02/10/2025
Yvens Analyz-Idée Yon vwa pwisan sou sèn evanjelik ayisyèn nan Port-au-Prince, Haïti – Nan sèn evanjelik ayisyèn nan,
Non Yvens Analyz-Idée vin tounen yon referans. Yon evanjelis, adoratè, teolojyen, otè, vizyonè, maestro ak atis konfimé, li se yon figi ki chwazi sèvi ak mizik pou pote yon mesaj ki depase limit amizman. Pou anpil moun, Yvens pa sèlman yon atis, men yon sèvitè ki sèvi Bondye ak tout kè l.
Dezyèm nan kat pitit nan fanmi l, men premye pitit gason,
Yvens se premye ki te pran desizyon konvèti.
Nan février 2010, li te fè premye etap li nan lafwa, men se nan avril 2010 li te vire do definitivman bay ansyen vi l pou fè Kris vin sant lavi li.
Mizik se te toujou pasyon li depi anfans. Pandan adolesans li, li te plis atire pa mizik mondyal tankou :
Dancehall,
Reggae,
R&B,
Hip-Hop
ak Techno.
Men rankont li ak Kris la vin transfòme direksyon mizikal li nèt.
Anvan konvèsyon li, Yvens te fè pati plizyè gwoup atistik tankou :
Deadline Code,
Magic 509,
ak Black Houseless Camp.
Li te patisipe tou nan Konkou Ticket Max .
Nan kòmansman 2010, li te fè yon ti pasaj nan gwoup Praise the Lord, kote li te kolabore nan yon videyo mizik ki make anpil : “Gen yon jou ka plis ke yon syèk.”
Aprè konvèsyon li,
li te antre nan gwoup D-CHRIST (2010–2017),
kote li te jwe wòl maestro e, soti nan 2014 rive 2017, li te pran direksyon gwoup la.
Nan sektè evanjelik la, Yvens bati non li atravè kolaborasyon ak plizyè atis respekte. Li fè “featuring” ak
Fre Gabe (M pap tounen),
Stephie Pierre (Jezi mwen renmen w),
Camille Jean Ralph Datus Maestro (Eske w valide),
(Bien vire), pami lòt ankò.
Travay li pèmèt li monte sou gwo sèn tankou :
Festi Glory and Praise
Kirk Franklin Live in Haiti 2016
Haïti en Louange
Apre eksperyans ak gwoup yo, Yvens lanse karyè solo li. Stil li pote yon melanj rap, chant ak adorasyon, ak yon mesaj ki chaje ak Lespri. Sou YouTube, mizik tankou , Oh, mon âme ak Jezi sifi pou mwen touche kè anpil moun.
Pou Yvens Analyz-Idée, mizik se plis pase atis. Li wè tèt li kòm yon vizyonè k ap chèche leve jenerasyon jèn yo, pote yon son ki inik pou Legliz la, epi enspire tout moun ki swafon pawòl Bondye atravè mizik.
Avèk yon vwa ki fò, yon stil ki melanje talan ak espirityalite, Yvens Analyz-Idée kontinye make tan l sou sèn evanjelik la. Travay li montre ke mizik kapab yon zouti pa sèlman pou enspire, men pou mennen moun pi pre Bondye.
fans