20/08/2025
... Feuilleton
WOLSONDESIGN -- FULL TALENT 509
FACEBOOK : Le Grand Ardo
YouTube : Le grand Ardo
TIKTOK : le_grand_ardo1
Téléphone : 35544679
Pa bliye moun ki gen plis "PREMYE KÒMANTÈ" a ap gen yon rekonpans sou Mon Cash oubyen Natcash
💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎💎
LA JALOUSIE & DESTIN CROISÉ
S1 - EP 22
Papa a chita ak figi li sere. Ardo chita anfas li.
Papa (gade Ardo nan je l) ::::::::::::::: Pitit mwen, mwen gen yon kesyon m vle poze w. Lè w te pran bal la, èske w te wè byen kilès ki te tire sou ou a ?
Ardo (respire fon, gade atè, panse lontan anvan li reponn) ::::::::::::::: Mwen pa sonje vizaj moun nan papa, tout jan mwen fè pou m wè si imaj li te ka monte nan panse m, mwen pa ka sonje kilès moun.
Papa ::::::::::::::: An ok, petèt lespri w ki pa ko anpè, m ap ba w yon ti tan toujou. Èske w nan kont avèk moun, Ardo ?
Ardo ::::::::::::::: Non papa, mwen pa konn nan kont ak moun.
Papa ::::::::::::::: Yon moun vin jis nan zòn kote w abite, li tire sou ou, sèke sa te planifye. Omwen si se te nan lari ou t ap pase, mwen te ka di yon bal mawon w ou pran.
Ardoo ::::::::::::::: Antouka papa, mwen pa nan kont ak pèsonn.
Papa ::::::::::::::: Mwen swete sa, mwen pavle soti pou m fè kou rate. M ap vini, mwen pral nan biro m.
Ardo ::::::::::::::: Dakò papa
Aprè Ardo fin pale ak papa li, l ap reflechi sa k pase li konsa, li paka sonje kilès ki te tire sou li a. Ardo rale telefòn li, li gade mesaj li pa janm reponn yo. Li reponn mesaj Wislove ki gen plis pase 2 mwa depi lè Wislove ekri li.
Ardo (sou telefòn)::::::::::::::: Salut Wislove
Wislove (etone)::::::::::::::: Men, se ou vre, Ardo?
Ardo ::::::::::::::: (souri anmè) Wi se mwen kkt, mwen vivan men pa vivan nèt. Mwen gen twòp chay sou tèt mwen.
Wislove ::::::::::::::: Kòman sa, ou pa vivan nèt ?
Ardo ::::::::::::::: Manman m mouri, lespri m poko ka kanpe.
Wislove ( Tris) ::::::::::::::: condoléances Ardo.
Ardo ::::::::::::::: Mèsi.
Wislove (vwa ap tranble) ::::::::::::::: Ardo, ou pa t janm soti nan panse m Ardo, mwen te chagren anpil, sitou mwen patka al wè w, mwen pa konn kote w abite.
Ardo::::::::::::::: Sa touche m wi. Mèsi paske w pa bliye m, ou fè kè m vin pi lejè ak pawòl ou yo. Mwen wè gwoup la kraze, sak pase menm !?
Wislove::::::::::::::: Boo depi lè nou pa tande w la, gwoup la fini nèt. Tout timoun yo kouri, Wood soti, chak moun pran chemen yo.
Ardo (soupi) ::::::::::::::: Mwen konprann. Chak bagay gen yon fen.
Wislove ::::::::::::::: Mwen kontan retrouve w Ardo.
Ardo ::::::::::::::: Ni mwen Wissou.
Wislove ::::::::::::::: Kijan Naj la ye b ?
Ardo ::::::::::::::: Nan moman an la, mwen pa gen naj, kè m vid. Men mwen gen youn ki renmen m men kè m pavle asire nan li.
Wislove ::::::::::::::: Sak pase menm, ou te kite ak naj ou a?
Ardo ::::::::::::::: Wi, jan mwen te di w la, jalouzi fè fanm sa kite m, men li gen rezon li, yon rezon ki pa vrè pou mwen.
Wislove ::::::::::::::: Pwoblèm wi b.
Ardo ::::::::::::::: Wi b.
Wislove ::::::::::::::: Konsèy mwen pou ou, aprann renmen moun ki renmen w lan. W ap jwenn ti panik men w ap plis rejwi nan lanmou sa, paske kè li louvri pou ou, l ap pè blese w.
Ardo ::::::::::::::: Mèsi pou konsèy la bb, men mwen pa kwè m ap renmen yon lòt fi nan nivo mwen te renmen Fedna a.
