17/05/2026
Èske sa rive w deja w pran tan pou tande mizik Loutchina DÉCIUS la ki rele “ Moun pa konn Renmen konsa “ ?
Jèn chantez la montre atravè mizik sa, si li pa tap evolye nan sektè evanjelik la, gen anpil atant melomàn nan endistri mizikal ayisyèn nan li tap ka konble. Nouvo mizik sa mache anpil sou rezo sosyal yo. Se yon mizik ke nou pran plezi tande nan OG Promo Haïti.
Nou espere mond evanjelik la akonpanye jèn chantez la paske pou gwosè talan sa nou wè’l genyen lakay li a, li se yon atis ki ta sipoze byen lwen (afiche prèske chak jou, vwayaje souvan pou al pèfòme).
Èske se ap yon peche si chantez la ta afiche nan yon pwogram oubyen yon festival ki pa gen anyen pou wè ak mond evanjelik la ? Dènye mizik li a tèlman bèl, sèl grenn mizik sa ta sipoze fè atis la pete plafon.