim pou m peye 1000$
pou fè rechèch AK de nesans lan sèlman e si yo pa jwen Li yo paka fè anyen pou mwen
Mdi ok kitel 😡
Mdi Bb an n ale epi mwen rele yon kontak mfè yon lòt ak de nesans mtou fè ekstrè dachiv Li
Map dekouvri ankò Li te gen pwob Nan reto kifè fich Li pat sòti
Sa pa Anyen paskem damou🥰🤣
Mwen miltipliye kontak toujou mpeye mrezoud pwob lan
Mwen tap fè kou lekòl nan maten épi Mt oblije Al travay Nan yon makèt 3è pou minwi pandan 5mwa poum ka jwen kòb💵 poum peye lekol medam yo
Nan epòk sa tisèm ta pral nan egzamen 9èm kite sou kont mwen tou poum peye lekòl okontrè chak mwa se mwen ki pou chache 150$ met sou kòb la bay direktè a poum peye paske Sam tap touche a te enferyè AK Sa m tap peye pou tisèm AK mennaj mwen
e mwen se premye pitit gason fanmi an
ou Konn sa sa vle di 1er pitit an Ayiti.
Nan telefòn map travay avèl Ak lèm gen tan lib poum Al travay avèl lakay Li.
Sakrifis sayo yo te vin Malad Nan lestomak
mkonn krache San🩸
men Mte knbe sa sekrè
em pat gen mwayen ankò poum te achte yon grenn pou doulè vwa poum t Al lopital
Men BonDye te rekonpanse efòm yo mennaj mwen te reyisi tisèm te reyisi tou.
Li kriye 😭anpil Jou sa se lè sa fi a vin damou 🥰
paskel wè sakrifis mfè pou Li Fini AK lekòl
Li di Li t fin dekouraje men mwen pat sèlmn dil tounen lekòl men Mte aji an konsekans tou pou l te filozòf.
1 an aprè pou premye fwa Mt òganize yon spektak sipriz🍾🎂🎼 pou Li Jou fèt Li
kèl manke rete😱😭.
Kèk tan aprè mvin bal sipriz nou fiyanse 💍
se lè sa kite gen rèl 😭
mwen te vin pi damou🥰 tou paske Li rekonesant 🙏
Tout moun nan Santo te konnen relasyon nou paske ou pap wè Berno sanw pawè Love
e nou te vin Yon modèl pou anpil jèn e men m moun kite marye deja tou
2 zan aprè nou rive marye 👰🏽🤵🏽♂13 Août 2022
E maryaj nou fòme 2 lòt koup ankò gras AK bon egzanp nou bay Nan kominote a.
Men Lanmou m pou Love pat kanpe menm aprè mariaj nou okontrè pandanl ansent 🤰🏽Jou fèt Li
mwen mare komplo ak Elèv kite Nan lekòl nòmal avèk liyo mwen Bali sipriz fè mizisyen vin chante pou li🎻🎷
Mwen pote flè 🌺 pou madanm mwen se te anpil jwa
Msonje Li di bon papi mansent🤰🏽 wap banm sipriz siw bay bb a pwoblèm
Mdi WI map gatel dépi Nan vant map montrel kijn poul byen trete madanm pal tou ❤️
Nou sou 2 zan maryaj pral sou 3
BonDye ba nou yon bèl pitit gason👩🏽🍼👨🏽🍼
Relasyon nou pa baze sou anyen ke lanmou
E jiskaprezan Lanmou an toujou ret jèn nan kè ❤️ nou Youn pou lòt
Nou toujou fè ti womans 👩❤️👨 nou ti sòti Al Nan hotel 🏨
Nan pisin👙
Nan konsè etc...
Pou Lanmou nou toujou gen s*k ladanl menm si pafwa gen ti piman😡 tou
men nou paka Viv San lòt rapid nou rekole👩❤️👨
Sa vle di jwèt la Chanje an damou🥰
Paske mwen se Yon dyaman 💎 presye pou Li
e Li se 👑yon pèl ra 💍pou mwen
E nap damou🥰 jouk Lanmou mouri
Paske men m lanmò ⚰️paka tiye Lanmou ki Nan kè nou.
Em pap janm sispann di tou patou
Mwen renmen Love
Sete istwa
Koup BernoLove
Joseph Berno & Joseph Love Betina❤️❤️❤️❤️
Share & Like🔥🔥