Wislove ::::::::::::::: Hmmm Antouka Ardo eseye.
Yo kontinye pale, yo fè plis pase 2 zèdtan, yo ri, yo chagren ansanm.
Fedna chita nan chanm li, l ap pase ak Ardo
Fedna ap panse lè li te ale wè Ardo a, kijan prezans li te enpòtan pou Ardo, se gras ak li ki fè Ardo pale,l ap panse jan Ardo renmen li poukisa li menm li rete lwen Ardo, li pa ka antann li ak Ardo. Fedna ap gade videyo li menm ak Ardo ni foto yo, dlo ap koule nan zye li, li anvi rele Ardo nan telefòn men li pa fè sa.
Li pran telefòn li, antre nan konvèsasyon li menm ak Ardo, l ap gade.
Fedna ::::::::::::::: (zye ap wouze) Non, mwen p ap rele l, mwen p ap voye mesaj. Mwen pa vle retounen nan soufrans sa ankò, menm lè kè m ap kriye pou li, mwen renmen l, m ap rete nan distans mwen.
Fedna mete kas nan zorèy li, li kouche.
Yon semèn aprè. Fedna resevwa yon mesaj.
Mesaj Ardo
Bonjou Fedna, m espere ou anfòm. Pou mwen, mwen pa fin byen. Gen yon moun m renmen anpil men mwen pèdi direksyon kè li. Se vre nou pa pale, men chak jou nan panse mwen, ou la. Sant ou toujou kole ak mwen, je m toujou sonje bote ou. Mwen pa janm sispann renmen w.
Fedna li mesaj la, men li pa reponn touswit. Li pran telefòn lan sou kè li, li fèmen je li, dlo koule nan je li.
Ruth chita ap pale ak Shaklya y ap ri. Shaklya pote yon lide.
Shaklya::::::::::::::: Ruth, e si nou ta kreye yon kont TikTok pou nou mete videyo dans nou yo?
Ruth::::::::::::::: (ri) Ala ou renmen fè plan wi Shak! Men se vre sa ka ban nou plis enèji. Men fòk Moïcha ladan l tou.
Shaklya::::::::::::::: Byen di! Nou pral rele l Stars Dance. Se konsa n ap klere sou rezo yo.
Yo ri, yo planifye premye videyo a. Ruth jwenn yon ti souri nan mitan doulè li.
Konvèzasyon Emerson ak Robenson
Emerson ::::::::::::::: Baz, fòk nou mande Ardo kilès ki te tire sou li a wi bigo, nou pa janm poze misye kesyon sa non.
Robenson ::::::::::::::: se pa manti non, petèt Ardo te ka konn moun nan baz.
Emerson ::::::::::::::: Mwen p ap ka ale konnya non, mwen gen yon bagay pwojè mwen pral jere ak mennaj mwen an, nou pral mete yon biznis sou pye.
Robenson ::::::::::::::: Se enpòtan wi.
Emerson ::::::::::::::: Anpil.
Robenson ::::::::::::::: Yow baz, kisa w panse m ta fè, kite fanm nan pou Ardo nèt oubyen toujou tante?
Emerson ::::::::::::::: Konsèy mwen pou ou, kite fanm nan al jwenn moun li renmen an, yo pa fòse lanmou, depi w nan relasyon pa pitye w ap soufri anpil baz.
Robenson ::::::::::::::: Sak raz la, Ardo pa renmen manzè non, depi mwen wè moun sa yo ansanm, mwen fè anpil jalouzi wi baz, tèlman mwen renmen Fayoo.
Emerson ::::::::::::::: Se konsa lavi a ye wi baz, men w pa ka kont sa, se pa sa Fayoo ta vle, si se fayoo ki t ap deside, li t ap renmen moun ki renmen li an, pa m nan se desten ki ban mwen li, jan nou kwaze a baz, sa a, se pa m nan li ye.
Robenson ::::::::::::::: M ap kite manzè al jwenn moun ki vle a, kòm Ardo se frè nou, pi bon zanmi nou, pa gen gwo pwoblem, se toujou menm baz la.
Emerson ::::::::::::::: Se sa wi baz.
Ardo di mwen pa tande Wood non, misye pa janm vin wè m menm. Banm eseye rele misye.
Ardo ap eseye rele Wood.
Wood ( Etone) :::::::::::: oh, se pa Ardo ki rele m la, oh mwen panse misye mouri wi. Ban mwen pral apèl la
Wood (sou telefòn)::::::::::::::: Ohhh! bazz, Monchè, mwen te panse ou mouri!
