04/10/2026
Federasyo ayisyen foutbòl (FHF) pran pozisyon sou selebrasyon Wilson Isidor apre viktwa Ayiti sou Repiblik Dominikèn
Pòtoprens, 3 oktòb 2026 — Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) reyaji ofisyèlman sou konfli ki leve apre selebrasyon atakan ayisyen Wilson Isidor te fè pandan epi apre viktwa Grenadye yo 4-1 sou Repiblik Dominikèn.
Nan yon kominike ofisyèl ki pibliye 3 oktòb la, FHF fè konnen li pran konesans reyaksyon ki te fèt sou selebrasyon Wilson Isidor la. Federasyon an estime selebrasyon an dwe konsidere nan kontèks espòtif match la, ansanm ak atachman jwè a genyen pou orijin li ak peyi li.
Yon selebrasyon ki lakòz gwo reyaksyon
Wilson Isidor te jwe yon wòl enpòtan nan viktwa Ayiti a. Atakan an te make 2 gòl, pandan Ayiti t ap domine Repiblik Dominikèn 4-1 nan Santo Domingo, nan dat 1ye oktòb la.
Apre youn nan gòl li yo, kèk deklarasyon ak jès jwè a te lakòz gwo diskisyon, sitou nan Repiblik Dominikèn. Pami pawòl ki te sikile yo, Isidor te deklare: « Hispaniola, c’est Haïti ! Ici, c’est Haïti ! », sa ki te pwovoke reyaksyon nan plizyè sektè dominiken.
FHF mande pou yo pa depase kad espò a
Nan kominike li a, FHF rekonèt pawòl ak jès selebrasyon an kapab jwenn diferan entèpretasyon. Sepandan, federasyon an mande pou yo pa bay selebrasyon an yon sans ki depase kontèks espòtif la.
FHF raple tou rivalite ki genyen ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn sou teren foutbòl la pa dwe tounen yon sous tansyon ant pèp ayisyen ak pèp dominiken.
Federasyon an mete aksan sou yon prensip li konsidere kòm fondamantal: sou teren an gen konpetisyon, men deyò teren an dwe gen respè.
Anbasad Ayiti pran distans ak deklarasyon yo
Konfli a te depase kad foutbòl la. Anbasad Ayiti nan Santo Domingo te deja pran pozisyon pou raple respè Ayiti genyen pou souverènte, entegrite teritoryal ak enstitisyon Repiblik Dominikèn. Anbasad la eksplike deklarasyon kèk jwè yo te fèt nan chalè konpetisyon an e yo pa reprezante pozisyon gouvènman ayisyen an.
Sou bò pa li, Federasyon Dominikèn nan te fè konnen li konsidere pawòl yo kòm yon mank respè e li te anonse posibilite pou li pote dosye a devan FIFA ak Concacaf.
Foutbòl dwe rete yon espas pou ini pèp yo
FHF pwofite kominike a pou l lanse yon apèl pou kalm, respè ak fair-play. Federasyon an mete aksan sou lefèt ke foutbòl pa dwe sèvi kòm yon zouti pou ogmante tansyon ant de pèp ki pataje menm zile a.
Pou anpil fanatik ayisyen, selebrasyon Wilson Isidor la te sitou yon ekspresyon fyète apre yon gwo viktwa. Men, reyaksyon ki fèt apre match la montre jan rivalite foutbòl ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn rete yon sijè ki sansib.
FHF mande tout moun — jwè, sipòtè ak lòt aktè foutbòl yo — pou yo mete responsablite, respè ak fratènite devan, pandan y ap prezève pasyon ak fyète ki fè foutbòl la tèlman enpòtan.
Sou teren an: konpetisyon.
Deyò teren an: respè.
Raphaël samuel
Radio Télé Lakay