06/04/2026
* Politik se yon syans, gen yon jan sa fèt
Nan yon sosyete ki gen anpil injistis ak enegalite , se devwa chak sitwayen pou yo patisipe nan zafè politik . Men se ki politik ? Èske se politik" par moi et pour moi"? Politik ki pa teni kont de rayalite popilasyon an?
Pa bliye , Politik se tout aktivite, ide oubyen aksyon ki gen rapò ak Òganizasyon e jesyon sosyete a. Donk byennèt popilasyon an ta dwe bousòl tout moun kap fè politik . Pa bò isit li pa konsa.
Si nou ta fè yon ti konsiderasyon sou ideyoloji Karl Marx sou politik , dabò nou tap mete enterè kolektif la avan E nou tap refize sistèm ki konsantre richès lan yon ti gwoup moun oubyen yon sèl. Se Sak fè nan ane 1840 Yo nan anpil doliman li ekri ,li te kritike pouvwa anpil . Sa tou ki ta pral abouti « avec la publication du manifeste du parti communiste en 1848 « pou te prone yon lòt politik. Bref
Fè yon bon politik se tande vwa pèp la , se konprann bezwen yo epi aji . Se mete enstitisyon ki pou sèvi popilasyon an . Se ankouraje moun vin Bay ide yo ,travay pou chanjman paske yon sèl moun pa fè chanjman . Se la li mande Fòk moun kap fè politik gen background ase pou mennen nou la.
Mw swete nou konsyan de sa ki ap tann nou nan mwa ou ane kap vini yo . Reflechi avan nou aji paske avni pitit nou ,fanmi nou depan de ou. Batay pou yon lòt modèl politik ,pou yon lòt kominote.
NOU AN 2026 , NOU PAKA AP AJI KÒM SI NOU TE AN 2006.
YON LÒT GENERASYON , YON LÒT KOMIN
WILBERSON BERGER
Économiste /Journaliste