Ardo (ri anmè) :::::::::::::::::: ou lage m baz, nou leve depi timoun nan menm katye, mwen malad jis mwen geri, ou pa vini wè mwen bro.
Wood ::::::::::::::: Ardo, se pa fòt mwen, mwen pran nouvèl yo, mwen pa la bro, n ap wè wi. Kilè ki te ba w bal sa bro, mwen ka vanje pou ou wi bro.
Ardo ::::::::::::::: Mwen pa sonje ki moun bro memwa m pa klè pou sa menm.
Wood ::::::::::::::: An ok, m ap tann lè w sonje baz. Men gen yon bagay ou fè m baz, si w pa t zanmi m. mwen te ka vin vitim ou wi bro.
Ardo ( Panse) ::::::::::::::: kisa bro?
Wood ::::::::::::::: Ou plimen madan mwen bro, ou trayi m baz.
Ardo ::::::::::::::: Se pa fòt mwn baz, m ap eksplike w kijan sa te rive fèt.
Ardo eksplike Wood kijan li te fè kouche Winny. Wood padone Ardo paske li konprann Ardo, li konnen Ardo pa vagabon nan sans sa.
Aprè Wood fin pale ak Ardo, Richard t ap tande konvèsasyon Wood ak Ardo yo. Richard pwoche Wood pou li ka konn plis.
Richard ::::::::::::::: Ou te di m Ardo mouri.
Wood ::::::::::::::: Se sa mwen te panse paske mwen pa t janm wè li anlign sou sou whatsapp ni sou Facebook. Mwen pa t janm kwaze avèk li.
Richard ::::::::::::::: Toutglwa pou gran espri ki fè li rete vivan an.
Wood ::::::::::::::: Depi mwen konnen moun ki tire sou Ardo a m ap touye li, misye two bon moun, misye pa janm di yon moun fout non, li respekte moun anpil, depi w rive sou misye w ap wè sa.
Richard ::::::::::::::: Kijan misye fè pran bal sa, li te nan kont ak moun, piga se pou fanm nan, misye genlè se yon jilèt nan madan nèg yo deyò a, nèg poze sa yo se yon jilèt wi nan fan moun. Menm madan zanmi l misye koupe.
Wood ::::::::::::::: Non misye pa gen plizyè fanm, misye eksplike m kijan li te fè plimen Winny, sa te ka rive tout gason.
Richard ::::::::::::::: Ou di w ap vanje pou misye piga se ou ki viktim, fè pridan wi bro, mwen pa p ka avè w nan kou sa koz misye pa zanmi m, mwen pa konnen li.
Wood ::::::::::::::: M ap jere sa bro.
2 jou aprè nan maten vè 10hr. Fayoo vin wè Ardo
Fayoo rive ak fwi ak ji natirèl. Li antre ak yon gwo souri.
Fayoo (dous) ::::::::::::::: Ardo, mwen pote fwi pou ou. Pou ou repran fòs ou.
Ardo ::::::::::::::: (soupi) Mèsi Fayoo. men mwen pa twò anvi manje.
Fayoo::::::::::::::: (chita bò kote l, pran men l) Ardo, mwen pa la sèlman pou manje, mwen la pou ou. Depi lontan, mwen santi lanmou mwen pou ou. Ban mwen yon chans, kite m okipe kè ou.
Ardo ::::::::::::::: (souri, je l mouye) Mwen wè ou sensè Fayoo. M ap ba ou yon chans.
Fayoo kriye nan lajwa, li vlope bra l sou Ardo. Yo souri, yo santi yo jwenn lapè yon ti moman.
Richard ap panse
Nan lannwit, Richard ap mache nan yon lakou fè nwa, l ap pale pou kont li.
Richard ::::::::::::::: Si memwa Ardo pa t mare, li ta ka denonse m. si mwen pa t gentan mare memwa misye, mwen t ap kaka la. Men kounya Wood vle pran revanj pou li, fòk mwen fè pridan ak Wood oubyen m ap oblije elimine Wood anvan li elimine m. Konnye a, gade nan kisa jalouzi mete m.
Beljean Elienne Beljean se premye moun ki fè kòmantè, mèsi pou sa.
💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫
PATAJE SVP, REYAJI, FEYTON AN AP BÈL, N AP JWENN BÈL LESON, BÈL PAWÒL.
💫💫💫💫💫💫💫💫💫RETE BRANCHE 💫💫💫💫💫💫💫💫💫💫